Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Kings 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In the 480th year after Israel left Egypt, Solomon's fourth year ruling Israel, in Ziv, the second month, he began building the house of our Father. Alò, li te vin rive nan kat-san-katreven ane apre fis Israël yo te sòti nan peyi Égypte la, nan katriyèm ane règn Salomon sou Israël la, nan mwa Ziv la, sa se dezyèm mwa a, ke li te kòmanse bati lakay SENYÈ a.
2 The house King Solomon built for our Father was about ninety feet long, thirty feet wide, and forty-five feet high. Selon kay ke Salomon te bati pou SENYÈ a, longè li te swasant koude, lajè li te ven koude e wotè li, trant koude.
3 The portico in front of the main hall was about thirty feet long, matching the width of the house, and about fifteen feet deep in front of it. Galeri pa devan antre kay la te ven koude nan longè, ki te koresponn avèk lajè kay la e pwofondè devan kay la te dis koude.
4 And for the house he made windows with recessed frames. Osi pou kay la li te fè fenèt avèk ankadreman atizan yo.
5 He built against the house's wall a structure all around—against the house's walls all around—for both the main hall and inner sanctuary; and he made side chambers all around. Kont mi kay la, li te bati etaj won ki te antoure mi kay la nèt, ni pa devan, avèk sanktyè enteryè a; konsa, li te fè chanm yo toupatou.
6 The lowest story was seven.Five feet wide, the middle nine feet wide, and the third ten.Five feet wide; around the outside he set offsets in the wall, so the beams would not be inserted into the walls of the house. Etaj pi ba a te senk koude nan lajè, mitan an te sis koude nan lajè e twazyèm nan te sèt koude nan lajè. Paske pa deyò, li te fè retrè pou travès yo pa fonse antre nan miray kay la.
7 The house was built with stone finished at the quarry, so no hammer, axe, or any iron tool was heard in it during construction. Kay la, pandan li t ap bati, te bati avèk wòch ki te taye kote yo te fè min wòch. Pa t gen mato, ni rach, ni okenn zouti an fè ki te konn tande nan kay la pandan li t ap bati.
8 The entrance to the lowest side room was on the south side of the house; a stairway led up to the middle story, and from there to the third. Pòtay chanm akote piba a te sou kote dwat a kay la. Epi yo te konn monte pa eskalye ki te fè won pou rive nan etaj mitan an e soti nan mitan an a nan twazyèm nan.
9 So he built the house and finished it, roofing it with beams and cedar planks. Konsa, li te bati kay la e te fin fè l. Li te kouvri kay la avèk travès ak planch sèd.
10 He built the side structure against the whole house, each level about seven and a half feet high, joined to the house with cedar timbers. Li te bati anplis etaj ki te kont tout kay la, yo chak nan wotè a senk koude. Yo te tache nan kay la avèk bwa sèd.
11 Then the word of our Father came to Solomon, saying: Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Salomon e te di:
12 "About this house you are building: if you walk in my statutes, carry out my ordinances, and keep all my commandments by following them, I will fulfill for you the promise I made to David your father. “Kay sa a ke w ap bati a, si ou va mache nan règleman Mwen yo, egzekite lòd Mwen yo, kenbe tout kòmandman Mwen yo e mache ladan yo, alò, mwen va fin konplete pawòl ke M te pale a David, papa ou a, avèk ou.
13 I will live among the Israelites and will not abandon my people Israel." Mwen va vin viv pami fis Israël yo e Mwen p ap janm kite pèp mwen an, Israël.”
14 So Solomon built the house and finished it. Konsa, Salomon te bati kay la e te fini avèk li.
15 He lined the walls inside with cedar boards; from the floor to the ceiling rafters he covered them with wood inside, and floored the house with cypress boards. Li te bati mi kay la pa anndan avèk planch sèd. Soti atè jis rive nan plafon an, li te kouvri mi anndan yo avèk bwa e li te kouvri tout atè kay la avèk planch bwa pichpen.
16 He built the back thirty feet of the house with cedar boards, floor to walls, setting it apart inside as the inner sanctuary, the Most Holy Place. Li te bati ven koude nan kote dèyè kay la avèk planch sèd soti atè a jis rive nan plafon an. Li te bati yo pou li sou anndan kòm yon sanktyè enteryè, menm kote ki pi sen an.
17 The house—the main hall before the inner sanctuary—was about sixty feet long. Pa devan sanktyè tanp la te karant koude nan longè.
18 The cedar inside the house was carved with gourds and open flowers; all cedar, no stone visible. Te gen bwa sèd sou kay la anndan, taye nan fòm a kalbas avèk flè ki louvri nèt. Tout te fèt an sèd. Pa t gen wòch ki te vizib.
19 He prepared the inner sanctuary inside the house to place the ark of our Father's covenant there. Li te prepare yon sanktyè enteryè anndan kay la pou l te kab plase la, lach akò SENYÈ a.
