Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Kings 7 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 But Solomon spent thirteen years building his own palace, until he had finished all of it. Alò, Salomon te bati pwòp kay pa li pandan trèz ane, e li te fini tout kay li a nèt.
2 He built the House of the Forest of Lebanon: about 150 feet long, 75 feet wide, 45 feet high, on four rows of cedar pillars, with cedar beams atop them. Li te bati kay la avèk materyo forè Liban an. Longè li te san koude, lajè li te senkant koude e wotè li te trant koude, sou kat ranje pilye yo fèt an sèd avèk travès sèd sou pilye yo.
3 Above, it was roofed with cedar over the chambers that rested on the pillars, forty-five in all, fifteen to a row. Li te mete pano an sèd yo anwo chanm akote ki te sou karant-senk pilye yo, kenz nan chak ranje.
4 There were window frames in three rows, with window facing window in three tiers. Te gen fenèt ki te dekore an twa ranje ak fenèt ki te opoze a fenèt yo an twa ranje.
5 All the doorways and doorposts had rectangular frames, with window facing window in three tiers. Tout pòtay avèk poto pòt yo te gen ankadreman kare, byen dekore e fenèt yo te opoze a pòt yo an twa ranje.
6 He made the Hall of Pillars, about seventy-five feet long and forty-five wide, with a porch in front, pillars, and a canopy before them. Li te fè galeri a avèk pilye yo. Longè li te senkant koude, lajè li te trant koude e yon galeri te devan yo avèk pilye avèk yon pòtay antre pa devan yo.
7 He made the Hall of the Throne, where he judged—the Hall of Justice—paneled in cedar from floor to ceiling. Li te fè sal twòn kote li ta jije moun nan, sal jijman an, e atè a te kouvri avèk pano sèd soti nan yon bò pou rive nan lòt la.
8 His residence, in the other courtyard behind the hall, matched that workmanship. Solomon also built a similar house for Pharaoh's daughter, whom he had married. Kay kote li t ap viv nan lòt lakou anndan an te fèt avèk menm kalite travay la. Li te osi fè yon kay tankou sal sila a pou fi a Farawon an, avèk sila li te marye a.
9 All these were costly stones, cut to measure and sawed inside and outside, from foundation to coping, and outward to the great courtyard. Tout sa yo se te avèk wòch presye avèk wòch ki te koupe sou mezi, ki te siye avèk si, anndan kon deyò; menm soti nan fondasyon an jis rive anba twati yo e menm jan an, sou eksteryè a rive nan gran lakou a.
10 The foundation was costly stones, huge stones, some about fifteen feet long, some about twelve feet long. Fondasyon an te fèt avèk wòch presye, gwo wòch, wòch nan dis koude ak wòch nan uit koude.
11 Above were costly stones, cut to size, and cedar timber. Anwo se te wòch presye ki te koupe sou mezi, ansanm ak bwa sèd.
12 The great courtyard, all around, had three rows of dressed stone and a row of cut cedar beams, like the inner courtyard of our Father's house and its portico. Konsa, gran lakou toutotou a te gen twa ranje wòch koupe ak yon ranje travès sèd; menm jan avèk lakou enteryè lakay SENYÈ a ak galri kay la.
13 King Solomon sent to Tyre and brought back Hiram. Alò, Wa Salomon te voye mennen Hiram soti Tyr.
14 His mother was a widow from the tribe of Naphtali; his father, a Tyrian craftsman in bronze. Hiram was full of wisdom, understanding, and knowledge to do all bronze work. He came to King Solomon and did all the king's work. Li te fis a yon vèv soti nan tribi Nephtali e papa li te yon moun Tyr, yon travayè nan bwonz. Li te ranpli avèk sajès avèk konprann ak kapasite pou fè nenpòt kalite èv an bwonz. Konsa li te vini a Wa Salomon pou te fè tout travay li yo.
15 He cast two bronze pillars, each about twenty-seven feet high, with a cord of about eighteen feet around each. Li te fòme de pilye an bwonz yo, dizuit koude se te wotè a chak pilye e yon lign a douz koude te mezire distans antoure won a toude.
16 He made two cast-bronze capitals to top the pillars, each about seven and a half feet high. Li osi te fè de tèt kouvèti an bwonz fonn pou plase sou tèt a pilye yo. Wotè a yon tèt kouvèti te senk koude e wotè a lòt tèt kouvèti a te senk koude.
17 Latticework nets and chain-wreaths adorned each pillar's capital—seven on one, seven on the other. Te gen yon sistèm rezo fèt avèk chenn an fil tòde pou tèt kouvèti ki te sou tèt pilye yo: sèt pou yon tèt kouvèti e sèt pou lòt tèt kouvèti a.
