Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Chronicles 21 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Jehoshaphat rested with his ancestors, buried with them in the City of David; his son Jehoram reigned instead. Alò, Josaphat te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere avèk zansèt li yo nan vil David la; e Joram, fis li a, te vin wa nan plas li.
2 Jehoram's brothers, sons of Jehoshaphat: Azariah, Jehiel, Zechariah, Azariah, Michael, Shephatiah. All these were sons of Jehoshaphat king of Israel. Joram te gen frè, fis a Josaphat yo: Azaria, Micaël, avèk Schephathia. Tout sila yo te fis a Josaphat, wa Israël la.
3 Their father gave them many gifts—silver, gold, precious things—and fortified cities in Judah, but gave the kingdom to Jehoram, because he was firstborn. Papa yo te ba yo anpil kado an ajan, lò, avèk bagay presye, avèk vil fòtifye nan Juda, men li te bay wayòm nan a Joram akoz li te premye ne.
4 Once Jehoram rose over his father's kingdom, he grew strong and killed all his brothers with the sword, and also some of Israel's officials. Lè Joram te fin kontwole wayòm papa li, e te fè pozisyon li byen solid, li te touye tout frè li yo avèk nepe, ansanm ak kèk nan chèf Israël yo tou.
5 Jehoram was thirty-two years old when he became king, and he reigned eight years in Jerusalem. Joram te gen trann-dezan lè l te devni wa e li te renye pandan uitan Jérusalem.
6 He walked in the way of Israel's kings, as Ahab's house had done, for Ahab's daughter was his wife, and he did evil in our Father's eyes. Li te mache nan chemen a wa Israël yo, menm jan avèk lakay Achab, (paske fi Achab la te madanm li) e li te fè mal nan zye a SENYÈ a.
7 Yet our Father would not destroy the house of David, because of the covenant he made with David, and his promise to give him and his sons a lamp forever. Men SENYÈ a pa t vle detwi lakay David akoz akò ke Li te fè ak David la, e akoz Li te fè pwomès pou bay yon lanp pou li avèk fis li yo jis pou tout tan.
8 In Jehoram's days Edom rebelled against Judah's rule and set up their own king. Pandan jou li yo, Édom te fè rebèl kont otorite Juda yo, e yo te etabli yon wayòm pou kont yo.
9 Jehoram crossed with his commanders and all his chariots. He rose at night and struck the Edomites surrounding him and the chariot commanders. Konsa, Joram te travèse avèk chèf li yo ak tout cha li yo avèk li. Li te leve pandan nwit lan, e li te touye Edomit ki te antoure li yo, avèk chèf a cha yo.
10 Edom rebelled against Judah's rule to this day; Libnah also rebelled then, because he had abandoned our Father, the God of his ancestors. Akoz sa, Édom te fè rebèl kont Juda jis rive Jodi a. Epi Libna te fè rebèl menm lè a kont otorite li, akoz li te bliye SENYÈ a, Bondye a zansèt li yo.
11 He built high places on Judah's hills, led Jerusalem's people to prostitute themselves, and drew Judah astray. Anplis, li te fè wo plas nan mòn Juda yo. Li te fè pèp Jérusalem nan jwe pwostitisyon, e li te mennen Juda nan move wout.
12 A letter came to him from Elijah the prophet: Your Father, God of your ancestor David, says: Because you haven't walked in the ways of your father Jehoshaphat, or the ways of Asa king of Judah, Pou sa a, yon lèt te vin kote li soti nan men Élie, pwofèt la. Li te di: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a papa zansèt ou a, David: ‘Akoz ou pa t mache nan chemen a Josaphat, papa ou, ak nan chemen Asa, wa Juda a,
13 but walked like Israel's kings, led Judah and Jerusalem's people to be unfaithful, as Ahab's house led Israel, and killed your brothers—your father's house—men better than you, men ou te mache nan chemen wa Israël yo, e ou te fè Juda avèk pèp Jérusalem nan jwe pwostitisyon, jan lakay Achab te jwe pwostitisyon an. Anplis, ou te touye frè ou yo, pwòp fanmi pa w, ki te pi bon pase ou.
14 now your Father will strike your people, children, wives, and all your goods with a great plague. Pou sa a, men gade, SENYÈ a va frape pèp ou a, fis ou yo, madanm ou yo ak tout byen ou yo avèk gwo malè.
15 You will have a severe intestinal disease, until day by day your intestines come out. Ou va vin soufri yon maladi ki rèd, yon maladi zantray ou, jiskaske zantray ou vin sòti akoz maladi a.’”
16 Our Father stirred up against Jehoram the spirit of the Philistines and Arabs near the Cushites. SENYÈ a te boulvèse lespri Filisten yo kont Joram, ansanm ak Arab yo ki te nan lizyè Etyopyen yo.
17 They attacked Judah, invaded it, and seized all the goods found in the king's palace, plus his sons and wives, leaving him no son except Jehoahaz, his youngest. Yo te vini kont Juda pou te atake li, e yo te fè pote ale tout posesyon ke yo te jwenn lakay wa a, ansanm avèk fis li yo, ak madanm li yo, jiskaske pa t gen fis ki te rete pou li, sof Joachaz, pi piti nan fis li yo.
18 After all this, our Father struck him with an incurable disease in his intestines. Konsa, apre tout bagay sa a, SENYÈ a te frape li nan zantray li avèk yon maladi ki pa t kab geri.
19 In time, after two years, his intestines came out because of his disease, and he died in agony. His people made no fire for him, as they had for his ancestors. Alò, li te vin rive pandan tan ekoule a, nan fen dezan, ke zantray li te sòti akoz maladi li a, e li te mouri avèk gwo doulè. Epi pèp li a pa t fè dife pou li tankou dife yo te fè pou papa zansèt li yo.
20 He was thirty-two when crowned king; he reigned eight years in Jerusalem. He died unmourned, buried in the City of David, but not among the kings' tombs. Li te gen trann-dezan lè l te vin wa e li te renye Jérusalem pandan uitan. Lè l te mouri li te san regrè a pèsòn. Yo te antere li lavil David, men pa nan tonm a wa yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]