20 The inner sanctuary was about thirty feet long, about thirty feet wide, and about thirty feet high; he covered it with pure gold, and covered the cedar altar too. Sanktyè enteryè a te ven koude nan longè, ven koude nan lajè ak ven koude nan wotè. Li te kouvri li nèt avèk lò pi. Li te kouvri lotèl la avèk sèd.
21 Solomon plated the house's interior with pure gold, drew gold chains across the front of the inner sanctuary, and plated it with gold. Konsa, Salomon te kouvri anndan kay la avèk lò pi. Li te fè chenn an lò travèse pati devan nan sanktyè enteryè a, e li te kouvri li avèk lò.
22 He covered the whole house with gold until the entire house was finished; also the whole altar of the inner sanctuary he covered with gold. Li te kouvri tout kay la avèk lò jiskaske tout kay la te fini. Osi, tout lotèl ki te akote sanktyè enteryè li a te kouvri avèk lò.
23 In the inner sanctuary he made two cherubim of olive wood, each about fifteen feet high. Nan sanktyè enteryè a, li te fè de cheriben ak bwa doliv, yo chak nan dis koude wotè.
24 One wing of the cherub was seven and a half feet, the other seven and a half feet; fifteen feet from wing tip to wing tip. Yon zèl nan cheriben an te senk koude e lòt la te senk koude. Soti nan pwent a yon zèl jis rive nan pwent a lòt zèl la se te dis koude.
25 The second cherub also measured about fifteen feet; both cherubim had one measure and one form. Lòt cheriben an te dis koude. Toude cheriben yo te menm mezi avèk menm fòm.
26 The height of the one cherub was about fifteen feet, and so also was the other. Wotè a yon cheriben se te dis koude e lòt cheriben an te menm jan an.
27 He set the cherubim inside the inner house, their wings spread out, so that one's wing touched one wall and the other's wing touched the other wall, and their wings touched each other in the middle of the house. Li te plase cheriben yo nan mitan kay enteryè a. Zèl a cheriben yo te lonje tou louvri, jiskaske zèl a youn te touche mi an, e zèl a lòt cheriben an te touche lòt mi an. Konsa, zèl a chak nan yo te touche zèl a lòt la nan mitan kay la.
28 He covered the cherubim with gold. Li te kouvri cheriben yo avèk lò.
29 On all the walls around the house, in the inner and outer rooms, he carved cherubim, palm trees, and open flowers. Epi li te grave tout mi nan kay yo toupatou avèk cheriben yo, pye palmis ak flè louvri yo grave nan sanktyè enteryè ansanm ak eksteryè yo.
30 He covered the floor of the house with gold, inner and outer rooms. Li te kouvri planch atè yo avèk lò, nan sanktyè enteryè avèk eksteryè a.
31 For the inner sanctuary entrance he made olive-wood doors; the lintel and doorposts formed five sides. Nan antre sanktyè enteryè a, li te fè pòt avèk bwa doliv, ankadreman chanbrann nan avèk poto pòtay yo an senk fas.
32 The two doors were olive wood; on them he carved cherubim, palm trees, and open flowers, then covered them with gold, hammering it onto the cherubim and palm trees. Konsa, li te fè de pòt avèk bwa doliv la e li te grave sou yo cheriben grave yo, pye palmis yo, avèk flè louvri yo. Li te kouvri yo avèk lò. Epi li te gaye lò a sou cheriben yo avèk pye palmis yo.
33 So also for the entrance of the main hall he made doorposts of olive wood, four-sided, Anplis, li te fè poto yo an kat fas avèk bwa doliv la pou gran antre eksteryè a,
34 and two doors of cypress wood; both leaves of one door folded, and both leaves of the other folded. epi de pòt an bwa siprè; de mwatye a yon pòt ki vire sou pivo e de mwatye sou lòt pòt la te vire sou pivo.
35 He carved cherubim, palm trees, and open flowers on them, and plated them with gold evenly applied over the carving. Li te grave sou li cheriben yo, pye palmis ak flè louvri yo; epi li te kouvri yo avèk lò aplike nan menm fòs toupatou.
36 He built the inner court with three courses of dressed stone and one course of cedar beams. Li te bati galeri enteryè a avèk twa ranje wòch taye ak yon ranje travès fèt an sèd.
37 In the fourth year the foundation of our Father's house was laid, in the month of Ziv. Nan katriyèm ane a, nan mwa Ziv la, fondasyon kay SENYÈ a te fin poze.
38 The house was finished in the eleventh year, in the month Bul, the eighth month, in every detail as planned. He built it seven years. Nan onzyèm ane a, nan mwa Bul la, ki se uityèm mwa a, kay la te fini nan tout pati li e selon plan pa li a. Konsa, li te bati pandan sèt ane.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]