Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Kings 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After the death of Ahab, Moab rebelled against Israel. Lè Achab te fin mouri, Moab te fè rebelyon kont Israël.
2 Ahaziah fell through the lattice of his upper room in Samaria and was hurt. He sent messengers: "Go, ask Baal-zebub, god of Ekron, whether I'll recover from this injury." Konsa, Achazia te tonbe sou treyi a soti nan chanm anwo ki te nan Samarie a e li te vin malad. Konsa, li te voye mesaje yo. Li te di yo: “Ale mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an si m ap geri de maladi sa a.”
3 But our Father's messenger told Elijah the Tishbite, "Get up, meet Samaria's king's messengers and ask them, 'Is there no Father in Israel, that you go to consult Baal-zebub, god of Ekron?' Men zanj SENYÈ a te di a Élie, Tichbit la: “Leve, ale monte pou rankontre mesaje a wa Samarie yo. Di yo: ‘Èske se akoz nanpwen Dye an Israël ke ou prale mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an?’
4 So our Father says: 'You will not leave the bed you climbed into; you will surely die.'" And Elijah left. Alò, se pou sa, pale SENYÈ a: ‘Ou p ap desann soti nan kabann kote ou te monte a, men ou va anverite, mouri.’” Konsa, Élie te pati.
5 When the messengers returned to the king, he asked them, "Why have you come back?" Lè mesaje yo te retounen bò kote li, li te di yo: “Se poukisa ke nou tounen an?”
6 They answered, "A man came to meet us and said, 'Go back to the king who sent you and tell him: This is what our Father says: Is there no Father in Israel, that you send men to ask Baal-zebub, the god of Ekron? So you will not leave the bed you climbed into; you will surely die.'" Yo te di li: “Yon nonm te vin rankontre nou e te di nou: ‘Ale retounen kote wa ki te voye nou an e di li: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Èske se akoz nanpwen Dye an Israël ke w ap voye mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an? Pou sa, ou p ap desann Kabann kote ou fin monte a, men anverite, ou va mouri.’”’”
7 The king asked, "What kind of man was it who came to meet you and told you this?" Li te di yo: “Ki kalite moun sa a ki te monte rankontre nou an pou te pale pawòl sila yo a nou?”
8 They said, "He wore a garment of hair, with a leather belt at his waist." The king said, "Elijah the Tishbite." Yo te reponn li: “Yon nonm avèk anpil cheve ak yon sentiwon an kwi mare nan ren li.” Li te di: “Se Élie, Tichbit la.”
9 The king sent a captain with his fifty men to Elijah. The captain went up to him as he sat on a hilltop, and said to him, "Man of our Father, the king says, 'Come down.'" Konsa, wa a te voye kote li, yon kapitèn a senkant avèk senkant pa li yo. Li te monte kote li; men vwala, li te chita sou do ti mòn nan. Konsa, li te di li: “O nonm Bondye a, wa a di ou: ‘Desann.’”
10 Elijah answered the captain, "If I am a man of our Father, may fire fall from heaven and consume you and your fifty." And fire fell from heaven and consumed him and his fifty. Élie te reponn a kapitèn a senkant lan: “Si se yon nonm Bondye mwen ye, ke dife vin desann nan syèl la e manje ou menm avèk senkant pa ou yo.” Epi dife te desann soti nan syèl la e te manje li nèt avèk senkant pa li yo.
11 Again the king sent another captain with fifty men, who said, "Man of our Father, the king says: 'Come down quickly.'" Konsa, li te voye kote li yon lòt kapitèn a senkant ansanm ak senkant pa li yo. Epi li te di li: “O nonm Bondye, konsa pale wa a: ‘Desann vit.’”
12 Elijah answered, "If I am a man of our Father, may fire fall from heaven and consume you and your fifty." And the fire of our Father fell from heaven and consumed him and his fifty. Élie te reponn yo: “Si mwen se yon nonm Bondye, ke dife desann nan syèl la e manje ou avèk senkant pa ou yo.” Epi dife Bondye a te desann sòti nan syèl la e te manje li nèt avèk senkant pa l yo.
13 The king sent a third captain with his fifty. This one went up, knelt before Elijah, and pleaded, "Man of our Father, please let my life and the lives of your servants, these fifty, be precious in your eyes. Konsa, li te voye ankò kapitèn a senkant avèk senkant pa li yo. Lè twazyèm kapitèn nan te monte, li te vini e te bese ba sou jenou li devan Élie. Li te sipliye li e te mande li: “O nonm Bondye, souple kite lavi mwen avèk senkant sèvitè ou yo gade kòm presye nan zye ou.
14 Fire came from heaven and consumed the two earlier captains with their fifties. Now let my life be precious to you." Gade byen, dife te desann soti nan syèl la e te manje premye de kapitèn a senkant yo avèk senkant pa yo. Men koulye a, kite lavi mwen parèt presye nan zye ou.”
15 The messenger of our Father told Elijah, "Go down with him; don't be afraid of him." So Elijah went down with him to the king. Zanj SENYÈ a te di a Élie: “Ale desann avèk li. Pa pè li.” Pou sa, li te leve e te desann avèk li kote wa a.
16 He told the king, "This is what our Father says: You sent messengers to consult Baal-zebub, god of Ekron—is there no Father in Israel to ask his word?—so you will not leave the bed you climbed into; you will surely die." Epi li te di li: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz ou te voye mesaje yo pou mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an—-èske se akoz nanpwen Dye an Israël pou mande pawòl Li? Pou sa, ou p ap desann kabann kote ou te monte a, men anverite, ou va mouri.’”
17 Ahaziah died, as our Father's word through Elijah said. Since Ahaziah had no son, Jehoram succeeded him, in the second year of Judah's king Jehoram son of Jehoshaphat. Konsa, Achazia te mouri selon pawòl SENYÈ a ke Élie te pale a. Epi akoz li pa t gen fis, Joram te devni wa nan plas li nan dezyèm ane a Joram, fis a Josaphat a, wa Juda a.
18 The rest of Ahaziah's acts, what he did, are they not written in the Book of the Chronicles of the Kings of Israel? Alò, tout lòt zèv ke Achazia te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo?
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]