Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Kings 8 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then Solomon gathered Israel's elders—all the tribal heads, the leaders of the ancestral houses of the children of Israel—before King Solomon in Jerusalem, to bring up the ark of the covenant of our Father from the city of David, that is Zion. Alò, Salomon te rasanble ansyen Israël yo avèk tout tèt a tribi yo, chèf a fanmi zansèt a fis Israël yo, kote Wa Salomon Jérusalem, pou mennen fè montelach akò SENYÈ a soti nan lavil David ki Sion an.
2 So all Israel's men gathered to King Solomon at the festival in Ethanim, the seventh month. Tout mesye Israël yo te rasanble yo menm kote ak Wa Salomon nan fèt la nan mwa Éthanim nan, ki se setyèm mwa a.
3 When all the elders of Israel had come, the priests took up the ark, Tout ansyen Israël yo te vini, e prèt yo te leve pran lach la.
4 they brought up the ark of our Father, the tent of meeting, and all the holy vessels in the tent; the priests and Levites brought them up. Yo te mennen fè monte lach SENYÈ a, tant asanble a, avèk tout zouti sen ki te nan tant yo. Prèt yo avèk Levit yo te mennen fè yo monte.
5 King Solomon and the whole assembly of Israel gathered with him stood before the ark, sacrificing sheep and cattle too many to count or record. Wa Salomon avèk tout kongregasyon Israël la, ki te rasanble vè li, te avèk li devan lach la. Yo t ap fè sakrifis a yon tèlman gran kantite mouton avèk bèf ke yo pa t kab konte ni kontwole.
6 Then the priests brought the ark of our Father's covenant to its place, the inner sanctuary, the Most Holy Place, under the cherubim's wings. Prèt yo te mennen lach akò SENYÈ a nan plas li. Yo te mete l nan sanktyè enteryè a kay la, nan plas ki sen pase tout lòt yo a, anba zèl a cheriben yo.
7 The cherubim spread their wings over the ark's place, covering the ark and its poles from above. Cheriben yo te lonje zèl pa yo anwo plas lach la e yo te sèvi kon yon kouvèti sou lach la avèk poto li yo soti anwo.
8 The poles were so long their ends showed from the Holy Place before the inner room, but not from outside; and they remain there today. Men poto yo te tèlman long ke pwent poto yo te vizib sèlman soti nan lye sen an devan sanktyè enteryè a. Men yo pa t kab wè pa deyò; epi yo la jis rive jodi a.
9 In the ark were only the two stone tablets Moses put there at Horeb, where our Father made a covenant with the children of Israel when they came out of the land of Egypt. Pa t gen anyen nan lach la sof ke de tablo wòch ke Moïse te mete la nan Horeb yo, kote SENYÈ a te fè yon akò avèk fis Israël yo, lè yo te sòti nan peyi Égypte la.
10 When the priests came out of the Holy Place, the cloud filled the house of our Father, Li te fèt ke lè prèt yo te sòti nan lye sen an ke nwaj la te ranpli kay SENYÈ a,
11 so the priests could not stand to serve because of the cloud, for the glory of our Father filled his house. jiskaske prèt yo pa t kab fè sèvis akoz nwaj la. Paske glwa SENYÈ a te ranpli kay SENYÈ a.
12 Then Solomon said: "Our Father has said that he would dwell in thick darkness. Alò, Salomon te di: “SENYÈ a te di ke Li ta abite nan nwaj pwès.
13 I have indeed built you an exalted house, a place for you to dwell in forever." Mwen te vrèman bati pou Ou yon kay byen wo, yon plas pou Ou ta abite jis pou tout tan.”
14 The king turned and blessed the whole assembly of Israel, as the whole assembly of Israel stood. Konsa, wa a te vire tounen e te beni tout asanble Israël la pandan tout asanble Israël la te kanpe.
15 He said: "Praised be our Father, the God of Israel, who with his own mouth spoke to my father David and with his own hand fulfilled it, saying, Li te di: “Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te pale avèk bouch li a papa m David, e ki te akonpli sa avèk men l, e ki te di:
16 since I brought my people Israel out of Egypt, I chose no city from all Israel's tribes to build a house for my name; but I chose David over my people Israel. ‘Depi jou ke M te fè pèp Mwen an, Israël, sòti an Égypte, Mwen pa t chwazi yon vil nan tout tribi Israël yo pou M ta bati yon kay pou non Mwen ta kapab la; men mwen te chwazi David pou renye sou pèp Mwen an, Israël.’
