Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Kings 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 As our Father was about to take Elijah up to heaven in a whirlwind, Elijah and Elisha left Gilgal. Li te vin rive lè SENYÈ a te prèt pou ranmase Élie monte nan syèl nan yon van toubiyon, ke Élie te ale avèk Élisée sòti Guilgal.
2 Elijah told Elisha, "Please stay here; our Father sent me to Bethel." Elisha said, "As our Father lives, and as you live, I won't leave you." So they went down to Bethel. Epi li te rive ke Élie te di a Élisée: “Rete isit la, souple; paske SENYÈ a te voye mwen jis Béthel.” Men Élisée te di: “Jan SENYÈ a viv la e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou.” Konsa, yo te desann Béthel.
3 The prophets at Bethel came out to Elisha and asked, "Do you know today our Father will take your master from over your head?" "Yes, I know," he said. "Be quiet." Alò, fis a pwofèt ki te Béthel yo te vin sòti kote Élisée e te di li: “Èske ou konnen ke SENYÈ a va pran mèt ou a soti anwo ou jodi a?” Konsa, li te di: “Wi, mwen konnen. Pa pale!”
4 Elijah said, "Elisha, please stay here; our Father sent me to Jericho." He replied, "As our Father lives, and as you live, I won't leave you." So they went to Jericho. Élie te di li: “Élisée, souple, rete isit la, paske SENYÈ a te voye mwen Jéricho.” Men li te di: “Jan SENYÈ a viv la, mwen p ap kite ou”. Konsa, yo te vini Jéricho.
5 The prophets' band at Jericho approached Elisha, asking, "Do you know our Father will take your master from you today?" "Yes, I know," he said. "Be quiet." Fis a pwofèt ki te Jéricho yo te vin kote Élisée e te di li: “Èske ou konnen ke SENYÈ a va retire mèt ou a soti anwo ou jodi a?” Li te reponn: “Wi, mwen konnen; pa pale.”
6 Elijah said to him, "Please stay here; our Father has sent me to the Jordan." He said, "As our Father lives, and as you live, I won't leave you." So the two went on. Konsa, Élie te di li: “Souple, rete isit la, paske SENYÈ a te voye mwen nan Jourdain an.” Li te reponn: “Jan Senyè a viv la e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou.” Konsa yo de a te avanse.
7 Fifty men of the prophets' group went and stood facing them at a distance, while both stood by the Jordan. Alò senkant mesye nan fis a pwofèt yo te ale kanpe anfas yo nan yon distans, pandan yo de a te kanpe akote Jourdain an.
8 Elijah took his cloak, rolled it up, hit the water, and it split both ways; the two crossed on dry ground. Élie te pran manto li, li te pliye li ansanm, li te frape dlo yo e yo te vin divize isit e la, jiskaske yo de a te travèse sou tè sèch.
9 Once they crossed, Elijah said to Elisha, "Ask what to do for you before I'm taken from you." Elisha said, "Please let me inherit a double portion of your spirit." Lè yo te fin travèse, Élie te di a Élisée: “Mande sa ke m ta fè pou ou avan mwen retire m de ou.” Konsa, Élisée te di: “Souple, kite yon pòsyon doub nan lespri ou a rete sou mwen.”
10 "You've asked something hard," Elijah said. "If you see me taken from you, it's yours; if not, it won't be." Li te di: “Ou te mande yon bagay ki difisil. Si ou wè m lè m retire kite ou, se konsa l ap ye pou ou; men si se pa sa, sa p ap fèt.”
11 While they walked and talked, a fiery chariot and fiery horses separated them, and Elijah went up to heaven in a whirlwind. Pandan yo t ap fè wout yo e t ap prale, men vwala, yon cha dife avèk cheval dife te separe yo de a. Konsa, Élie te monte nan yon toubiyon nan syèl la.
12 Elisha saw and cried, "My father, my father! Israel's chariots and horsemen!" Then he saw him no more. He grabbed his clothes and tore them in two. Élisée te wè e te kriye fò: “Papa m, papa m, cha Israël yo avèk chevalye li yo!” Epi li pa t wè Élie ankò. Alò, li te kenbe rad li e te chire li an de bout.
