Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Chronicles 10 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Rehoboam went to Shechem, for all Israel had come to Shechem to make him king. Roboam te ale Sichem, paske tout Israël te vini Sichem pou fè l vin wa.
2 When Jeroboam son of Nebat heard of it—he was in Egypt, having fled from King Solomon—Jeroboam returned from Egypt. Lè Jéroboam, fis a Nebath la te tande sa, (paske li te an Égypte kote li te sove ale rive pou l kite prezans a wa Salomon), Jéroboam te retounen soti an Égypte.
3 So they sent for him, and Jeroboam and all Israel came and said to Rehoboam, Pou sa, yo te voye lòd pou l vini. Lè Jéroboam avèk tout Israël te vini, yo te pale ak Roboam. Yo te di:
4 "Your father made our yoke heavy. Now lighten your father's hard service and the heavy yoke he put on us, and we will serve you." “Papa ou te fè fado nou rèd. Alò, pou sa, lache sèvis di a papa ou ak fado lou a ke li te konn mete sou nou an, e nou va sèvi ou.”
5 He said to them, "Come back to me in three days." So the people went away. Li te di yo: “Retounen kote mwen nan twa jou.” Konsa, pèp la te ale.
6 Then King Rehoboam consulted the elders who had served his father Solomon during his lifetime: "How do you advise me to answer these people?" Alò, Wa Roboam te fè konsiltasyon avèk ansyen ki te konn sèvi papa li yo, Salomon pandan li te vivan an. Li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou reponn a pèp sila a?”
7 They replied, "If you are good to these people, please them, and speak kindly, they will always be your servants." Yo te pale avèk li e te di: “Si ou va aji nan dousè avèk pèp sa a, si ou va fè yo kontan e pale pawòl dous ak yo, alò, yo va vin sèvi ou nèt.”
8 But he rejected the elders' advice and consulted the young men who grew up with him and served him. Men li te echwe konsèy ansyen yo te bay li yo, pou l te konsilte jennonm ki te grandi ansanm avè l e ki te kanpe devan l.
9 He asked them, "What do you advise? How should we answer these people asking me to lighten the yoke my father put on us?" Konsa, li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou m ta reponn pèp sila a, ki te pale avèk mwen, ki te di: ‘Fè fado ke papa ou te konn mete sou nou an vin pi lejè?’”
10 The young men who grew up with him replied, "Tell the people who told you, 'Your father made our yoke heavy; lighten it for us'—tell them: 'My little finger is thicker than my father's waist.' Jennonm ki te konn grandi avèk li yo te pale avèk li. Yo te di: “Konsa ou va reponn a pèp sila ki te pale avèk ou a, ki te di: ‘Papa ou te fè jouk nou lou; men ou menm, fè l pi lejè pou nou.’ Konsa, ou va reponn yo: ‘Ti dwèt mwen pi gwo pase ren papa m!
11 My father put a heavy yoke on you; I'll add to it. My father disciplined you with whips; I will discipline you with scorpions.'" Konsi papa m te chaje nou avèk yon jouk lou, mwen va mete anplis sou jouk nou an. Papa m te konn disipline avèk fwèt, men mwen menm, avèk eskòpyon.’”
12 So Jeroboam and all the people came to Rehoboam on the third day, as the king had said, "Come back to me on the third day." Konsa, Jéroboam avèk tout pèp la te parèt a Roboam nan twazyèm jou a jan wa a te mande lè l te di: “Retounen kote mwen nan twazyèm jou a.”
13 The king answered them harshly. King Rehoboam rejected the advice of the elders, Wa a te reponn yo byen di, e Wa Roboam te echwe konsèy a ansyen yo.
14 and spoke to them as the young men advised: "My father made your yoke heavy; I will make it heavier. My father disciplined you with whips; I will discipline you with scorpions." Li te pale avèk yo selon konsèy a jennonm yo, e li te di: “Papa m te konn fè jouk nou lou, men mwen va mete anplis sou li. Papa m te fè disiplin avèk fwèt, men mwen va fè disiplin avèk eskòpyon.”
15 So the king did not listen to the people, for this turn came from our Father, to fulfill the word our Father spoke through Ahijah the Shilonite to Jeroboam son of Nebat. Konsa, wa a pa t koute pèp la, paske sa se te yon boulvèsman ki te soti nan Bondye, pou SENYÈ a ta kapab etabli pawòl ke Li te pale pa Achija, Silonit lan, a Jéroboam nan, fis a Nebath la.
16 When all Israel saw the king would not listen to them, the people answered him: "What share do we have in David? No inheritance in Jesse's son! To your tents, Israel! Look to your own house, David!" So all Israel went home to their tents. Lè tout Israël te wè ke wa a pa t koute yo, pèp la te reponn wa a e te di: “Ki pòsyon nou gen nan David? Nanpwen eritaj pou nou nan fis Jesse a! Tout gason rive nan tant ou, O Israël! Koulye a, David, okipe pwòp lakay ou!” Konsa, tout Israël te pati rive nan tant yo.
17 But Rehoboam still reigned over the Israelites who lived in the cities of Judah. Men pou fis Israël ki te rive nan vil a Juda yo, Roboam te renye sou yo.
18 Then King Rehoboam sent Hadoram, in charge of the forced labor, but the Israelites stoned him to death. King Rehoboam himself jumped into his chariot and fled to Jerusalem. Epi Wa Roboam te voye Hadoram ki te chèf kòve yo, e fis Israël yo te lapide li ak kout wòch jiskaske li te mouri. Wa Roboam te fè vit monte cha li pou sove ale rive Jérusalem.
19 So Israel has been in rebellion against the house of David to this day. Konsa, Israël te vin nan rebelyon kont kay David la jis rive jodi a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]