Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Chronicles 9 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Hearing Solomon's fame, the queen of Sheba came to Jerusalem to test him with hard questions—a huge retinue, camels bearing spices, much gold, precious stones. Reaching Solomon, she told him all on her mind. Alò, depi rèn Séba te tande afè rekonesans a Salomon an, li te vini Jérusalem pou fè pase Salomon a leprèv avèk kesyon ki te byen difisil. Li te gen yon gran konpanyen moun avèk chamo chaje avèk epis ak yon gran kantite lò, avèk pyè presye. Lè li te rive kote Salomon, li te pale avèk li selon tout sa ki te nan kè li.
2 Solomon answered all her questions; nothing was too hard for him to explain to her. Salomon te reponn tout kesyon li yo. Anyen pa t kache a Salomon ke li pa t eksplike li.
3 When the queen of Sheba had seen the wisdom of Solomon, and the palace he had built, Lè rèn Séba te fin wè sajès a Salomon an, kay ke li te bati a,
4 the food on his table, his officials seated, his servants attending, their clothing, his cupbearers and theirs, and the burnt offerings at the house of our Father—it took her breath away. manje sou tab li, aranjman pozisyon chèz sèvitè li yo, konpòtman avèk abiman ministè li yo, eskalye li a sou sila li te konn monte pou rive lakay SENYÈ a, sa te fè l pèdi souf.
5 She told the king, "The report I heard in my own land about your words and your wisdom was true. Li te di a wa a: “Se te verite; rapò ke m te tande nan pwòp peyi mwen konsènan pawòl avèk sajès ou.
6 I didn't believe the reports until I came and saw for myself. Not half the greatness of your wisdom was told me; you surpass the report I heard. Sepandan, mwen pa t kwè rapò yo jiskaske m te rive, e zye m vin wè. Epi vwala, mwatye a grandè a sajès yo pa t pale mwen sa. Ou depase rapò ke m te tande a.
7 How happy your people! How happy these servants who stand before you always, hearing your wisdom! Jan mesye pa ou yo beni, jan sèvitè ou yo ki kanpe devan ou tout tan pou tande sajès ou yo beni!
8 Blessed be the LORD your God, who delighted in you and set you on his throne as king for the LORD your God! Because your God loved Israel, establishing them forever, he made you king to do justice and righteousness." Beniswa SENYÈ a, Bondye ou a, ki te pran plezi nan ou, e ki te mete ou sou twòn Li kòm wa pou SENYÈ a, Bondye ou a, akoz Bondye ou a te renmen Israël, Li etabli yo jis pou tout tan. Pou sa, Li te fè ou wa sou yo, pou fè lajistis avèk ladwati.”
9 She gave the king about 9,000 pounds of gold, great quantities of spices, and precious stones. No spice ever matched what the queen of Sheba gave King Solomon. Apre sa, li te bay wa a san-ven talan lò avèk yon trè gran kantite epis avèk pyè presye. Pa t janm te kon gen epis kon sa yo ke rèn Séba te bay a Wa Salomon an.
10 Huram's and Solomon's servants, who brought gold from Ophir, also brought sandalwood and precious stones. Sèvitè a Huram yo avèk sèvitè a Salomon ki te pote lò sòti nan Ophir yo, anplis te pote bwa sandal avèk pyè presye yo.
11 From the sandalwood the king made steps for our Father's house and his palace, and lyres and harps for the singers—none like them ever seen in Judah. Avèk bwa sandal yo, wa a te fè eskalye pou kay SENYÈ a ak pou palè wa a ak gita, avèk ap pou chantè yo. Epi nanpwen bagay konsa ki te konn wè avan nan peyi Juda.
12 King Solomon gave the queen of Sheba all she desired, whatever she asked, more than she had brought him. Then she returned to her own land with her servants. Wa Salomon te bay a rèn Séba tout dezi li nan sa li te mande, plis ke sa li te pote bay wa a. Alò, li te vire retounen nan peyi li avèk sèvitè li yo.
13 The weight of gold that came to Solomon in a single year was about twenty-five tons, Alò, pwa a lò ki te vini a Salomon nan en an te sis-san-swasann-sis talan an lò,
14 besides what traders and merchants brought; all the kings of Arabia and governors of the land brought gold and silver to Solomon. anplis de sa ke machann avèk komèsan yo te pote. Tout wa Arabie avèk dirijan peyi sa yo te mennen lò avèk ajan bay Salomon.