17 It was in my father David's heart to build a house for the name of our Father, the God of Israel. “Alò, sa te nan kè papa m, David pou bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye Israël la.
18 But our Father said to my father David, 'Since building a house for my name was in your heart, you did well to have it in your heart. Men SENYÈ a te di a papa m, David: ‘Akoz li te nan kè ou pou bati yon kay pou non Mwen, ou te fè byen, paske se te nan kè ou.
19 But you yourself will not build the house; your son, who comes from your own body, will build the house for my name.' Sepandan, ou p ap bati kay la, men fis ou ki va fèt a ou menm nan, li va bati kay la pou non Mwen.’
20 And our Father has kept the word he spoke, for I have risen up in place of my father David and sit on the throne of Israel, as he promised, and I have built the house for the name of our Father, the God of Israel. Alò, SENYÈ a te fin akonpli pawòl ke Li te pale a. Paske mwen te leve nan plas papa m, David. Mwen chita sou twòn Israël la, jan SENYÈ a te pwomèt la, e mwen te bati kay la pou non SENYÈ a, Bondye Israël la.
21 There I made a place for the ark holding our Father's covenant, which he made with our fathers when he brought them out of Egypt." La mwen te poze yon plas pou lach la, nan sila akò a ke SENYÈ a te fè avèk zansèt nou yo lè Li te mennen yo soti nan peyi Égypte la.”
22 Solomon stood before our Father's altar, in front of the whole assembly of Israel, and spread his hands toward heaven. Salomon te kanpe devan lotèl SENYÈ a nan prezans a tout asanble Israël la, e te lonje ouvri men li vè syèl la.
23 He said: "Our Father, God of Israel, no God like you in heaven above or on earth below, keeping covenant and loyal love with your servants who walk before you with all their heart. Li te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, nanpwen Bondye tankou Ou nan syèl la anwo, ni sou latè anba, k ap kenbe akò e montre lanmou dous a sèvitè Ou yo ki mache devan Ou avèk tout kè yo,
24 You kept your promise to your servant, my father David; what your mouth spoke, your hand has fulfilled today. ki te kenbe avèk sèvitè Ou, papa m, David, sa ke Ou te pwomèt li a. Anverite Ou te pale avèk bouch Ou e Ou te akonpli li avèk men Ou, jan sa ye nan jou sila a.
25 So now, our Father, God of Israel, keep for your servant David my father what you promised him, saying, "You will never lack a man to sit before me on Israel's throne, if only your children watch their way, to walk before me as you have walked before me." Alò, pou sa, O SENYÈ, Bondye Israël la, kenbe avèk sèvitè Ou a, David, papa m, sa ke Ou te pwomèt li a lè Ou te di: ‘Ou p ap manke yon nonm pou chita sou twòn Israël la, si sèlman fis ou yo veye chemen yo, pou mache devan Mwen menm jan ke ou te mache a.’
26 And now, our Father, God of Israel, confirm the word you spoke to your servant, my father David. “Koulye a, pou sa, O Bondye Israël la, kite pawòl Ou, mwen priye, vin konfime ke Ou te pale a sèvitè Ou a, papa m, David.
27 But will our Father really dwell on the earth? Look—the heavens and highest heavens cannot contain you; how much less this house I built! Men èske Bondye, anverite, va rete sou latè? Gade byen, syèl la avèk syèl pi wo a p ap kab kenbe Ou; konbyen anplis kay sa a ke m te bati a!
28 Yet turn to your servant's prayer and plea, my Father, to hear the cry and prayer your servant prays before you today. Sepandan, gade lapriyè sèvitè Ou a, avèk siplikasyon pa li, O SENYÈ, Bondye mwen, pou koute kri ak lapriyè ke sèvitè Ou a fè devan Ou jodi a;
29 May your eyes stay open toward this house night and day, the place you said "My name will be there," to hear your servant's prayer toward this place. pou zye Ou ta rete louvri vè kay sila a lajounen kon lannwit, vè plas kote Ou te di: ‘Non Mwen va rete la,’ pou koute lapriyè ke sèvitè ou a va fè vè plas sa a.
