Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Timothy 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Paul, an apostle of Christ Jesus by command of our Father, our Savior, and of Christ Jesus our hope, Paul, yon apot a Kris Jésus selon kòmandman Bondye a, Sovè nou an, e a Kris Jésus ki se esperans nou.
2 to Timothy, my true child in the faith: grace, mercy, peace from our Father and Christ Jesus our Lord. A Timothée, vrè pitit mwen nan lafwa mwen an: lagras, mizerikòd, ak lapè ki soti nan Bondye Papa a, e Senyè nou an, Jésus Kri.
3 As I urged you when leaving for Macedonia, stay in Ephesus to instruct some people not to teach different doctrine, Jan mwen te ankouraje ou sou depa mwen pou Macédoine nan, rete an Éphèse pou nou kapab enstwi sèten moun pou yo pa enstwi yon lòt doktrin nèf;
4 nor devote themselves to myths and endless genealogies, which breed speculations instead of our Father's stewardship through faith. ni pou yo pa prete atansyon a fo istwa ak jeneyaloji ki pa janm fini, e ki ankouraje espekilasyon olye pou yo fè avanse jerans Bondye pa lafwa a.
5 The goal of this command is love from a pure heart, good conscience, and sincere faith. Men bi a enstriksyon nou an se lanmou ki soti nan yon kè san tach, bon konsyans ak yon lafwa ki sensè.
6 Some have wandered away from these and turned aside to meaningless talk, Paske kèk moun, nan egare kite bagay sa yo pou vin detounen nan diskou ki pa pote fwi,
7 wanting to be teachers of the law, without understanding either what they say or what they insist on so confidently. ki ta vle mèt k ap enstwi lalwa, menmsi yo pa menm konprann ni sa y ap di a, ni sijè ke yo pale avèk plen konfyans lan.
8 Now we know that the law is good, as long as it is used lawfully, Men nou konnen ke Lalwa bon, si yon moun itilize li nan yon fason lejitim.
9 knowing this: the law isn't laid down for the righteous but for the lawless and rebellious, the wicked and sinful, the unholy and irreverent, for those who strike their fathers and mothers, for murderers, Reyalize ke Lalwa pa fèt pou yon nonm ki dwat, men pou sila ki san prensip e ki rebèl yo, pou sila ki san Bondye ak pechè yo, pou sila ki pa sen ak mechan yo, pou sila ki touye papa oswa manman yo, pou asasen yo,
10 sexual sinners, men who sleep with men, slave traders, liars, perjurers, and whatever else opposes sound teaching, epi pou moun imoral ak moun k ap mennen vi gason ak gason, fanm ak fanm yo, e sila ki fè komès esklav ak mantè yo, e sila ki bay fo temwayaj ak tout lòt kalite bagay ki kontrè a bon doktrin yo,
11 in keeping with the glorious gospel of our blessed Father, with which I have been entrusted. selon levanjil laglwa Bondye ki beni an, li menm ke yo te konfye m nan.
12 I thank Christ Jesus our Lord, who strengthened me, since he considered me faithful, appointing me to his service. Mwen remèsye Kris Jésus Senyè nou an, ki te ranfòse mwen, paske Li te konsidere mwen fidèl e te mete m an sèvis:
13 I once insulted God, persecuted others, and was violent—yet I was shown mercy, since I acted ignorantly, lacking faith. malgre ke avan sa, mwen te yon blasfematè, yon pèsekitè e yon agresè vyolan. Malgre sa, mwen te resevwa gras akoz mwen te aji avèk inyorans nan enkwayans.
14 Our Lord's grace overflowed for me, with faith and love in Christ Jesus. Konsa, lagras Senyè nou an te plis ke anpil, avèk lafwa ak lanmou ki twouve nan Kris Jésus a.
15 A trustworthy saying worthy of full acceptance: Christ Jesus came into the world to save sinners—I am the worst of them. Li se yon vrè pawòl, ki merite aksepte pa tout moun, ke Kris Jésus te vini nan mond lan pou sove pechè yo, pami sila yo, mwen menm se premye a.
16 But I was shown mercy for this: in me, the worst of sinners, Christ Jesus could display his complete patience, as a pattern for those who would believe in him for eternal life. Malgre tout, se pou rezon sa a, ke mwen te twouve gras; pouke nan mwen, kòm chèf pami pechè yo, Jésus Kris ta kapab montre pasyans pafè Li a, kòm yon egzanp pou sila ki ta kwè nan Li yo pou lavi etènèl.
17 To the King of the ages, immortal, invisible, the only God, be honor and glory forever and ever. Amen. Koulye a, pou Wa etènèl la, imòtèl la, envizib la, sèl Bondye a; lonè ak laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
18 Timothy, my child, I entrust you with this charge, matching the prophecies once spoken over you, so that by them you may fight the good fight, Lòd sa a mwen konfye a ou menm, Timothée, fis mwen an, ki an akò avèk pwofesi a konsènan ou menm ki te fèt deja, ke pa yo menm, ou te mennen bon konba a,
19 holding on to faith and a good conscience. By rejecting these, some have shipwrecked their faith, nan kenbe lafwa ak yon bon konsyans, ke kèk moun te rejte, e te fè nofraj nan sa ki gen rapò a lafwa yo.
20 including Hymenaeus and Alexander, whom I handed to Satan to be taught not to insult God. Pami sila yo, se Hyménée ak Alexandre, ke mwen te livre a Satan pou yo kab aprann pou yo pa fè blasfèm.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]