Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Chronicles 20 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Later, Moabites and Ammonites, with some Meunites, came to make war on Jehoshaphat. Alò, li te vin rive apre sa ke fis Moab yo avèk fis Ammon yo, ansanm avèk kèk nan Maonit yo te vini pou fè lagè kont Josaphat.
2 Messengers came and reported to Jehoshaphat, "A vast army comes against you from beyond the Dead Sea, from Edom, already at Hazazon-tamar" (En-gedi). Kèk moun te vin bay rapò a Josaphat e te di: “Yon gran foul ap pwoche kont ou soti lòtbò lanmè Syrie. Gade byen, yo rive Hatsatson-Thamar” (ki En-Guédi a).
3 Jehoshaphat was afraid, so he set himself to seek our Father, and proclaimed a fast throughout Judah. Josaphat te byen pè. Li te vire atansyon li pou chache SENYÈ a, e te pwoklame yon jèn toupatou nan Juda.
4 Judah gathered to seek our Father; from every town of Judah they came to seek him. Konsa, Juda te rasanble ansanm pou chache èd SENYÈ a. Yo te sòti menm nan tout vil a Juda yo pou chache SENYÈ a.
5 Then Jehoshaphat stood up in the assembly of Judah and Jerusalem, in our Father's house, before the new courtyard. Konsa, Josaphat te kanpe nan asanble Juda a avèk Jérusalem, lakay SENYÈ a devan tribinal nèf la.
6 He said: "O our Father, God of our ancestors, are you not our Father in heaven? You rule all kingdoms of nations. Power and might are in your hand; none can stand against you. Li te di: “O SENYÈ, Bondye a zansèt pa nou yo, èske se pa Ou menm ki Bondye nan Syèl yo? Èske se pa Ou menm ki renye sou tout wayòm a nasyon yo? Pwisans avèk majeste, se nan men Ou, jiskaske nanpwen moun ki kab kanpe kont Ou.
7 Our Father, didn't you drive out this land's people before your people Israel, giving it forever to Abraham your friend's descendants? Èske se pa Ou menm, O Bondye nou an, ki te chase tout sila ki te rete nan peyi sa a devan pèp Ou a, Israël pou bay li a desandan Abraham yo, zanmi Ou an, jis pou tout tan?
8 They have lived in it and have built you a sanctuary in it for your name, saying, Yo te abite ladann, yo te bati sanktyè Ou a la pou non Ou, e yo te di:
9 if disaster comes on us—sword of judgment, plague, or famine—we'll stand before this house and before you, for your name is in this house, and cry out to you in our distress, and you'll hear and save. ‘Si mechanste ta vini sou nou, nepe, oswa jijman, oswa epidemi, oswa gwo grangou, nou va kanpe devan kay sila a e devan Ou menm, (paske non pa Ou sou kay sa a) pou kriye a Ou menm nan twoub nou yo, ke Ou va tande pou delivre nou.’
10 Now: Ammon, Moab, and Mount Seir—you would not let Israel invade them when they came from Egypt; Israel turned away from them and did not destroy them. Alò, gade, fis a Ammon yo avèk Moab avèk Mòn Séir, kilès ou te anpeche Israël pran lè yo te sòti nan peyi Égypte la. Konsa, yo te vire akote e yo pa t detwi yo.
11 See how they repay us, coming to drive us from the possession you gave us to inherit. Gade, koulye a, jan y ap rekonpanse nou lè yo vin parèt pou chase nou mete deyò soti nan posesyon ke Ou te bannou kòm eritaj la.
12 Our Father, won't you judge them? We're powerless against this vast army coming against us; we don't know what to do, but our eyes are on you." O Bondye nou, èske Ou p ap jije yo? Paske nou san pouvwa devan gran foul sila a k ap vini kont nou an. Ni nou pa konnen kisa pou nou fè, men zye nou ap gade sou Ou.”
13 All Judah stood there before our Father, with their little ones, their wives, and their children. Tout Juda te kanpe devan SENYÈ a avèk ti bebe yo, madanm yo ak zanfan yo.