30 Hear your servant's and your people Israel's plea when they pray toward this place; hear from heaven, your home, and when you hear, forgive. Koute siplikasyon a sèvitè Ou, e a pèp Ou a, Israël lè yo priye vè plas sila a. Koute nan syèl la, kote Ou abite a; e lè Ou koute, padone.
31 If someone sins against his neighbor and must take an oath, and comes to swear before your altar in this house, “Si yon nonm peche kont vwazen li, e si li oblije fè yon ve, si li vin fè ve a devan lotèl Ou, nan kay sila a,
32 then hear from heaven and act. Judge your servants: condemn the guilty, bringing their conduct on their own head, and clear the righteous, rewarding them for their righteousness. alò, tande nan syèl la e pran desizyon pou jije sèvitè Ou yo; kondane mechan an, fè chemen pa li a vin sou pwòp tèt li. Epi fè jistis vini sou sila ki dwat la, lè Ou ba li selon ladwati li.
33 When your people Israel are defeated by an enemy because they sinned against you, then turn back to you, confess your name, and pray and plead with you in this house, “Lè pèp Ou a, Israël fin bat devan yon lènmi, akoz yo te peche kont Ou, si yo vire vè Ou ankò pou konfese non Ou, priye e fè siplikasyon vè Ou nan kay sa a,
34 then hear from heaven, forgive your people Israel's sin, and bring them back to the land you gave their ancestors. alò, tande nan syèl la, e padone peche a pèp Ou a Israël, e mennen yo retounen nan peyi ke Ou te bay zansèt yo.
35 When the sky is shut and no rain falls because they sinned against you, and they pray toward this place, confess your name, and turn from their sin because you made them suffer, “Lè syèl yo fèmen e nanpwen lapli, akoz yo te peche kont Ou, si yo priye vè plas sila a, konfese non Ou, e vire kite peche pa yo lè Ou aflije yo,
36 then hear from heaven and forgive the sin of your servants, your people Israel, when you teach them the good way they should walk; and send rain on your land, which you gave your people as an inheritance. alò, tande nan syèl la e padone peche a sèvitè Ou yo, e a pèp Ou a, Israël. Anverite, enstwi yo nan bon chemen nan sila yo ta dwe mache a, e voye lapli sou peyi ke Ou te bay a pèp Ou a, ke Ou te bay yo a kòm eritaj la.
37 If famine, plague, blight, mildew, locust, or grasshopper strikes the land; if an enemy besieges them at their gates—whatever plague or sickness comes, “Si gen gwo grangou nan peyi a, si gen toumant, si gen gwo maladi sou jaden oswa bèt, oswa wouy, epidemi nan youn nan espès krikèt volan yo, si lènmi pa yo fè syèj sou yo nan peyi vil pa yo, nenpòt kalite toumant, nenpòt gwo maladi,
38 whatever prayer or plea anyone among all your people Israel makes, each knowing the suffering of his own heart, spreading his hands toward this house, nenpòt lapriyè oswa siplikasyon ki fèt pa nenpòt moun, oswa pa tout pèp Israël yo, chak moun ki konnen afliksyon nan pwòp kè pa li, e ki leve men l ouvri vè kay sila a;
39 then hear from heaven, your home, and forgive, and act, and give each person according to all his ways, since you know his heart—you alone know every human heart, alò, tande nan syèl la, kote Ou abite a, padone, aji e rann a chak moun selon tout chemen yo, kè a sila Ou konnen an, paske se Ou sèl ki konnen kè a tout fis a lòm yo;
40 so they may fear you as long as they live on the land you gave our fathers. pou yo kapab gen lakrent Ou tout jou ke yo viv nan peyi ke Ou te bay a zansèt nou yo.
