Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Kings 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Joram son of Ahab became king over Israel in Samaria in Jehoshaphat king of Judah's eighteenth year, and reigned twelve years. Alò Joram, fis Achab la te devni Wa sou Israël nan Samarie nan di-zuityèm ane a Josaphat, wa Juda a, e li te renye pandan douzan.
2 He did evil in our Father's eyes, though not like his father and mother, for he removed the sacred pillar of Baal his father made. Li te fè mal nan zye SENYÈ a, malgre, se pa tankou papa li avèk manman li. Paske li te retire pilye sakre a Baal ke papa li te fè a.
3 Yet he clung to the sins of Jeroboam son of Nebat, who led Israel to sin; he did not turn from them. Sepandan, li te kenbe rèd a peche Jéroboam, fis a Nebat la. Avèk sila li te fè Israël peche a. Li pa t kite yo.
4 Mesha king of Moab raised sheep and paid the king of Israel 100,000 lambs and the wool of 100,000 rams. Alò, Mesha, wa Moab la te yon mèt ki fò nan pran swen mouton. Li te konn peye wa Israël la avèk lenn a san-mil jenn mouton ansanm avèk lenn san-mil belye.
5 But when Ahab died, the king of Moab rebelled against the king of Israel. Men lè Achab te vin mouri, wa Moab la te fè rebèl kont wa Israël la.
6 So King Joram set out from Samaria at that time and mustered all Israel. Konsa, wa Joram te kite Samarie nan tan sa a pou te rasanble tout Israël.
7 He went and sent word to Jehoshaphat king of Judah: "The king of Moab has rebelled against me. Will you go with me to fight Moab?" He replied, "I will go up. I am as you are, my people as yours, my horses as yours." Alò, li te voye kote Josaphat, wa Juda a. Li te di: “Wa Moab la te fè rebèl kont mwen. Èske ou va monte avè m pou goumen kont Moab?” Li te reponn: “M ap monte. Mwen tankou ou menm e pèp mwen an tankou pèp pa w la, cheval mwen yo tankou cheval pa ou yo.”
8 He asked, "Which way should we go up?" He answered, "The way through the Edom desert." Konsa, li te mande: “Nan ki chemen nou dwe monte?” Wa Joram te reponn: “Pa chemen dezè ki nan Édom an.”
9 The king of Israel set out with the king of Judah and the king of Edom. They marched a roundabout route seven days, with no water for the army or the animals following them. Konsa, wa Israël la te ale avèk wa Juda a ak wa Édom an e nan vwayaj la, yo fè yon tou mache pandan sèt jou, e pa t gen dlo pou lame a ak pou betay ki te swiv yo.
10 The king of Israel said, "Alas! For our Father summoned these three kings only to give them into the hand of Moab." Alò, wa Israël la te di: “Elas! Konsa SENYÈ a te rele twa wa sa yo pou lage yo nan men Moab.”
11 But Jehoshaphat said, "Is there no prophet of our Father here, to ask our Father through him?" One of Israel's king's servants answered, "Elisha son of Shaphat is here, who poured water on Elijah's hands." Men Josaphat te di: “Èske pa gen yon pwofèt SENYÈ a isit la, pou nou kapab fè demann SENYÈ a pa li menm?” Youn nan sèvitè wa yo te reponn. Li te di: “Élisée, fis a Schaphath la, ki te konn vide dlo sou men a Élie yo isit la.”
12 Jehoshaphat said, "The word of our Father is with him," so Israel's king, Jehoshaphat, and Edom's king went down to him. Josaphat te di: “Pawòl SENYÈ a avèk li.” Konsa, wa Israël la avèk Josaphat, avèk wa Édom an te desann kote li.
13 Elisha asked Israel's king, "What business is between us? Go to your father's and mother's prophets." The king said, "No—our Father called these three kings to hand them to Moab." Alò, Élisée te di a wa Israël la: “Kisa m gen avè w? Ale kote pwofèt a papa ou avèk pwofèt a manman ou yo.” Wa Israël la te reponn: “Non, paske SENYÈ a te rele twa wa sila yo ansanm pou livre yo nan men a wa Moab la.”
