Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Chronicles 14 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Abijah rested with his ancestors; they buried him in the City of David. His son Asa became king, and the land had peace ten years. Konsa, Abija te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li nan lavil David la. Fis li a, Asa, te vin wa nan plas li. Peyi a te rete kalm e san pwoblèm pandan dizan pandan jou li yo.
2 Asa did what was good and right in the sight of our Father. Asa te fè byen ak sa ki dwat nan zye SENYÈ a, Bondye li a,
3 He removed the foreign altars and high places, smashed the sacred pillars, and cut down the Asherah poles. paske li te retire lotèl etranje yo avèk wo plas yo, e li te chire pilye sakre yo avèk Asherim yo.
4 He commanded Judah to seek our Father, the God of their ancestors, and keep the law and commandment. Li te kòmande Juda pou chache SENYÈ a zansèt yo a, e swiv lalwa avèk kòmandman an.
5 He also removed the high places and incense altars from all Judah's cities, and the kingdom was at peace under him. Li te osi retire wo plas yo avèk lotèl lansan yo soti nan tout vil Juda yo. Wayòm nan te rete kalm anba li.
6 He built fortified cities in Judah, for the land was at peace. He fought no war those years, because our Father gave him rest. Li te bati vil fòtifye Juda yo, akoz peyi a te san pwoblèm e pa t gen okenn moun ki te fè lagè avèk li pandan ane sila yo, akoz SENYÈ a te ba li repo.
7 He told Judah, "Let us build these cities and surround them with walls, towers, gates, and bars. The land is still ours, because we sought our Father; we sought him, and he gave us rest all around." So they built and thrived. Paske li te di a Juda: “Annou bati vil sila yo e antoure yo avèk miray avèk wo tou, pòtay avèk ba an fè. Peyi a toujou pou nou akoz nou te chache SENYÈ a, Bondye nou an. Nou te chache Li, e Li te bannou repo sou tout kote.” Konsa yo te bati e yo te byen reyisi.
8 Asa had an army of 300,000 from Judah with large shields and spears, and 280,000 from Benjamin with shields and bows—all mighty warriors. Alò, Asa te gen yon lame a twa-san-mil mesye soti nan Juda, avèk gran boukliye defans ak lans e de-san-katreven-mil soti nan Benjamin ki te pote boukliye defans e te manyen banza. Tout nan yo, te gèrye ki plen kouraj.
9 Zerah the Cushite marched against them with a million troops and 300 chariots, advancing to Mareshah. Alò, Zérach, Etyopyen an, te vin parèt kont yo avèk yon lame a yon-milyon moun ak twa-san cha, e li te rive nan Maréscha.
10 Asa marched out against him, and they lined up for battle in the Valley of Zephathah at Mareshah. Pou sa, Asa te sòti pou rankontre li, e yo te parèt nan chan batay yo nan vale Maréschja a.
11 Then Asa cried to our Father his God: "Father, only you can help the powerless against the mighty. Help us, our God, for we rely on you, and in your name we face this vast horde. You are our God; let no mere man prevail against you." Konsa, Asa te rele SENYÈ a, Bondye li a. Li te di: “SENYÈ, nanpwen lòt sof ke Ou menm pou ede pami pwisan yo, ak sila ki san fòs. Pou sa, ede nou, O SENYÈ, Bondye nou an; paske nou mete konfyans nan Ou, e nan non Ou, nou te vini kont gran foul sila a. O SENYÈ, se Ou ki Bondye nou an. Pa kite lòm pran viktwa kont Ou menm.”
12 So our Father struck down the Cushites before Asa and before Judah, and the Cushites fled. Konsa, SENYÈ a te boulvèse Etyopyen devan Asa yo ak devan Juda yo, e Etyopyen yo te sove ale.
13 Asa and his people pursued them to Gerar, and the Cushites fell until none survived, for they were shattered before our Father and his army. Judah's men carried off great plunder. Asa avèk moun ki te avèk li yo te kouri dèyè yo jis rive Guérar. Yon tèlman gran kantite Etyopyen te tonbe ke yo pa t kab kanpe ankò; paske yo te kraze nèt devan SENYÈ a ak devan lame Li a. Lame Juda a te pote fè sòti yon trè gran piyaj.
14 They struck down all the cities around Gerar, for the terror of our Father had fallen on them. They looted all the cities, since much plunder was in them. Yo te detwi tout vil ki te antoure Guérar yo, paske laperèz SENYÈ a te fin tonbe sou vil yo. Epi yo te depouye tout vil yo, paske yo te gen anpil piyaj.
15 They also attacked the herdsmen's tents, carried off many sheep and camels, and returned to Jerusalem. Anplis, yo te touye sila ki te gen bèt yo, e yo te pote ale yon gran kantite mouton avèk chamo. Answit, yo te retounen Jérusalem.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]