Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Corinthians 8 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 We want you to know, brothers and sisters, about our Father's grace given in the churches of Macedonia. Koulye a, frè nou yo, nou ta renmen fè nou konnen lagras Bondye ki te vin bay nan legliz Macédoine yo.
2 Tested by great trouble, their overflowing joy and deep poverty overflowed into rich generosity. Ke nan yon gran eprèv afliksyon, abondans lajwa ak gwo povrete, yo te debòde jis li vin richès nan jenewozite yo.
3 For I testify: they gave as they were able, and beyond, entirely willingly. Paske mwen temwaye ke selon kapasite yo, e menm depase kapasite yo, yo te bay selon pwòp volonte pa yo.
4 Urgently begging us for the favor and partnership of serving the holy ones. Yo t ap byen plede avèk nou avèk anpil ankourajman, pou favè pran pa nan soutyen a fidèl yo.
5 It wasn't what we expected—they gave themselves first to the Lord, then to us, by our Father's will. Epi sa menm, se pa jan nou te prevwa a, men yo te dabò bay tèt yo a Senyè a, e a nou menm selon volonte Bondye.
6 So we urged Titus to also finish this act of grace among you, as he had already begun. Donk, nou te ankouraje Tite ke, jan li te kòmanse oparavan an, pou li ta osi konplete nan nou zèv gras sila a.
7 But as you excel in everything—in faith, in speech, in knowledge, in all earnestness, and in the love we have for you—see that you also excel in this generous offering. Men menm jan nou toujou fè ekselans ki depase nan tout bagay, nan lafwa, nan langaj, nan konesans, nan zèl, ak nan lanmou ke nou te enspire nan ou an, gade ke ou depase osi nan zèv lagras sila a.
8 This isn't a command—I'm testing your love's realness by the earnestness of others. Mwen p ap pale sa tankou se yon lòd, men pou pwouve selon zèl a lòt yo, senserite lanmou pa nou tou.
9 You know our Lord Jesus Christ's grace: though rich, he became poor for you, so his poverty could make you rich. Paske nou konnen lagras Senyè nou an Jésus Kri, ke malgre Li te rich, pou koz nou, Li te vin pòv, pouke, nou menm, atravè povrete Li, nou ta kapab vin rich.
10 My judgment on this: it benefits you, who a year ago began not only doing this but also wanting to. Mwen bay opinyon mwen nan ka sa a, paske sa se nan avantaj pa nou, ki, lane pase, te premye moun ki te kòmanse fè non sèlman sa, men osi te gen volonte pou fè l.
11 Now finish the doing too, so eagerness to want it matches completing it from what you have. Men koulye a, fin fè li. Menm jan nou te gen bòn volonte pou fè l la, pou li kapab osi konplete pa kapasite nou.
12 If the eagerness is there, it's acceptable by what one has, not what one lacks. Paske si volonte a la, li akseptab selon sa ke yon moun genyen, pa selon sa ke li pa genyen.
13 I do not mean that others be relieved while you are burdened, but that there be fairness. Paske sa se pa pou fè lòt yo alèz, pandan nou pote gwo chaj, men pou gen egalite.
14 Right now your surplus should meet their need, so their surplus may meet your need, and there is equality. Nan tan prezan sila, abondans nou la pou satisfè bezwen pa yo, pouke abondans pa yo osi kapab vin yon sous pou bezwen pa nou, pouke kapab gen egalite.
15 As it is written: "the one who gathered much had no extra; the one who gathered little, no lack." Jan sa ekri a: “Sila ki te ranmase anpil la, pa t gen depase, e sila ki te ranmase piti a pa t manke.”
16 Thanks to our Father, who put the same earnest care I have for you into Titus's heart. Men gras a Bondye ki mete menm zèl la pou nou nan kè Tite la.
17 He not only welcomed our appeal, but—more earnest himself—is going to you by his own choice. Paske li pa t sèlman aksepte apèl nou, men akoz li te trè zele, li te vin kote nou ak pwòp volonte li.
18 With him we are sending the brother praised by all the churches for his work in the gospel. Epi nou te voye avèk li frè a ki gen bon repitasyon nan bagay levanjil ki te gaye pami tout legliz yo.
19 Not only that—the churches also appointed him to travel with us in this generous gift we carry out, for the Lord's own glory and our eagerness. Epi se pa sèlman sa, men li te osi chwazi pa legliz yo pou vwayaje avèk nou nan zèv lagras sila ke n ap administre pou glwa a Senyè a Li menm, e pou montre bòn volonte nou.
20 We arrange this so no one can fault us over this generous gift we are handling, N ap pran prekosyon pou pèsòn pa vin denigre administrasyon nou nan kado jenewozite sila a.
21 for we aim at what is honorable not only before the Lord but also before people. Paske nou respekte sa ki onorab, non sèlman nan zye Senyè a, men osi nan zye lèzòm.
22 We're sending with them our brother, tested often and found earnest in much, now even more earnest, given his great confidence in you. Nou te voye avèk yo, frè nou an, ke nou souvan teste, e twouve zèl nan anpil bagay, men koulye a menm pi zele akoz de gran konfyans li nan nou menm.
23 As for Titus: my partner, my fellow worker for you. As for our brothers: messengers of the churches, Christ's glory. Tankou pou Tite, li se asosye e ouvriye parèy mwen pami nou. Tankou pou frè nou yo, yo se mesaje a legliz yo, yon glwa pou Kris la.
24 So show them, before the churches, proof of your love and our boasting about you. Konsa, piblikman devan legliz yo, montre yo prèv lanmou nou ak rezon pou gen fyète de nou.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]