14 Elisha said, "As the Father of heaven's armies lives, whom I serve, if I didn't respect Jehoshaphat king of Judah, I wouldn't look at you or notice you. Élisée te di: “Jan SENYÈ a viv la, devan sila mwen kanpe a, si se pa ke m respekte prezans a Josaphat, wa Juda a, mwen pa t ap gade ou, ni wè ou.
15 Now bring me a musician." When the musician played, the hand of our Father came on him. Men koulye a, mennen ban mwen yon mizisyen.” Epi li te vin rive ke lè mizisyen an te jwe, men SENYÈ a te vini sou Elisée.
16 He said, "This is what our Father says: Make this valley full of ditches. Li te di: “Konsa di SENYÈ a: ‘Fè vale sila a vin ranpli avèk kanal.’
17 For this is what our Father says: You will see no wind or rain, yet this valley will fill with water, and you will drink—you, your livestock, and your animals. Paske konsa pale SENYÈ a: ‘Ou p ap wè van ni ou p ap wè lapli. Malgre sa, vale sila a va vin ranpli avèk dlo pou nou kab bwè; ni nou, ni bèf nou yo, ni bèt nou yo.
18 This is a trivial thing in my eyes; he will also give Moab into your hand. Sa se sèlman yon tikras bagay nan zye SENYÈ a. Anplis, Li va livre Moabit yo nan men nou.
19 You will strike every fortified city and every choice city, cut down every good tree, stop up every spring of water, and ruin every good field with stones." Konsa, nou va frape chak vil ki fòtifye e chak nan pi bèl vil yo, koupe mete atè tout bon pyebwa, bouche tout sous dlo e gate tout bon mòso tè avèk wòch yo.’”
20 At morning, at the grain offering, water suddenly came from the direction of Edom, and the land filled with water. Li te vin rive nan maten vè lè pou ofri sakrifis la, ke vwala, dlo te sòti vè direksyon Édom e peyi a te vin ranpli avèk dlo.
21 All Moab heard the kings had come up to fight them, so every man old enough to bear arms and up was mustered; they took their stand at the border. Alò, tout Moabit yo te tande ke wa yo te monte pou goumen kont yo. Epi tout moun ki te kapab, te mete vètman pwotèj yo e sila avèk plis laj yo te resevwa lòd pou vin kanpe sou lizyè fwontyè a.
22 They rose early; the sun shone on the water, and Moab saw the water opposite them red as blood. Yo te leve bonè nan maten, solèy la te vin klere sou dlo a, e Moabit yo te wè dlo anfas yo a wouj tankou san.
23 They said, "Blood! The kings fought and killed each other. Now, Moab, to the plunder!" Konsa, yo te di: “Sa se san. Asireman, wa yo te goumen ansanm e youn te touye lòt. Pou sa, Moab, antre pran piyaj la!”
24 But when they reached Israel's camp, the Israelites rose and struck the Moabites, who fled before them. Israel advanced into the land, striking down the Moabites as they went. Men lè yo te rive nan kan Israël la, Izrayelit yo te leve e te frape Moabit yo jiskaske yo te kouri devan yo. Epi yo te avanse nan peyi a e te fè yon gwo masak pami Moabit yo.
25 They tore down the cities. On every good field each man threw a stone until it was covered. They stopped every spring of water and felled every good tree, leaving only the stones of Kir-hareseth, which the slingers surrounded and attacked. Konsa, yo te detwi vil yo, epi chak moun te jete yon wòch sou chak mòso bon tè pou te plen yo. Epi yo te bouche tout sous dlo yo e te koupe tout bon pyebwa yo, jis yo rive nan Kir-Haréseth kote se sèl wòch li yo ki rete. Men mesye fistibal yo te antoure li e te frape li.
26 When Moab's king saw the battle was too strong for him, he took 700 swordsmen to break through to Edom's king, but failed. Lè wa Moab la te wè ke batay la te twò mechan pou li, li te pran avèk li sèt-san mesye ki te rale nepe pou ouvri yon pasaj pou rive kote wa Édom an; men yo pa t kapab.
27 So he took his firstborn, his heir, and offered him as a burnt offering on the wall. Great anger came against Israel, so they withdrew from him and returned to their land. Alò, li te pran pi gran fis li a ki te gen pou renye nan plas li, e li te ofri li kòm yon ofrann brile sou mi lan. Epi te vin gen lakòlè byen cho kont Israël, e yo te kite li pou retounen nan peyi pa yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]