Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Chronicles 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then Solomon said, "Our Father has said that he would dwell in thick darkness. Epi Salomon te di: “SENYÈ a te di ke Li ta abite nan nwaj fonse a.
2 But I have built you an exalted house, a place for you to dwell in forever." Mwen te bati yon kay byen wo ak yon plas pou abitasyon pa W Jis pou tout tan.”
3 Then the king turned and blessed the whole assembly of Israel as they all stood. Konsa, wa a te vire fas li pou te beni tout asanble Israël la pandan tout asanble a te kanpe.
4 He said, "Praise our Father, the God of Israel, whose hand has fulfilled what his mouth promised my father David, saying, Li te di: “Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te pale avèk bouch Li a papa m, David, e ki te acheve sa avèk men Li, lè li te di:
5 'Since the day I brought my people out of Egypt, I chose no city from all the tribes of Israel to build a house for my name to be there, nor any man to rule my people Israel. ‘Depi jou ke M te mennen pèp Mwen an sòti nan peyi Égypte la, Mwen pa t chwazi yon vil nan tout tribi Israël yo pou bati yon kay pou non Mwen ta kapab la, ni Mwen pa t chwazi yon moun kòm chèf sou pèp Mwen an, Israël;
6 But I chose Jerusalem for my name to be there, and I chose David to lead my people Israel.' men Mwen te chwazi Jérusalem pou non Mwen ta kapab la, e Mwen te chwazi David pou li kapab sou pèp Mwen an, Israël.’
7 David my father had it in his heart to build a house for the name of our Father, the God of Israel. Alò, li te nan kè a papa m, David, pou bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye Israël la.
8 But our Father told David my father, 'Because building a house for my name was in your heart, you did well to intend this. Men SENYÈ a te di a papa m, David: ‘Akoz li te nan kè ou pou bati kay pou non Mwen an, ou te fè byen lè sa te nan kè ou a.
9 But you will not build the house; your son, from your own body—he will build the house for my name.' Sepandan, ou p ap bati kay la, men fis ou ki va fèt a ou menm, li va bati kay la pou non Mwen.’”
10 Now our Father has fulfilled the word he spoke: I have succeeded David my father and sit on Israel's throne, as he promised, and I have built the house for the name of our Father, the God of Israel. “Koulye a, SENYÈ a gen tan fin akonpli pawòl ke Li te pale a. Paske mwen te monte nan plas a papa m David, pou chita sou twòn Israël la, jan SENYÈ a te pale a, e te bati kay la pou non SENYÈ a, Bondye Israël la.
11 There I placed the ark, holding the covenant our Father made with the people of Israel." La, mwen te mete lach ki gen akò SENYÈ a ladann nan, akò ke Li te fè avèk fis Israël yo.”
12 Then Solomon stood before our Father's altar in the presence of the whole assembly of Israel and spread out his hands. Konsa, li te kanpe devan lotèl SENYÈ a nan prezans a tout asanble Israël la, e li te lonje men li.
13 Solomon had made a bronze platform about seven and a half feet long, seven and a half feet wide, four and a half feet high, and set it in the middle of the court. He stood on it, knelt before the whole assembly of Israel, and spread his hands toward heaven. Alò, Salomon te fè yon etaj an bwonz, senk koude nan longè, senk koude nan lajè ak twa koude nan wotè e li te plase li nan mitan gran lakou a. Epi li te kanpe sou li, li te mete li ajenou nan prezans a tout asanble Israël la, e li te lonje men li vè syèl la.
14 He said, O my Father, God of Israel, no Father is like you in heaven or on earth, keeping covenant and showing loyal love to your servants who walk before you wholeheartedly. Li te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, nanpwen dye tankou Ou nan syèl la ni sou tè a, k ap kenbe akò avèk lanmou dous avèk sèvitè Ou yo ki mache devan Ou avèk tout kè yo;
15 You kept your promise to your servant David my father; what you spoke with your mouth you fulfilled with your hand today. ki te kenbe pawòl avèk sèvitè Ou, David, papa m, nan sa ke Ou te pwomèt li a. Anverite, Ou te pale avèk bouch Ou, e Ou te akonpli li avèk men Ou, jan sa ye jodi a.
16 So now, my Father, God of Israel, keep for your servant David my father what you promised: "You will never lack a man before me on Israel's throne, if only your sons watch their way to walk in my law, as you have walked before me." “Pou sa, O SENYÈ, Bondye Israël la, kenbe avèk sèvitè Ou a, David, sa ke ou te pwomèt li a. Ou te di: ‘Ou p ap manke yon nonm ki pou chita sou twòn Israël la, si sèlman fis ou yo fè atansyon nan chemen yo, pou mache nan lalwa pa Mwen, jan ou te mache devan M nan.’