18 He made the pillars, two rows of pomegranates around each network, covering the capitals on top—same for both capitals. Konsa, li te fè pilye yo: te gen de ranje antoure youn nan sistèm rezo yo pou kouvri tèt kouvèti ki te anwo grenad yo; epi se konsa li te fè pou lòt tèt kouvèti a.
19 Capitals atop the pillars in the porch were shaped like lilies, about six feet high. Tèt kouvèti ki te sou tèt pilye nan galeri yo te fèt ak desen flè lis, nan lajè kat koude.
20 On both pillars' capitals, above the curve beside the network, were 200 pomegranates in rows around each capital. Te gen tèt kouvèti yo sou de pilye yo, antoure avèk de-san grenad an ranje won ki pa an wo a chak tèt kouvèti, toupre rezo a. Epi de-san grenad te ranje toutotou de toulède tèt kouvèti yo.
21 He set up the pillars at the temple porch, naming the south one Jachin and the north one Boaz. Konsa, li te ranje pilye yo sou galeri gran chanm nan. Epi li te monte pilye adwat la e li te rele li Jakin; li te monte pilye agoch la e li te rele li Boaz.
22 On top of the pillars was the lily design. So the work of the pillars was finished. Sou tèt pilye yo se te yon desen flè lis. Se konsa èv pilye yo te fini.
23 He made the Sea of cast metal, round, about fifteen feet from rim to rim, about seven and a half feet high; a forty-five-foot line circled it. Alò, li te fè fòm lanmè fonde an metal dis koude soti nan yon bò a yon lòt, an fòm tou won e wotè li se te senk koude ak trant koude ki pou antoure l.
24 Below the rim, gourds encircled it, ten per foot and a half, all around the Sea; cast in two rows, one piece with it. Anba bò li a, kalbas yo te antoure li tou won, dis nan chak koude e te antoure lanmè a nèt. Kalbas yo te an de ranje, fonde ansanm avèk tout lòt bagay.
25 The Sea stood on twelve oxen: three facing north, three facing west, three facing south, three facing east, hindquarters inward. Lanmè a te kanpe sou douz bèf, twa avèk fas vè nò, twa avèk fas vè lwès, twa avèk fas vè sid e twa avèk fas vè lès. Li te poze sou yo e tout pati dèyè yo te vè anndan.
26 It was about three inches thick; its rim, like a cup's, flared like a lily blossom. It held about 12,000 gallons. Gwosè li te mezi a yon pla men pwès e arebò li te fèt tankou arebò a yon tas, tankou yon flè lis. Li te kab kenbe kantite volim a de mil bat.
27 He made ten bronze stands, each about six feet long, about six feet wide, about four and a half feet high. Anplis, li te fè dis baz yo an bwonz. Longè a chak baz te kat koude, lajè li se te kat koude e wotè li se te twa koude.
28 This was how the stands were made: they had panels set between the uprights. Sila a se te desen a baz yo: yo te gen arebò, menm arebò antre ankadreman travès yo.
29 On the panels between the uprights were lions, oxen, and cherubim, with hammered wreaths above and below the lions and oxen. Epi sou arebò ki te antre ankadreman yo, te gen lyon yo, bèf yo, avèk cheriben yo. Sou ankadreman yo, te gen yon etaj anlè e anba lyon yo avèk bèf yo, te gen zèv atizan kouwòn ki te pann.
30 Each stand had four bronze wheels and bronze axles; its four legs had supports cast beneath the basin, with wreaths beside each one. Alò, chak baz te gen kat wou an bwonz avèk shaf an bwonz, kat pye li yo te gen soutyen yo. Anba basen an, te soutni sipò yo avèk gilann yo chak kote.
31 Its opening was inside the crown, rising about a foot and a half above it, round, shaped like a pedestal, about two feet wide, carved around it; its panels were square, not round. Ouvèti li anndan tèt kouvèti pa anwo baz la te yon koude e ouvèti li a te won tankou desen a yon etaj won, yon koude-edmi; epi osi nan ouvèti li a, te grave desen yo, arebò yo te kare, yo pa t won.
32 Four wheels sat beneath the panels; their axles were joined to the stand—each wheel about twenty-seven inches high. Kat wou yo te anba arebò yo e shaf a wou yo te sou baz la. Wotè a wou a te yon koude edmi.
33 The wheels were made like chariot wheels: axles, rims, spokes, hubs—all cast metal. Kalite travay a wou yo te tankou kalite travay a yon wou cha. Shaf pa yo, jant yo, reyon yo e mitan wo a tout te fonde.
34 Each stand had four handles, one at each corner, projecting from the stand itself. Alò, te gen kat soutyen nan kat kwen a chak baz. Soutyen yo te yon pati nan baz la menm.
