Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Corinthians 7 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 So, loved ones, having these promises, let us purify ourselves from all impurity of flesh and spirit, completing holiness in fear of our Father. Konsa, paske nou gen pwomès sa yo byeneme, annou netwaye tèt nou de tout salte lachè ak lespri, e vin konplete lasentete nan lakrent Bondye.
2 Make room for us in your hearts. We've wronged no one, corrupted no one, exploited no one. Fè espas pou nou nan kè nou. Nou pa t fè pèsòn mal. Nou pa t fè pèsòn vin konwonpi, ni nou pa t pran avantaj sou okenn moun.
3 I don't say this to condemn you. I said before: you're in our hearts, to die and live together. Mwen pa pale pou kondane nou, paske Mwen te di avan sa, nou nan kè nou jis nou rive mouri ansanm e viv ansanm.
4 I have great confidence in you, great pride in you. I'm filled with comfort, overflowing with joy in all our suffering. Konfyans mwen gen nan nou an gran. Fyète m lè m nonmen non nou an gran. Mwen ranpli avèk rekonfò. M ap debòde avèk lajwa nan tout afliksyon nou yo.
5 Even when we reached Macedonia, our bodies had no rest—harassed on every side, conflict outside, fear inside. Paske menm lè nou te vini Macédoine, chè nou pa t gen okenn repo, men nou te aflije toupatou: konfli deyò, laperèz anndan.
6 But our Father, who comforts the downcast, comforted us by the coming of Titus. Men Bondye, ki rekonfòte sila k ap viv nan afliksyon yo, te rekonfòte nou lè Tite te vini an.
7 Not only by his arrival, but by the comfort he received because of you—he told us of your longing, your grief, your zeal for me—so I rejoiced even more. Pa sèlman vini li an, men osi pa rekonfò avèk sila li te rekonfòte nou an, lè li te bannou rapò de dezi nou genyen an, tristès nou, zèl ke nou te gen pou mwen an; pou m te rejwi plis toujou.
8 Even though my letter grieved you, I don't regret it—though I did regret it, since I see that letter grieved you, if only briefly. Paske malgre ke m te koze tristès pa lèt mwen an, mwen pa regrèt sa; sepandan mwen te regrèt li. Paske mwen wè ke lèt sa a te koze tristès nou, malgre sèlman pou yon ti tan.
9 Now I rejoice—not that you were grieved, but that your grief brought repentance. You were grieved as our Father intends, so you suffered no loss by us. Koulye a, mwen rejwi, pa paske mwen te fè nou tris, men ke nou te vin tris jis pou mennen nou a larepantans. Paske mwen te fè nou tris selon volonte Bondye, jis pou nou pa ta soufri pèt nan okenn bagay akoz nou menm.
10 For grief according to our Father's will produces repentance to salvation, without regret; but worldly grief produces death. Paske tristès ki selon volonte Bondye a prodwi yon repantans ki san regrè, ki mennen nan sali; men tristès a mond lan prodwi lanmò.
11 See what this grief according to our Father's will produced in you: diligence, eagerness to clear yourselves, indignation, fear, longing, zeal, readiness for justice! In everything you've proved yourselves innocent in this matter. Paske gade byen avèk ki senserite menm bagay sa a, tristès sa ki sòti nan Bondye a, te vin prodwi nan nou. Kèl jistifikasyon pou nou menm, kèl endiyasyon, kèl krent, kèl dezi, kèl zèl, kèl retribisyon kont lemal. Nan tout bagay nou te montre a tèt nou, nou inosan nan zafè sila a.
12 Though I wrote to you, it wasn't for the wrongdoer's sake, or the wronged party's, but so your sincerity for us would be clear to you before our Father. Donk, malgre m te ekri nou, se pa t pou koz a sila ki te fè ofans lan, ni pou koz a sila ki te donmaje a, men pou Bondye ta kapab konfime nan ou senserite ou anvè nou menm.
13 That's why we've been comforted. Beyond our own comfort, we rejoiced even more at Titus's joy, because his spirit was refreshed by all of you. Pou rezon sa a, nou te rekonfòte. Epi anplis de rekonfò nou, nou te rejwi menm plis pou lajwa a Tite, paske lespri li te vin rafrechi pa nou tout.
14 Whatever I boasted to him about you didn't shame me. Just as everything we told you was true, so our boasting before Titus proved true. Paske si nan yon bagay mwen te fè nou konpliman a li menm, nou pa t fè m wont. Men menm jan ke nou te pale tout bagay anverite a nou menm nan, menm jan an osi tout konpliman nou te pale Tite de nou te vin fè prèv ke se te verite.
15 His heart for you is greater still, remembering how you all obeyed, welcoming him with fear and trembling. Afeksyon Li anvè nou ap vin plis toujou lè li sonje obeyisans nou tout, jan nou te resevwa li avèk lakrent e avèk tranbleman.
16 I rejoice, because in everything I have complete confidence in you. Mwen rejwi ke nan tout bagay mwen gen konfyans nan nou.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]