41 Also the foreigner, not of your people Israel but from a distant land for your name's sake, “Anplis, konsènan etranje ki pa apatyen a pèp Israël Ou a, lè li sòti nan yon peyi lwen pou koz non Ou,
42 for they will hear of your great name, your mighty hand and outstretched arm—when he comes and prays toward this house, (paske yo va tande afè gran non Ou, ak men pwisan Ou, ak bra louvri Ou), pou lè l vini fè lapriyè vè kay sila a,
43 hear from heaven, where you live, and do all the foreigner asks, so all the peoples of the earth may know your name and fear you, as your people Israel do, and know that this house I built bears your name. tande nan syèl la, kote ou abite a e fè tout sa ke etranje a mande Ou fè, jis pou tout pèp sou tout latè yo kapab konnen non Ou, pou gen lakrent Ou, tankou pèp Ou a Israël, pou yo kapab konnen ke kay sila a, mwen te bati a, rele pa non pa Ou.
44 When your people go out to battle their enemy, by whatever way you send them, and they pray to our Father toward the city you chose and the house I built for your name, “Lè pèp Ou a sòti nan batay kont lènmi yo, nan nenpòt chemen Ou ta voye yo, e yo priye a SENYÈ nan direksyon vil ke Ou te chwazi a, ak kay ke mwen te bati pou non Ou a,
45 then hear from heaven their prayer and their plea, and uphold their cause. alò, tande nan syèl la lapriyè yo, ak siplikasyon yo, e bay soutyen a ka pa yo.
46 When they sin against you—for no one is sinless—and you are angry and hand them to an enemy who captures them to the enemy's land, far or near, Lè yo peche kont Ou (pwiske nanpwen moun ki pa peche), Ou vin fache avèk yo, e Ou livre yo bay lènmi an pou fè yo sòti kaptif nan peyi a lènmi an, kit lwen, kit pre;
47 yet if they take it to heart in the land where they are held captive, and turn back and beg you in the land of their captors, saying, "We have sinned, done wrong, acted wickedly," si yo vin reflechi nan peyi kote yo te mennen kaptif la, yo vin repanti, e fè siplikasyon a Ou menm nan peyi a sila ki te pran yo kaptif la, e di: ‘Nou te peche e te fè inikite, nou te aji mal;’
48 and if in the land of their captors they turn back to you with all their heart and all their soul, and pray to you toward their land you gave their fathers, the city you chose, and the house I built for your name, si yo retounen a Ou menm avèk tout kè yo e avèk tout nanm yo nan peyi a lènmi ki te mennen yo kaptif yo, yo priye a Ou menm, vè peyi ke Ou te bay a zansèt yo, vil ke Ou te chwazi a, ak kay ke mwen te bati pou non Ou an;
49 then hear from heaven, your dwelling place, their prayer and their plea, and uphold their cause. alò, tande priyè yo, avèk siplikasyon yo, nan syèl la, plas kote Ou rete a e bay soutyen a koz pa yo,
50 Forgive your people who sinned against you, all their wrongs against you, and grant them compassion before their captors, so the captors show them compassion, epi padone pèp Ou a ki te peche kont Ou an ak tout transgresyon ke yo te fè kont Ou yo, e bay yo mizerikòd devan sila ki te fè yo kaptif yo, pou yo gen konpasyon pou yo.
51 for they are your people and your inheritance, whom you brought out of Egypt, from the iron furnace. (Pwiske se pèp Ou yo ye, e eritaj ke Ou te mennen sòti an Égypte la, ki te soti nan mitan founo fè a).
52 May your eyes be open to your servant's plea and the plea of your people Israel, and hear them whenever they call to you. Pou zye Ou kapab louvri a siplikasyon a sèvitè Ou, e a siplikasyon a pèp Ou a, Israël, pou koute yo nenpòt lè ke yo rele Ou.
53 For you set them apart from all earth's peoples as your inheritance, as you said through Moses your servant when you brought our fathers out of Egypt, O Sovereign Father." Paske Ou te mete yo apa de tout lòt pèp sou latè kòm eritaj Ou, jan Ou te pale pa Moïse, sèvitè Ou a, pandan Ou te mennen zansèt pa nou yo sòti an Égypte, O Senyè, BONDYE.”
54 When Solomon finished this whole prayer and plea to our Father, he rose from before our Father's altar, where he had knelt with hands spread toward heaven. Lè Salomon te fin priye tout priyè sila a, li te leve soti devan lotèl a SENYÈ a, soti sou jenou li avèk men li louvri anvè syèl la.
