Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Chronicles 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Solomon completed all the work for the house of our Father. He then brought in his father David's dedicated things—silver, gold, all the vessels—and put them in the storerooms of the house of our Father. Konsa, tout travay ke Salomon te acheve pou kay SENYÈ a te fini. Epi Salomon te mennen fè antre tout bagay ke David, papa li, te dedye yo, menm ajan avèk lò a, tout zouti yo e li te mete yo nan trezò lakay Bondye a.
2 Solomon then gathered Israel's elders, all tribal heads, and leaders of Israel's ancestral families in Jerusalem, to bring up the ark of the covenant of our Father from the City of David, also called Zion. Apre, Salomon te rasanble nan Jérusalem ansyen Israël yo, ak tout chèf a tribi yo, chèf lakay papa zansèt a fis Israël yo, pou mennen fè monte lach SENYÈ a sòti andeyò vil David la, ki se Sion.
3 So all the men of Israel gathered before the king at the feast in the seventh month. Tout mesye Israël yo te rasanble yo kote wa a nan fèt ki te nan setyèm mwa a.
4 When all the elders of Israel had come, the Levites took up the ark. Konsa, tout ansyen Israël yo te vini. Levit yo te leve pran lach la.
5 The priests and Levites brought up the ark, the tent of meeting, and all the holy vessels in it. Yo te mennen lach la fè l monte avèk tant asanble a ak tout zouti sen ki te nan tant yo. Prèt Levit yo te mennen fè yo monte.
6 King Solomon and all Israel's assembly who had gathered before him stood before the ark, sacrificing sheep and cattle too many to count or number. Epi Wa Salomon avèk tout asanble Israël ki te rasanble avèk li devan lach yo, t ap fè sakrifis a yon tèlman gran kantite mouton avèk bèf ke yo pa t kab kontwole ni konte.
7 The priests brought our Father's covenant ark to its place, the house's inner sanctuary, the Most Holy Place, beneath the cherubim's wings. Answit, prèt yo te mennen lach akò a SENYÈ a antre nan plas li, anndan sanktyè enteryè kay la, nan kote ki sen pase tout lòt yo anba zèl a cheriben yo.
8 For the cherubim spread their wings over the ark's place, covering it and its poles from above. Paske cheriben yo te lonje zèl yo sou plas lach la, jiskaske cheriben yo te fè yon kouvèti sou lach la avèk poto li yo.
9 The poles were long enough that their ends showed from the ark before the inner sanctuary, but not outside; they remain there to this day. Poto yo te tèlman long ke pwent poto a lach yo te vizib devan sanktyè enteryè a, men yo pa t kab wè pa deyò. Epi yo toujou la jis rive jodi a.
10 The ark held nothing but the two tablets Moses placed there at Horeb, where our Father made a covenant with the Israelites when they left Egypt. Pa t gen anyen nan lach la sof ke de tablo ke Moïse te mete ladann nan Horeb yo, kote SENYÈ a te fè yon akò avèk fis Israël yo lè yo te sòti an Égypte la.
11 Then the priests left the holy place. (All priests present had made themselves holy, regardless of their divisions, Lè prèt yo te vin sòti nan kote pi sen pase tout lòt kote yo, (paske tout prèt ki te prezan yo te deja sanktifye yo menm san kontwole divizyon sèvis pa yo),
12 and all the Levite singers—Asaph, Heman, Jeduthun, their sons and relatives—stood east of the altar in fine linen, playing cymbals, harps, and lyres, with 120 priests blowing trumpets.). epi tout chantè Levit yo, Asaph, Héman, Jeduthun, fis pa yo avèk fanmi pa yo, te abiye an twal len fen, avèk senbal, ap, gita, yo te kanpe nan kote lès a otèl la e avèk yo, san-ven prèt ki t ap soufle twonpèt yo,
13 The trumpeters and singers, united, praised and thanked our Father with one voice—raising their voices with the trumpets, cymbals, and instruments, they praised him: "He is good; his covenant love endures forever." Then a cloud filled our Father's house, ansanm lè mesye twonpèt yo avèk chantè yo te gen pou fè son yo tande ansanm tankou yon sèl vwa pou lwanj avèk glwa SENYÈ a, lè yo te leve vwa yo akonpanye patwonpèt avèk senbal ak enstriman mizik yo, lè yo te louwe SENYÈ a e te di: “Paske Li bon, lanmou dous Li a dire pou tout tan!” Konsa, lakay SENYÈ a te ranpli avèk yon nwaj,
14 so the priests couldn't stand to serve because of the cloud, for the glory of our Father filled the house of our Father. jiskaske prèt yo pa t kab kanpe pou fè sèvis akoz nwaj la. Paske glwa SENYÈ a te ranpli kay Bondye a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]