14 Then our Father's Spirit came on Jahaziel son of Zechariah, son of Benaiah, son of Jeiel, son of Mattaniah, a Levite of Asaph's line, amid the assembly. Alò, nan mitan asanble a, Lespri SENYÈ a te vini sou Jachaziel, fis a Zacharie a, fis a Benaja a, fis a Jeïel la, fis a Matthania a, Levit la ak fis a Asaph yo.
15 He said: "Listen, all Judah, Jerusalem's residents, and King Jehoshaphat. This is what our Father says to you: Do not fear or be terrified by this vast army—the battle isn't yours but our Father's. Epi li te di: “Koute, tout Juda avèk pèp Jérusalem nan ak Wa Josaphat: konsa pale SENYÈ a a nou menm: ‘Pa pè, ni pa pèdi kouraj akoz gran foul sila a, paske batay la pa pou nou, men se pou Bondye li ye.
16 Tomorrow go down against them: they're climbing the Ziz ascent; you'll find them at the valley's end, facing the Jeruel wilderness. Demen, desann kont yo. Tande byen, yo va vin monte kote pant ti mòn Tsits lan, e nou va jwenn yo nan dènye pwent vale a devan dezè Jeruel la.
17 You won't need to fight this battle. Take your places, stand firm, and watch our Father rescue you, Judah and Jerusalem. Don't fear or lose heart. March out against them tomorrow, for our Father is with you.'" Nou pa bezwen goumen nan batay sila a. Pran pozisyon nou e kanpe gade delivrans SENYÈ a anfavè nou, O Juda, avèk Jérusalem. Pa pè, ni pa pèdi kouraj. Demen sòti pou parèt devan yo, paske SENYÈ a avèk nou.’”
18 Jehoshaphat bowed face-down, and all Judah and Jerusalem's people fell in worship before our Father. Josaphat te bese tèt li jis atè, e tout Juda avèk moun Jérusalem yo te tonbe atè devan SENYÈ a, pou adore Li.
19 Then the Levites from the Kohathites and Korahites stood to praise our Father, Israel's God, with a loud voice raised high. Levit ki te nan fis a Keatit yo, e nan fis a Koreyit yo, te kanpe pou louwe SENYÈ a, Bondye Israël la, nan yon trè gwo vwa.
20 At dawn they went out to Tekoa's wilderness. As they went out, Jehoshaphat stood and said, "Hear me, Judah and people of Jerusalem. Trust your Father and you'll stand firm; trust his prophets and you'll succeed." Yo te leve granmmaten, e yo te sòti deyò nan dezè Tekoa a. Pandan yo tap sòti, Josaphat te kanpe. Li te di: “Koute mwen, O Juda avèk moun Jérusalem yo, mete konfyans nou nan SENYÈ a, Bondye nou an, e nou va etabli. Mete konfyans nou nan pwofèt Li yo, e nou va vin reyisi.”
21 After consulting the people, Jehoshaphat appointed singers to our Father to praise his holy splendor, marching ahead of the army: "Give thanks to our Father, for his faithful love endures forever." Lè li te fin konsilte pèp la, li te chwazi sila ki te chante a SENYÈ yo avèk sila ki te fè louwanj nan vètman sen yo, pandan yo t ap sòti devan lame a. Yo t ap di: “Bay remèsiman a SENYÈ a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.”
22 As they began to sing and praise, our Father set ambushes against the Ammonites, Moabites, and the people of Mount Seir who were attacking Judah, and they were struck down. Depi lè a, yo te kòmanse chante ak bay louwanj, SENYÈ a te mete anbiskad kont fis a Ammon yo, Moab avèk Mòn Séir, ki te vini kont Juda yo epi yo te vin boulvèse.
23 Ammon and Moab turned against Mount Seir's people to destroy and annihilate them; once Seir's people were finished, Ammon and Moab turned and slaughtered each other. Paske fis Ammon yo avèk Moab yo te leve kont fis Mòn Séir yo pou te detwi yo nèt. Lè yo te fini avèk moun Mòn Séir yo, yo te asiste pou detwi youn lòt.