15 King Solomon made 200 large shields of hammered gold, each with about fifteen pounds of gold. Wa Salomon te fè de-san gran boukliye defans an lò bat, ki te sèvi sis-san sik lò nan chak gran boukliye.
16 He made 300 smaller shields of hammered gold, about seven and a half pounds each. The king put them in the House of the Forest of Lebanon. Li te fè twa-san boukliye ki te sèvi twa-san sik lò sou chak boukliye e wa a te mete yo nan kay Forè Liban an.
17 The king made a large ivory throne and covered it with pure gold. Anplis, wa a te fè yon gran twòn avèk ivwa, e li te kouvri li avèk lò pi.
18 The throne had six steps with a gold footstool attached to it; armrests flanked the seat, with two lions standing beside them, Te gen sis mach pye eskalye ki pou rive nan twòn nan ak yon mach pye eskalye an lò ki te tache a twòn nan, avèk manch nan chak kote chèz la, avèk de lyon ki te kanpe akote manch yo.
19 and twelve lions stood there, one at either end of each of the six steps. Nothing like it was ever made for any kingdom. Douz lyon yo te kanpe la sou sis etap eskalye sou yon kote ak sou lòt la. Nanpwen anyen tankou li ki te fèt pou okenn lòt wayòm.
20 All King Solomon's cups were gold, and every vessel of the House of the Forest of Lebanon was pure gold. Silver counted as nothing in Solomon's days, Tout veso pou bwè ke Salomon te genyen yo te fèt an lò, e tout veso nan kay Forè Liban an te lò pi. Ajan pa t konsidere kòm tèlman valab nan jou a Salomon yo.
21 for the king's ships sailed to Tarshish with Huram's servants; every three years the Tarshish ships returned with gold, silver, ivory, apes, and peacocks. Paske wa a te gen bato ki te konn ale Tarsis avèk sèvitè a Huram yo. Yon fwa chak twazan, bato Tarsis yo te antre avèk lò ak ajan, ivwa, makak ak zwazo pan yo.
22 So King Solomon surpassed all the kings of the earth in riches and wisdom. Konsa, Wa Salomon te vin pi gran pase tout wa sou latè yo nan richès avèk sajès.
23 All the kings of the earth sought Solomon's presence to hear the wisdom our Father put in his heart. Epi tout wa latè yo t ap chache prezans a Salomon pou tande sajès ke Bondye te mete nan kè li.
24 Each brought his gift—silver and gold articles, garments, weapons, spices, horses, and mules—year after year. Yo chak te pote pwòp kado pa yo: bagay an ajan avèk lò, vètman, zam, epis, cheval, milèt, an gran kantite ane pa ane.
25 Solomon had 4,000 horse-and-chariot stalls and 12,000 horsemen, kept in the chariot cities and with the king in Jerusalem. Alò, Salomon te gen kat-mil estasyon separe pou cheval avèk cha e douz-mil chevalye. Li te pozisyone yo nan vil cha yo ak kote wa a nan Jérusalem.
26 He ruled all the kings from the Euphrates to the land of the Philistines, to Egypt's border. Li te mèt sou tout wa yo soti nan Rivyè Euphrate la, jis rive nan peyi Filisten yo, e jis rive nan lizyè Égypte la.
27 The king made silver in Jerusalem like stones, and cedar as plentiful as foothill sycamore-figs. Wa a te fè ajan gaye tankou wòch Jérusalem, e li te fè sèd yo anpil tankou bwa sikomò ki nan ba plèn nan.
28 Horses were imported for Solomon from Egypt and from all the lands. Yo te mennen cheval pou Salomon soti an Égypte avèk tout peyi yo.
29 Solomon's other deeds, first to last—aren't they recorded in the words of Nathan the prophet, Ahijah of Shiloh's prophecy, and the visions of Iddo the seer about Jeroboam son of Nebat? Alò, tout lòt zèv a Salomon yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, èske yo pa ekri nan rekò a Nathan yo, pwofèt la, nan pwofesi Achija a, Silonit lan, ak nan vizyon a Jéedo yo, konseye a Jéroboam nan, fis a Nebath la?
30 Solomon reigned in Jerusalem over all Israel forty years. Salomon te renye pandan karantan Jérusalem ak sou tout Israël.
31 Solomon rested with his ancestors, buried in the city of David his father. His son Rehoboam reigned in his place. Salomon te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere nan lavil papa li, David. Fis li, Roboam te renye nan plas li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]