17 And now, my Father, God of Israel, let the word you spoke to your servant David be confirmed. Alò, pou sa, O SENYÈ, Bondye Israël la, kite pawòl Ou konfime nan sa Ou te pale a sèvitè Ou a, David.
18 But will our Father really live with people on earth? The heavens and highest heavens can't hold you—how much less this house I built. “Men èske Bondye va vrèman rete avèk lòm sou tè a? Gade byen, syèl la avèk pi wo syèl la pa kab kenbe Ou; bokou mwens, pou kay sa a ke m te konstwi a.
19 Yet hear the prayer of your servant and his plea, O my Father, and hear the cry and prayer your servant prays before you. Malgre sa, prete atansyon a lapriyè a sèvitè Ou a, avèk sa li mande a, O SENYÈ Bondye mwen an, pou koute lè m kriye ak lapriyè ke sèvitè Ou a fè devan Ou;
20 May your eyes be open toward this house day and night, toward the place where you said you'd put your name, to hear the prayer your servant prays toward this place. pou zye Ou kapab ouvri vè kay sa a lajounen kon lannwit, vè plas sou sila Ou te di ke Ou ta mete non Ou la, pou koute lapriyè ke sèvitè Ou a va fè vè plas sa a.
21 Hear your servant's and your people Israel's pleas when they pray toward this place. Hear from heaven, your dwelling; and when you hear, forgive. Koute a siplikasyon a sèvitè Ou yo ak pèp Ou a, Israël, lè yo priye vè plas sa a; koute depi nan abitasyon Ou an, nan syèl la; e lè Ou koute, padone.
22 If a man sins against his neighbor and must swear an oath, and he comes and swears his oath before your altar in this house, “Si yon nonm peche kont vwazen li, pou li oblije sèmante e li vin fè yon sèman devan lotèl Ou nan kay sila a,
23 then hear from heaven and act. Judge your servants: pay back the guilty for their deeds, and clear the righteous, rewarding them by their righteousness. alò, tande soti nan syèl la e aji pou jije sèvitè Ou yo, avèk pinisyon pou mechan an k ap fè chemen pa li vin tonbe sou pwòp tèt li, epi pou rann jistis a sila ki dwat yo e ba li selon ladwati li.
24 If your people Israel, defeated by enemies for sinning against you, turn back to praise your name, pray, and plead with you in this house, “Si pèp Ou a ta vin bat devan yon lènmi akoz peche ke yo konn fè kont Ou, e yo retounen kote Ou pou konfese non Ou; si yo priye devan Ou e fè siplikasyon devan Ou nan kay sa a,
25 then hear from heaven, forgive the sin of your people Israel, and bring them back to the land you gave to them and their ancestors. alò, koute soti nan syèl la, e padone peche a pèp Ou a, Israël. Mennen yo retounen nan peyi ke Ou te bay a yo menm avèk zansèt pa yo.
26 When the sky is shut with no rain because they sinned against you, if they pray toward this place, praise your name, and turn from their sin when you make them suffer, “Lè syèl yo vin fèmen e nanpwen lapli akoz peche ke yo fè kont Ou, si yo fè lapriyè vè plas sa a e konfese non Ou, pou yo vire kite peche pa yo lè Ou aflije yo;
27 then hear from heaven, forgive your servants' sin, your people Israel, when you teach them the good path to walk, and send rain on your land, which you gave your people as their inheritance. alò, tande nan syèl la e padone peche a sèvitè Ou yo ak pèp Ou a, Israël. Anverite, enstwi yo selon bon chemen nan sila yo ta dwe mache a, epi voye lapli sou tè ke Ou te bay a pèp Ou a kòm eritaj la.
28 If famine, plague, blight, mildew, locust, or caterpillar strikes the land; if enemies besiege them in their towns—whatever plague or sickness comes, “Si gen gwo grangou nan peyi a, si se gwo maladi, si gen gwo dega jaden ak bèt, oswa kanni, si gen krikèt oswa bèt volan, si lènmi yo fè syèj a yo menm nan teren vil yo, nenpòt toumant, nenpòt maladi,
29 whatever prayer or plea anyone or all your people Israel makes, each knowing his own suffering and pain and spreading his hands toward this house, nenpòt lapriyè oswa siplikasyon ki fèt pa nenpòt moun, oswa pa tout pèp Ou a, Israël, chak moun ki konnen pwòp soufrans li ak pwòp doulè li e ki vin ouvri men li vè kay sila a,
30 then hear from heaven, your home, and forgive, and repay each according to all his ways, since you know his heart—for you alone know every human heart, nan lè sa a, koute depi nan syèl la, abitasyon pa Ou a, epi padone e bay a chak moun selon pwòp chemen li, kè a sila Ou konnen yo (paske Ou menm sèl konnen kè a fis a lòm yo),
31 so they may fear you and walk in your ways as long as they live on the land you gave our ancestors. pou yo ta kapab gen lakrent Ou, pou mache nan chemen Ou yo pou tout tan ke yo rete nan peyi ke Ou te bay a zansèt nou yo.