13 He picked up Elijah's fallen cloak, went back, and stood on the bank of the Jordan. Anplis, li te pran manto Élie ki te sòti tonbe de li, lè l t ap prale a, e li te retounen kanpe akote rebò larivyè Jourdain an.
14 He took Elijah's fallen cloak, struck the water, and asked, "Where is our Father, the God of Elijah?" He struck it; the water divided right and left, and Elisha crossed over. Li te pran manto Élie ki te tonbe de li menm nan, e li te frape dlo yo e te di: “Kote SENYÈ a, Bondye Élie a?” Epi lè l te frape dlo a ankò, yo te divize isit e la, epi Élisée te travèse rive lòtbò.
15 Prophets at Jericho, across from him, saw and said, "Elijah's spirit rests on Elisha." They met him, bowing to the ground before him. Alò, lè fis a pwofèt ki te Jéricho yo te wè li, yo te di: “Lespri Élie a poze sou Élisée.” Epi yo te vin rankontre li e te bese yo menm atè devan li.
16 "Look," they said, "your servants have fifty strong men. Let them go and search for your master—maybe the Spirit of our Father lifted him and dropped him on some mountain or in some valley." "No," Elisha said, "don't send them." Yo te di li: “Men vwala, genyen avèk ou senkant sèvitè ak gwo fòs, souple, kite yo ale chache mèt ou a. Petèt lespri a SENYÈ a te pran li e te jete li sou yon mòn, oswa nan yon vale.” Li te di: “Ou p ap voye yo.”
17 They pressed him until he was ashamed to refuse. "Send them," he said. So they sent fifty men, who searched three days but did not find him. Men lè yo te bourade li jiskaske li te wont, li te di yo: “Voye yo”. Konsa, yo te voye senkant mesye. Yo te chache pandan twa jou, men yo pa t jwenn li.
18 When they returned to Elisha, who was staying in Jericho, he said to them, "Didn't I tell you not to go?" Yo te retounen kote li pandan li te rete Jéricho a. Li te di yo: “Èske mwen pa t di nou ‘Pa ale’?”
19 The people of the city told Elisha, "Look, our lord, this town sits well, as you see, but the water is bad and the land unproductive." Konsa, mesye lavil yo te di a Élisée: “Gade byen koulye a, sikonstans vil sa a byen bon, jan mèt mwen konn wè a; men dlo a pa bon e tè a pa pwodwi anyen.”
20 "Bring me a new bowl," he said, "and put salt in it." They brought it to him. Li te di: “Mennen ban m yon veso nèf e mete sèl ladann.” Konsa, yo te mennen ba li.
21 He went out to the spring, threw in salt, and said, "This is what our Father says: I have healed this water; it will never cause death or barrenness again." Li te ale nan sous dlo a. Li te jete sèl la ladann e te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mwen te pirifye dlo sa yo! P ap gen lanmò ni move tè a ankò.’”
22 And the water has remained pure to this day, according to the word Elisha had spoken. Konsa, dlo yo rete bon jis jodi a, selon pawòl Élisée te pale a.
23 From there Elisha went up to Bethel. As he was walking along the road, small boys came from the city and mocked him: "Go up, baldhead! Go up, baldhead!" Alò, soti la, li te monte Béthel. Pandan li t ap monte nan chemen an, jenn gason yo te sòti deyò soti lavil la. Yo te moke li e te di li: “Ale monte, tèt chòv! Ale monte, tèt chòv!”
24 He turned, looked at them, and cursed them in our Father's name. Two bears then left the woods and mauled forty-two of the boys. Lè li te gade dèyè li pou l te wè yo, li te modi yo nan non SENYÈ a. Konsa, de lous femèl te sòti nan forè a, e te chire karann-de nan jenn gason pami yo.
25 And Elisha went on to Mount Carmel and from there returned to Samaria. Li te kite la pou rive Mòn Carmel, e soti la, li te rive Samarie.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]