Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Chronicles 7 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When Solomon finished praying, fire fell from heaven and consumed the burnt offering and sacrifices, and our Father's glory filled the house. Alò, lè Salomon te fin fè priyè a, dife a te sòti nan syèl la pou te boule ofrann brile a avèk sakrifis yo; e glwa a SENYÈ a te ranpli kay la.
2 The priests couldn't enter our Father's house, because our Father's glory filled it. Prèt yo pa t kab antre lakay SENYÈ a akoz glwa SENYÈ a te ranpli kay la.
3 When all the Israelites saw the fire fall and our Father's glory on the house, they knelt, faces to the ground on the pavement, worshiping and thanking our Father: "He is good; his faithful love endures forever." Tout fis Israël yo, lè yo te wè dife a desann, e glwa SENYÈ a sou kay la, yo te bese ba sou pave a avèk figi yo atè pou yo te adore e te bay lwanj a SENYÈ a. Yo te di: “Konsa Li bon, paske lanmou dous Li a dire pou tout tan,”
4 Then the king and all the people offered sacrifices before our Father. Epi wa a avèk tout pèp la te ofri sakrifis devan SENYÈ a.
5 King Solomon sacrificed 22,000 oxen and 120,000 sheep; the king and all the people dedicated the house of our Father. Wa Salomon te ofri yon sakrifis a venn-de-mil bèf ak san-ven-mil mouton. Konsa, wa a avèk tout pèp la te dedye kay Bondye a.
6 The priests stood at their posts; the Levites stood with the musical instruments for our Father that King David made for giving thanks to our Father—"for his faithful love endures forever"—whenever David praised through the instruments. Opposite them the priests blew the trumpets, and all Israel stood. Prèt yo te kanpe nan pòs pa yo, e Levit yo tou avèk enstriman mizik a SENYÈ a, ke Wa David te fè pou bay lwanj a SENYÈ a lè David te bay lwanj sèvis yo. E yo te di, “Paske lanmou dous Li a dire pou tout tan”. Konsa, prèt yo te soufle twonpèt devan yo, epi tout Israël te kanpe.
7 Solomon dedicated the courtyard's middle, in front of our Father's house, for there he offered the burnt offerings and fat of the peace offerings, since the bronze altar he had made could not hold the burnt offering, grain offering, and fat. Salomon te konsakre mitan lakou ki te devan kay SENYÈ a pou fè l sen. Paske la, li te ofri ofrann brile ak grès ofrann lapè yo akoz lotèl an bwonz ke Salomon te fè a pa t kab kenbe ofrann brile a, ofrann sereyal la ak grès la.
8 At that time Solomon kept the feast seven days, and all Israel with him—a vast assembly—from Lebo-hamath to the Brook of Egypt. Konsa, Salomon te obsève fèt la nan tan sa a pandan sèt jou e tout Israël avèk li; yon trè gran asanble ki te sòti depi nan antre Hamath jis rive nan flèv Égypte la.
9 On the eighth day they held a closing assembly, having kept the altar's dedication seven days and the feast seven days. Nan uityèm jou a, yo te kenbe yon asanble solanèl pou obsève dedikasyon lotèl la. Yo te obsève l pou sèt jou, e fèt la pandan sèt jou.
10 On the twenty-third day of the seventh month, he sent the people home, joyful and glad at heart for the goodness our Father showed to David, to Solomon, and to Israel his people. Epi sou venn-twazyèm jou nan setyèm mwa a, li te voye pèp la nan tant yo, ranpli avèk jwa e avèk kè kontan, akoz bonte ke SENYÈ a te montre a David, a Salomon e a pèp Li a, Israël.
11 Solomon finished the house of our Father and the royal palace. Everything Solomon set his heart to do in the house of our Father and his own house, he did successfully. Se konsa Salomon te fini kay SENYÈ a avèk palè wa a, e li te acheve nèt tout sa ke li te fè plan pou fè lakay SENYÈ a ak nan kay pa li a.
12 Then our Father appeared to Solomon at night and said to him: "I have heard your prayer and chosen this place for myself as a house of sacrifice. Konsa, SENYÈ a te parèt a Salomon nan nwit lan. Li te di l: “Mwen te tande lapriyè ou a, e Mwen te chwazi plas sa a pou Mwen menm kòm yon kay sakrifis.
13 "If I shut the skies so no rain falls, or command locusts to devour the land, or send a plague among my children, “Si Mwen vin fèmen syèl yo pou pa gen lapli, oswa si Mwen kòmande krikèt yo pou devore latè, oswa si Mwen voye toumant pami pèp Mwen an,
14 if my children—who bear my name—humble themselves, pray, seek my face, and turn from their evil ways, I will hear from heaven, forgive their sin, and heal their land. epi pèp Mwen ki rele pa non Mwen an vin imilye yo, priye, chache fas Mwen e vire kite abitid mechan yo; nan moman sa a, Mwen va tande yo soti nan syèl la. Mwen va padone peche pa yo, e Mwen va geri peyi yo.
15 Now my eyes will be open and my ears attentive to the prayer offered in this place. Koulye a, zye M va louvri e zòrèy Mwen va vin atantif a lapriyè ki ofri nan plas sa a.
16 Now I have chosen and dedicated this house, so my name remains there forever; my eyes and heart will be there always. Paske koulye a, Mwen gen tan chwazi e konsakre kay sila a pou non Mwen kapab la jis pou tout tan. Zye Mwen ak kè Mwen va la pou tout tan.
17 As for you—if you walk before me as David your father walked, doing all I commanded you and keeping my statutes and judgments, “Epi pou ou menm, si ou mache devan M tankou papa ou, David te mache a, fè selon tout sa ke Mwen te kòmande ou yo, e kenbe règleman Mwen yo avèk òdonans Mwen yo,
18 then I will confirm your kingdom's throne, as I covenanted with David your father: "A man of yours will always rule over Israel." alò, Mwen va etabli twòn wayal ou a jan Mwen te sèmante a David la, lè M te di: ‘Ou p ap manke yon nonm ki pou gouvène an Israël.’
19 But if you turn away, abandon my statutes and commands I set before you, and go serve other gods and worship them, “Men si ou vire kite e abandone règleman Mwen yo, avèk kòmandman ke M te mete devan ou yo, pou ale sèvi lòt dye yo e adore yo,
20 then I will uproot Israel from my land I gave them, cast from my sight this temple I set apart for my name, and make it an example and taunt among all peoples. alò, Mwen va dechouke ou soti nan peyi ke M te ba ou a, ak kay sa a, ke Mwen te konsakre pou non pa Mwen an, Mwen va jete l andeyò vizaj Mwen, e Mwen va fè li yon pwovèb ak yon rizib pami tout pèp yo.
21 This house, once so exalted, will leave everyone who passes by appalled, saying, "Why did the LORD do this to this land and this house? Epi pou kay sila a, ki egzalte tèlman wo, tout moun ki pase kote li va etone e va di: “Poukisa SENYÈ a te fè sa a peyi sila a, e a kay sila a?
22 They will answer, "Because they abandoned the LORD, God of their ancestors, who brought them out of the land of Egypt, and clung to other gods, bowing and serving them—that's why he brought all this disaster on them." Epi konsa, yo va reponn: ‘Akoz yo te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, ki te mennen yo soti nan peyi Égypte la, pou yo te adopte lòt dye yo, e te adore yo e te sèvi yo. Se pou sa, Li te mennen tout mal sila a sou yo.’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]