Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Chronicles 15 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The Spirit of our Father came upon Azariah son of Oded. Alò, Lespri Bondye a te vini sou Azaria, fis a Obed la.
2 He went out to meet Asa and said to him, "Hear me, Asa and all Judah and Benjamin: our Father is with you while you're with him. If you seek him, you will find him; if you abandon him, he will abandon you. Li te sòti deyò pou rankontre Asa e li te di li: “Koute mwen, Asa e tout Juda avèk Benjamin: SENYÈ a avèk nou lè nou avèk Li. Epi si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va abandone ou.
3 For a long time Israel was without our Father, without a teaching priest, and without law. Pandan anpil jou, Israël te kon san vrè Bondye a, san enstriksyon, san prèt e san lalwa.
4 In their distress they turned to our Father, the God of Israel, sought him, and they found him. Men nan gran twoub yo, yo te vire kote SENYÈ a, Bondye Israël la. Yo te chache Li e yo te jwenn Li.
5 In those times no one going out or coming in was safe, for great turmoil struck all living in the lands. Nan tan sa yo, pa t gen lapè pou sila ki sòti, ni sila ki antre a, paske anpil gwo zen te twouble tout moun ki te rete nan peyi yo.
6 Nation crushed nation and city crushed city, for our Father troubled them with every kind of distress. Nasyon te kraze pa nasyon, vil pa vil, paske Bondye te twouble yo avèk tout kalite gwo twoub.
7 But you, be strong; do not lose heart, for your work will be rewarded." Men nou menm, kenbe fèm e pa pèdi kouraj, paske gen rekonpans pou travay nou yo.”
8 When Asa heard these words, the prophecy of Oded the prophet, he took courage and removed the detestable idols from all the land of Judah and Benjamin, and from the cities he had captured in the Ephraim hill country. He restored the altar of our Father in front of his temple entrance. Lè Asa te tande pawòl sila yo avèk pwofesi ke Azaria, fis a Obed la, te pale a, li te pran kouraj, e li te retire zidòl abominab yo soti nan tout peyi Juda avèk Benjamin yo, ak nan vil ke li te kaptire nan peyi kolin Éphraïm yo. Lè l fini, li te restore lotèl SENYÈ a ki te devan galri SENYÈ a.
9 He gathered all Judah and Benjamin, plus those from Ephraim, Manasseh, and Simeon living among them, since many in Israel had crossed over to him when they saw our Father was with him. Li te rasanble tout Juda avèk Benjamin avèk tout sila ki te sòti Éphraïm, Manassé ak Siméon yo, ki te rete avèk yo, paske anpil nan yo te vin jwenn li soti an Israël lè yo te wè ke SENYÈ a, Bondye a, te avèk li.
10 They assembled at Jerusalem in the third month of the fifteenth year of Asa's reign. Konsa, yo te rasanble Jérusalem nan twazyèm mwa, nan kenzyèm ane, nan règn Asa a.
11 That day they sacrificed to our Father from the plunder—700 oxen and 7,000 sheep. Yo te fè sakrifis bay SENYÈ a nan jou sa a, sèt-san bèf avèk sèt-mil mouton soti nan piyaj ke yo te pote a.
12 They covenanted to seek our Father, God of their ancestors, with all their heart and with all their soul. Yo te antre nan akò pou chache SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, avèk tout kè yo ak nanm yo;
13 Whoever would not seek our Father, the God of Israel, was to be put to death, whether small or great, whether man or woman. epi ke nenpòt moun ki te refize chache SENYÈ a, Bondye Israël la, ta dwe mete a lanmò, piti kon gran, gason kon fanm.
14 They swore to our Father with a loud voice, with shouting, and with trumpets and horns. Anplis, yo te fè yon sèman bay SENYÈ avèk yon gwo kri, avèk twonpèt e avèk ti twonpèt wo vwa a.
15 All Judah rejoiced over the oath, for they swore with their whole heart, sought him with their whole desire, and found him. And our Father gave them rest on every side. Tout Juda te rejwi akoz sèman an, paske yo te sèmante avèk tout kè yo. Yo te chache Li ak kè onèt yo, e Li te kite yo jwenn Li. Konsa, SENYÈ a te ba yo repo tout kote.
16 King Asa also removed his mother Maacah from being queen mother, because she had made a detestable image for Asherah; he cut it down, ground it to dust, and burned it in the Kidron Valley. Anplis, li te retire Maaca, manman a Wa Asa a, nan pozisyon rèn nan, akoz li te fè imaj li byen abominab tankou yon Astarté, e Asa te fè koupe imaj abominab li a. Li te kraze li, e li brile li nan flèv Cédron an.
17 Though the high places were not removed from Israel, Asa's heart remained wholly devoted throughout his life. Men wo plas yo pat retire soti an Israël; sepandan, kè Asa te san repwòch pandan tout jou li yo.
18 He brought into our Father's house his father's dedicated gifts and his own dedicated gifts—silver, gold, and utensils. Li te pote lakay SENYÈ a tout bagay dedye ki te pou papa li ak bagay dedye ki te pou li yo: ajan avèk lò avèk zouti.
19 And there was no war until the thirty-fifth year of Asa's reign. Epi pa t gen lagè ankò jis rive nan trann-senk ane règn a Asa a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]