32 Also, when a foreigner not of your people Israel comes from a distant land for your great name, your mighty hand, and your outstretched arm—when they come and pray toward this house, “Anplis, selon etranje ki pa sòti nan pèp Ou a, Israël, lè li sòti nan yon peyi lwen, akoz gran non pa Ou, avèk men pwisan Ou ak bwa Ou ki lonje byen ouvri a, lè yo vini fè lapriyè vè kay sila a,
33 then hear from heaven where you live, and do all the foreigner asks, so all the earth's peoples may know your name and fear you, as your people Israel do, and know this house I built bears your name. alò, koute depi nan syèl la, depi abitasyon Ou a, e fè selon tout sa ke etranje sila a vin mande Ou, jis pou tout pèp sou latè yo kapab konnen non Ou e gen lakrent ou, jan pèp Israël Ou a konn fè a, pou yo kapab rekonèt ke kay sila ke m te bati a rele pa non Ou.
34 If your people go to war against their enemies wherever you send them, and pray to you toward this city you have chosen and the house I built for your name, “Lè pèp Ou a sòti pou batay kont lènmi yo, pa nenpòt chemen ke Ou ta voye yo, e yo priye a Ou menm vè vil sila ke Ou te chwazi ak kay ke m te bati pou non Ou a,
35 then hear from heaven their prayer and their plea, and uphold their cause. nan lè sa a, koute lapriyè yo soti nan syèl la avèk siplikasyon yo, e bay soutyen a koz pa yo.
36 If they sin against you—for no one is without sin—and you are angry with them and hand them to an enemy who takes them captive to a land far or near, “Lè yo fè peche kont Ou (paske nanpwen lòm ki pa peche), epi Ou fache avèk yo jis Ou livre yo a yon lènmi, e yo pran yo mete an kaptivite nan yon peyi lwen, oswa pre;
37 yet if in the land of their captivity they take it to heart, and turn back and plead with you there, saying, "We have sinned, we did wrong, we acted evilly," si yo vin reflechi nan peyi kote yo te mennen an kaptivite a, repanti, e fè siplikasyon a Ou menm nan peyi kaptivite yo a, e di: ‘Nou te peche, nou fè inikite e te aji avèk mechanste;’
38 if they turn back to you with all their heart and soul in the land of their captivity where they were taken, and pray toward their land you gave their ancestors, the city you chose, and the house I built for your name, si yo retounen a Ou menm avèk tout kè yo, avèk tout nanm yo soti nan peyi kaptivite yo a, kote yo te mennen yo an kaptivite a, e priye vè peyi yo a ke Ou te bay a zansèt yo, ak vil ke Ou te chwazi a, e vè kay ke m te bati pou non Ou a,
39 then hear from heaven, your dwelling place, their prayer and pleas, uphold their cause, and forgive your people who sinned against you. alò, tande, depi nan syèl la, depi nan abitasyon pa Ou a, lapriyè pa yo, avèk siplikasyon pa yo, e bay soutyen a koz pa yo, epi padone pèp Ou a ki te peche kont Ou.
40 Now, my Father, let your eyes be open and your ears attentive to the prayer of this place. “Koulye a, O Bondye mwen, mwen priye, kite zye Ou louvri e zòrèy ou vin atantif a lapriyè sa a, ki fèt nan plas sa a.
41 And now arise, my Father, and come to your resting place, you and the ark of your might. Let your priests, my Father, be clothed with salvation, and let your faithful ones rejoice in your goodness. “Alò, pou sa, leve, O SENYÈ Bondye, a plas repo pa Ou a, Ou menm avèk lach pwisan pa Ou a. Kite prèt Ou yo, SENYÈ Bondye, abiye avèk sali, e kite fidèl Ou yo rejwi nan tout sa ki bon.
42 My Father, do not reject your anointed one. Remember your covenant love for David your servant. “O SENYÈ Bondye, pa vire kite fas a onksyone pa Ou a. Sonje lanmou dous Ou vè sèvitè Ou a, David.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]