Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Chronicles 13 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In the eighteenth year of King Jeroboam, Abijah became king of Judah. Nan di-zuityèm ane Wa Jéroboam nan, Abijah te devni wa sou Juda.
2 He reigned three years in Jerusalem; his mother was Micaiah, Uriel of Gibeah's daughter. Abijah and Jeroboam went to war. Li te renye pandan twazan Jérusalem. Non manman l te Micaja, fi a Uriel la nan Guibea. Alò, te gen lagè antre Abija avèk Jéroboam.
3 Abijah joined battle with an army of 400,000 chosen warriors, mighty in war; Jeroboam lined up against him with 800,000 chosen, mighty warriors. Abija te ouvri batay la avèk yon lame gèrye vanyan, kat-san-mil mesye byen chwazi, pandan Jéroboam t ap fè fòmasyon batay la kont li avèk ui-san-mil mesye byen chwazi, gèrye vanyan.
4 Abijah stood on Mount Zemaraim in Ephraim's hill country and said, "Hear me, Jeroboam and all Israel! Abija te kanpe sou Mòn Tsemaraïm ki nan peyi ti mòn Éphraïm yo, e li te di: “Koute mwen, O Jéroboam avèk tout Israël:
5 Don't you know our Father, the God of Israel, gave David and his sons Israel's throne forever, by a covenant of salt? Èske ou pa konnen ke SENYÈ a, Bondye Israël la, te bay pouvwa sou Israël jis pou tout tan a David avèk fis li yo pa yon sèl akò?
6 But Jeroboam son of Nebat—a servant of Solomon son of David—rose and rebelled against his master. Men Jéroboam, fis a Nebath la, sèvitè a Salomon an, fis a David la, te leve e te fè rebèl kont mèt li a.
7 Worthless men gathered around him, defying Solomon's son Rehoboam, young and timid, unable to resist them. Yon bann sanzave te rasanble vè li menm, vagabon yo, yon eprèv ki te twò fò pou Roboam, fis a Salomon an, lè li te trè jèn, timid e li pa t ka kenbe plas pa l kont yo.
8 Now you think you can resist our Father's kingdom in David's sons' hands, since you're a huge crowd with the golden calves Jeroboam made as your gods. “Epi koulye a, ou gen entansyon fè rezistans kont wayòm SENYÈ a pa fis a David yo. Se yon gran foul nou ye, e nou gen avèk nou jenn bèf an lò ke Jéroboam te fè kòm dye pou nou.
9 Haven't you driven out our Father's priests, Aaron's sons and the Levites, and made your own priests like other nations? Anyone who comes with a young bull and seven rams can become a priest of things that aren't gods. Èske nou pa t chase mete deyò prèt SENYÈ yo, fis a Aaron yo avèk Levit yo, e te fè pou kont nou prèt tankou pèp lòt peyi yo? Nenpòt moun ki vini konsakre li menm avèk yon jenn towo ak sèt belye, menm li menm kapab devni yon prèt a sila ki pa dye yo.
10 But our Father is ours, and we haven't abandoned him. The priests serving him are Aaron's sons, and the Levites are at their work. “Men pou nou, SENYÈ a se Bondye pa nou an e nou pa t abandone Li. Fis Aaron yo ap fè sèvis a SENYÈ a kòm prèt e se Levit yo ki fè travay a yo menm.
11 Every morning and evening they burn to our Father burnt offerings and fragrant incense; they set rows of bread on the pure gold table and tend the gold lampstand, lit every evening. We keep our Father's charge, but you have abandoned him. Chak maten e chak swa, yo brile bay SENYÈ a ofrann brile avèk lansan santi bon, pen konsakre ki sou tab pwòp, e chandelye a avèk lanp li yo pou limen chak swa; paske nou kenbe chaj a SENYÈ a, Bondye nou an, men ou te abandone Li.
12 Look, our Father is with us at our head, and his priests have trumpets to sound alarm against you. Israelites, do not fight our Father, the God of your ancestors, for you will not prevail." Koulye a, veye byen, Bondye avèk nou sou tèt nou, e prèt Li yo avèk twonpèt siyal pou sonnen alam kont nou. O fis Israël yo, pa goumen kont SENYÈ a zansèt nou yo, paske nou p ap reyisi.”
13 Jeroboam had sent an ambush around, to come from behind them; his forces faced Judah, the ambush behind them. Men Jéroboam te fè yon anbiskad pou vini pa dèyè, pou Israël ta devan Juda e anbiskad la pa dèyè yo.
14 Judah turned, saw battle facing them front and back, cried to our Father; the priests blew the trumpets. Lè Juda te vire, alò yo te atake ni devan ni dèyè; pou sa, yo te kriye a SENYÈ a e prèt yo te soufle twonpèt yo.
15 Judah's men shouted the war cry, and as they shouted, our Father struck Jeroboam and all Israel before Abijah and Judah. Konsa mesye Juda te fè leve kri lagè a, e nan moman sa a, Bondye te boulvèse Jéroboam avèk tout Israël devan Abija avèk Juda.
16 The people of Israel fled before Judah, and our Father handed them over to Judah. Lè fis Israël yo te fin sove ale devan Juda, Bondye te livre yo nan men yo.
17 Abijah and his army struck them a heavy blow; 500,000 chosen men of Israel fell dead. Abija avèk pèp li a te detwi yo avèk yon gwo masak, jiskaske senk-san-mil mesye Israël te tonbe mouri.
18 So Israel was humbled then, and Judah prevailed because they relied on our Father, God of their ancestors. Konsa, fis Israël yo te soumèt nan tan sa a, e fis Juda yo te pran viktwa a akoz yo te depan de SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a.
19 Abijah chased Jeroboam, capturing cities from him—Bethel and its villages, Jeshanah and its villages, Ephron and its villages. Abija te kouri dèyè Jéroboam e te kaptire plizyè vil nan men li: Béthel avèk bouk pa li yo, Jeschana avèk bouk pa li yo, e Éphron avèk bouk pa li yo.
20 Jeroboam never regained his strength during Abijah's lifetime, and our Father struck him down, and he died. Jéroboam pa t ankò reprann fòs li nan jou a Abija yo. SENYÈ a te frape li e li te vin mouri.
21 But Abijah grew strong. He married fourteen wives and had twenty-two sons and sixteen daughters. Men Abija te vin fò. Li te pran katòz madanm pou kont li, e li te devni papa a venn-de fis ak sèz fi.
22 The rest of Abijah's acts, his ways and sayings, are written in the prophet Iddo's commentary. Alò, tout lòt zèv Abija yo, avèk chemen pa li yo ekri nan memwa a pwofèt la, Iddo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]