35 At the top of each stand was a round rim about nine inches deep; at its top, the supports and panels were one piece with it. Anwo baz la te kanpe yon fòm fèt tou won, avèk wotè a yon mwatye koude. Sou tèt a baz la, soutyen pa li avèk arebò li yo te fèt tankou yon pati ladann.
36 On the supports' surfaces and panels he engraved cherubim, lions, and palm trees, wherever there was space, with wreaths all around. Li te grave sou plat a soutyen li yo, sou arebò li yo, cheriben yo, lyon yo ak pye palmis yo selon espas disponib nan chak, avèk kouwòn yo toutotou li.
37 That is how he made the ten stands: one casting, one size, one shape for all. Li te fè dis baz yo konsa: yo tout te fonde menm jan; yon sèl mezi ak yon sèl fòm.
38 He made ten bronze basins, each holding about 240 gallons and about six feet across—one for each of the ten stands. Li te fè dis basen yo an bwonz, yon basen te kenbe karant bat 880 lit; chak basen te kat koude e nan chak nan dis baz yo, te gen yon basen.
39 He put five stands on the temple's south side, five on the north, and the Sea at its southeast corner. Li te poze baz yo, senk sou kote dwat a kay la e senk sou kote goch a kay la. Li te poze lanmè an metal fonn nan sou kote dwat a kay la vè lès la, vè sid.
40 Hiram made the pots, shovels, and bowls. He finished all the work he did for King Solomon on the house of our Father: Alò Hiram te fè basen sa yo, ansanm ak pèl ak bòl yo. Konsa, Hiram te fin fè tout èv ke li te fè pou Salomon lakay SENYÈ a:
41 the two pillars; the two bowl-shaped capitals atop the pillars; the two networks covering the two bowl-shaped capitals atop the pillars; de pilye yo, de bòl pou tèt kouvèti ki te poze sou de pilye yo ak de sistèm rezo pou kouvri de bòl tèt kouvèti ki te sou tèt pilye yo.
42 400 pomegranates for the two lattices, two rows each, covering the two bowl-shaped capitals atop the pillars. Anplis, li te mete kat-san grenad pou de sistèm rezo yo, de ranje grenad pou chak sistèm rezo, pou kouvri de tèt kouvèti ki te sou tèt pilye yo;
43 The ten stands with their ten basins; dis baz avèk dis basen yo sou baz yo;
44 the one Sea with the twelve oxen beneath it. yon sèl lanmè ak douz bèf anba lanmè a;
45 The pots, shovels, and bowls—all these objects Hiram made for King Solomon, for the house of our Father—were polished bronze. bokit yo avèk pèl yo ak tèt kouvèti yo. Menm tout zouti sila yo ke Hiram te fè pou Wa Salomon nan kay SENYÈ a te fèt avèk bwonz poli.
46 The king had them cast in clay molds in the Jordan plain, between Succoth and Zarethan. Nan plèn Jourdain an, wa a te fonn yo, nan tè ajil la antre Succoth ak Tsarthan.
47 Solomon left all the objects unweighed—there were so many—the bronze's weight was never determined. Salomon te kite tout veso yo san peze, paske yo te twòp. Pwa a bwonz lan pa t kab detèmine.
48 Solomon made all the furnishings for the house of our Father: the golden altar and the golden table holding the bread of the Presence. Salomon te fè tout mèb ki te lakay SENYÈ a: lotèl an lò, tab an lò, sou sila pen a Prezans lan te ye a;
49 The lampstands—five on the south, five on the north, before the inner sanctuary—of pure gold; the flowers, lamps, and tongs, of gold. chandelye yo, senk adwat e senk agoch, pa devan nan sanktyè enteryè a, avèk lò pi; epi flè yo avèk lanp yo avèk pensèt yo, tout te an lò.
50 Basins, wick trimmers, sprinkling bowls, dishes, and firepans of pure gold; gold sockets for the doors of the innermost room, the Most Holy Place, and for the doors of the main hall of the temple. Epi tas yo avèk etoufè yo, bòl yo avèk kiyè yo ak plato an lò pi pou resevwa sann yo; epi chanyè pou toulède pòt kay enteryè yo, lye pi sen pase tout kote a, ak chanyè pou pòt kay la, sa vle di, gran sanktyè a, te an lò.
51 When King Solomon finished all the work for the house of our Father, he brought in what his father David had dedicated—the silver, gold, and furnishings—and put them in the storerooms of the house of our Father. Konsa, tout travay ke Wa Salomon te fè lakay SENYÈ a te fini. Epi Salomon te fè antre tout bagay ki te dedye pa papa li, David—ajan avèk lò ak zouti yo—li te mete yo nan trezò a lakay SENYÈ a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]