Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Chronicles 8 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After twenty years, in which Solomon built the house of our Father and his own palace, Alò, li te vin rive nan fen ven ane pandan sila yo Salomon te bati kay SENYÈ a avèk pwòp kay li a,
2 Solomon rebuilt the cities that Huram had given him, and settled the people of Israel in them. ke li te fin bati vil ke Huram te ba li yo, e li te etabli Izrayelit yo ladann.
3 Then Solomon marched against Hamath-zobah and overpowered it. Epi Salomon te ale kote Hamath-Tsoba e te kaptire li.
4 He built Tadmor in the wilderness, along with all the storage cities he built in Hamath. Li te bati Thadmor nan dezè a ak tout vil depo ke li te bati nan Hamath yo.
5 He also rebuilt Upper Beth-horon and Lower Beth-horon as fortified cities, with walls, gates, and bars, Anplis, li te bati Wo Beth-Horon an avèk Ba Beth-Horon an, vil fòtifye avèk miray, pòtay ak fè fòje;
6 Baalath, all Solomon's supply cities, his chariot and horsemen cities, and all he desired to build in Jerusalem, Lebanon, and his whole realm. avèk Baalath ak tout vil depo ke Salomon te genyen yo, tout vil pou cha li yo avèk vil pou chevalye yo ak tout sa ki te fè kè Salomon kontan pou bati nan Jérusalem, nan Liban ak nan tout peyi ki te anba règleman li yo.
7 There were still people left from the Hittites, Amorites, Perizzites, Hivites, and Jebusites, who were not Israelites. Tout moun nan pèp la ki te rete nan Etyen yo, Amoreyen yo, Ferezyen yo, Evyen yo, avèk Jebizyen ki pa t yon pati nan Israël,
8 Their descendants still living in the land, whom Israel had not destroyed, Solomon conscripted for forced labor, as they still are today. ki te sòti nan desandan pa yo ki te kite nan peyi, ke fis Israël yo pa t detwi yo, yo menm, Salomon te fè yo leve kòm ouvriye kòve ki fèt jis rive jodi a.
9 Solomon enslaved no Israelites for his work; they were soldiers, commanders of his officers, and commanders of his chariots and horsemen. Men Salomon pa t fè esklav pou travay li pami fis Israël yo. Yo te mesye lagè, chèf kapitèn li avèk kòmandan a cha li yo ak chevalye li yo.
10 These were King Solomon's chief officers: 250 who supervised the people. Sila yo te chèf prensipal a Wa Salomon; de san senkant yo ki te dirijan sou pèp la.
11 Solomon brought Pharaoh's daughter from the City of David to the house he built her, saying, "No wife of mine will live in David king of Israel's house, for holy is wherever our Father's ark has entered." Salomon te mennen fè monte fi a Farawon an soti Jérusalem pou rive nan kay ke li te bati pou li a, paske li te di: “Madanm mwen p ap rete lakay David, wa Israël la, akoz plas yo kote lach SENYÈ a te ye a sen.”
12 Then Solomon offered burnt offerings to our Father on the altar he built before the portico, Salomon te ofri ofrann brile bay SENYÈ a, sou lotèl ke li te bati devan galri a.
13 daily as required, by Moses' command: Sabbaths, New Moons, and three yearly festivals—the Feast of Unleavened Bread, the Feast of Weeks, and the Feast of Tabernacles. Sa te fèt selon règleman a chak jou. Li te ofri yo selon lòd Moïse pou Saba yo, nouvèl lin yo, fèt apwente yo twa fwa pa lan yo—Fèt Pen San Ledven an, Fèt Semèn Yo, ak Fèt Tonèl Yo.
14 Following his father David's rules, he set priestly divisions for service, Levite divisions to praise and serve before the priests as each day required, and gatekeeper divisions at each gate, for David the man of our Father had commanded it. Alò, selon règleman a papa li yo, David, li te chwazi divizyon a prèt yo pou sèvis pa yo, Levit yo pou devwa pa yo, pou fè lwanj e fè sèvis devan prèt yo selon règ a chak jou a, e gadyen pòtay pa divizyon pa yo nan chak pòtay. Paske se konsa David, nonm Bondye a, te konn kòmande sa.
15 They followed the king's orders to the priests and Levites exactly, down to the storerooms. Epi yo pa t varye menm nan lòd wa a ak prèt yo avèk Levit yo nan okenn fason ki te konsène kay depo trezò yo.
16 All Solomon's work was finished, from the day our Father's house was founded until its completion; our Father's house was complete. Konsa, tout travay a Salomon an te akonpli depi jou lakay SENYÈ a te etabli a, jiskaske li te fini. Konsa, lakay SENYÈ a te konplete.
17 Then Solomon went to Ezion-geber and Eloth on the seacoast in the land of Edom. Konsa, Salomon te ale kote Etsjon-Guéber ak Élath sou lanmè peyi Édom an.
18 Huram sent him ships by his servants, with sailors who knew the sea; they sailed with Solomon's servants to Ophir, took about seventeen tons of gold, and brought it to King Solomon. Epi Huram, pa sèvitè li yo te voye bato kote li avèk sèvitè ki te konnen lanmè yo. Yo te ale avèk sèvitè a Salomon yo nan Ophir e yo te pran soti la, kat-san-senkant talan lò pou te pote yo kote Wa Salomon an.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]