24 When Judah reached the wilderness lookout and looked toward the vast army, they saw only corpses fallen on the ground—no one had escaped. Lè Juda te rive nan wotè sou dezè a, yo te gade vè gwo foul la, epi vwala, te gen kadav ki te kouche atè a. Okenn pa t chape.
25 Jehoshaphat and his people came to plunder the dead, finding abundant goods, clothing, and valuables—too much to carry, so gathering it took three days. Lè Josaphat avèk pèp li a te vini pran piyaj la, yo te twouve anpil bagay pami yo; byen, vètman ak bagay valab ke yo te pran pou yo menm, plis pase yo ta kab pote. Yo te pran twa jou pou ranmase piyaj la, paske li te tèlman anpil.
26 On day four, they gathered at the Valley of Beracah and praised our Father there—so it's named Valley of Beracah to this day. Nan katriyèm jou a, yo te fè asanble nan vale Beraca a. La, yo te beni SENYÈ a. Akoz sa, yo te rele plas sa a: “Vale Beraca a” jis rive jodi a.
27 All the men of Judah and Jerusalem, Jehoshaphat leading, returned there with joy, for our Father gave them joy over their enemies. Tout mesye Juda avèk Jérusalem yo te retounen avèk Josaphat sou tèt la. Yo te retounen Jérusalem avèk kè kontan, paske SENYÈ a te fè yo rejwi sou lènmi yo.
28 They entered Jerusalem with harps, lyres, and trumpets, and went to the house of our Father. Yo te vini Jérusalem avèk ap, gita yo ak twonpèt pou rive vè kay SENYÈ a.
29 Fear of our Father fell on all the surrounding kingdoms when they heard our Father fought Israel's enemies. Lakrent Bondye te sou tout wayòm a lòt peyi yo lè yo te tande ke SENYÈ a te goumen kont lènmi Israël yo.
30 So Jehoshaphat's kingdom was at peace, for his Father gave him rest on every side. Konsa, wayòm Josaphat a te gen lapè, paske Bondye li a te ba li repo tout kote.
31 Jehoshaphat reigned over Judah, crowned at thirty-five, twenty-five years in Jerusalem; his mother, Azubah daughter of Shilhi. Alò, Josaphat te renye sou Juda. Li te gen laj a trann-senk ane lè l te devni wa a e li te renye Jérusalem pandan venn-senkan. Non manman l se te Azuba, fi a Schilchi a.
32 He walked in his father Asa's ways, never turning aside, doing right in our Father's eyes. Li te mache nan chemen papa li, Asa, e li pa t kite li. Li te toujou fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a.
33 Yet the high places stayed; the people still had not set their hearts on their ancestors' God. Sepandan, wo plas yo pa t retire. Pèp la potko dirije kè yo vè Bondye a zansèt yo a.
34 Jehoshaphat's other acts, first to last, are in Jehu son of Hanani's records, found in the Book of Kings of Israel. Alò, tout lòt zèv a Josaphat yo, soti nan premye jis rive nan dènye a, gade byen, yo ekri nan rejis a Jéhu, fis a Hanani, ki enskri nan Liv Wa Israël Yo.
35 Later Jehoshaphat king of Judah allied with Ahaziah king of Israel, who did evil. Apre sa, Josaphat, wa Juda a te fè alyans avèk Achazia, wa Israël la. Li te aji mal nan fè bagay sa a.
36 He joined with him to build a fleet of trading ships to go to Tarshish, built at Ezion-geber. Konsa, li te alinye li avèk li pou fè bato yo rive Tarsis e yo te fè bato yo rive nan Etsjon-Guéber.
37 Eliezer son of Dodavahu of Mareshah prophesied against Jehoshaphat: "For allying with Ahaziah, our Father broke your work apart." The ships wrecked and couldn't sail to Tarshish. Epi Éliézer, fis a Dodava a nan Maréscha, te pwofetize kont Josaphat. Li te di: “Akoz ou te fè alyans avèk Achazia, SENYÈ a te detwi zèv ou yo.” Pou sa, bato yo te kraze, e yo pa t kab ale Tarsis.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]