55 He stood and blessed the whole assembly of Israel with a loud voice, saying: Li te kanpe e te beni tout asanble Israël la avèk yon gwo vwa. Li te di:
56 "Blessed be our Father, who has given rest to his people Israel, just as he promised. Not one word failed of all the good he promised through his servant Moses. “Beni se SENYÈ a ki te bay repo a pèp Li a, Israël, selon tout sa ke Li te pwomèt yo. Pa menm yon mo pa t fè fayit nan tout bonte ke Li te pwomèt nou pa Moïse yo, sèvitè li a.
57 May our Father be with us as he was with our fathers; may he never leave or abandon us, Ke SENYÈ a, Bondye nou an, kapab avèk nou, jan Li te ye avèk zansèt nou yo. Ke Li pa janm kite nou ni abandone nou,
58 turning our hearts to him, to walk in all his ways and keep his commandments, statutes, and judgments, which he commanded our fathers. pou Li kapab atire kè nou vè Li menm, pou mache nan tout vwa Li yo e pou kenbe kòmandman Li yo avèk règleman Li yo avèk òdonans Li yo, ke Li te kòmande a zansèt nou yo.
59 And may these words of mine, pleaded before our Father, stay near him day and night, that he may uphold the cause of his servant and of his people Israel, as each day requires, Epi ke pawòl pa m sa yo, avèk sila mwen te fè siplikasyon devan SENYÈ a, kapab toupre SENYÈ a, Bondye pa nou an, lajounen kon lannwit, pou Li kapab bay soutyen a koz pèp Li a, Israël, jan chak jou mande a,
60 so all earth's peoples may know our Father is God, and there is no other. pou tout pèp sou latè yo kapab konnen ke SENYÈ a se Bondye; ke nanpwen okenn lòt.
61 So let your heart be fully devoted to our Father, to walk in his statutes and keep his commandments, as today." “Pou sa, kite kè nou vin dedye nèt a SENYÈ a, pou mache nan règleman Li yo, kenbe kòmandman Li, menm jan sa ye nan jou sila a.”
62 Then the king and all Israel with him offered sacrifices before our Father. Alò, wa a ak tout Israël avèk li te ofri sakrifis yo devan SENYÈ a.
63 Solomon offered to our Father peace offerings of 22,000 oxen and 120,000 sheep. So the king and all the children of Israel dedicated the house of our Father. Salomon te ofri kòm ofrann lapè ke Li te lofri SENYÈ a, venn-de-mil bèf avèk san-ven-mil mouton. Konsa wa a, avèk tout fis Israël yo te dedye kay SENYÈ a.
64 That same day the king dedicated the middle of the courtyard before the house of our Father, for there he offered the burnt offering, the grain offering, and the fat of the peace offerings, because the bronze altar before our Father was too small to hold the burnt offering, the grain offering, and the fat of the peace offerings. Nan menm jou sa a, wa a te konsakre lakou mitan ki te devan kay SENYÈ a, akoz se la li te ofri ofrann brile avèk ofrann sereyal yo, e grès a ofrann lapè yo. Paske lotèl bwonz ki te devan SENYÈ a te twò piti pou kenbe ofrann brile avèk ofrann sereyal yo, avèk grès a ofrann lapè yo.
65 Then Solomon held the festival, all Israel with him—a huge assembly from Lebo-hamath to the Brook of Egypt—before our Father seven days, then seven more: fourteen days in all. Konsa, Salomon te obsève fèt la nan lè sa a, e tout Israël avèk li, yon gran asanble soti nan antre Hamath jis rive nan ti kouran dlo Égypte la, devan SENYÈ a Bondye nou an, pandan sèt jou e avèk sèt jou anplis, katòz jou nèt.
66 On the eighth day he sent the people home. They blessed the king and went to their tents, joyful and glad-hearted for all the good our Father had shown his servant David and his people Israel. Nan uityèm jou a, li te voye pèp la ale, e yo te beni wa a. Epi yo te ale nan tant pa yo ranpli avèk jwa, kontan nan kè pou tout bonte ke SENYÈ a te montre a David, sèvitè li, e a Israël, pèp Li a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]