Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Kings 9 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When Solomon finished building our Father's house, the royal palace, and all he wanted to do, Alò, li te vin rive ke lè Salomon te fin bati kay SENYÈ a, ak kay wa a ak tout sa ke Salomon te vle fè,
2 our Father appeared to him a second time, as he had appeared to him at Gibeon. SENYÈ a te parèt a Salomon yon dezyèm fwa, jan Li te parèt kote li nan Gabaon an.
3 And our Father said to him, "I have heard your prayer and your plea made before me. I have dedicated this house you built, to put my name there forever; my eyes and my heart will be there always. SENYÈ a te di li: “Mwen fin tande priyè ou ak siplikasyon ke ou te fè devan M nan. Mwen te konsakre kay sa a ke ou te bati nan mete non Mwen la pou tout tan. Zye Mwen avèk kè Mwen va la pou tout tan ale nèt.
4 You—if you walk before me as your father David did, in whole heart and integrity, doing all I commanded and keeping my statutes and rules, E selon ou menm, si ou va mache devan Mwen tankou papa ou, David te mache a, nan entegrite a kè ou, avèk ladwati, e fè selon tout sa ke M te kòmande ou yo, e si ou va kenbe règleman Mwen yo, avèk òdonans Mwen yo,
5 I will establish your royal throne over Israel forever, as I promised David your father: 'You will never lack a man on Israel's throne.' alò, Mwen va etabli twòn wayòm ou sou Israël pou tout tan, jis jan ke M te pwomèt a papa ou, David la, lè M te di: ‘Ou p ap janm manke yon moun sou twòn Israël la.’
6 "But if you or your children turn away from me, fail to keep the commands and statutes I gave you, and go serve other gods and worship them, Men si ou menm, oswa fis ou yo, anverite, vire kite Mwen e pa kenbe kòmandman Mwen yo avèk règleman Mwen ke M te mete devan nou yo; epi ale sèvi lòt dye pou adore yo,
7 I will cut Israel off from the land I gave them, and cast from my presence this temple I dedicated to my name; Israel will become a proverb and mockery among all peoples. alò, Mwen va koupe, retire Israël soti nan peyi ke M te ba yo a, ak kay ke M te konsakre a non Mwen an. Mwen va retire li devan zye m. Konsa, Israël va devni yon pwovèb ak yon pawòl rizib pami tout pèp yo.
8 This house will become rubble; passersby will be appalled and hiss, asking, 'Why did the LORD do this to this land and this house?' Epi kay sila a va devni yon pil ranblè. Tout moun ki pase va sezi e soufle e yo va di: “Poukisa SENYÈ a te fè sa a peyi ak kay sa a?
9 They will say, 'Because they abandoned the LORD their God, who brought their ancestors out of the land of Egypt, took hold of other gods, bowed to them, and served them—so the LORD brought all this disaster on them.'" Epi konsa yo va reponn: ‘Akoz yo te abandone SENYÈ a, Bondye pa yo a, ki te mennen zansèt pa yo sòti nan peyi Égypte la. Yo te adopte lòt dye pou te adore yo ak sèvi yo. Pou sa, SENYÈ a te fè rive tout gwo twoub sa a sou yo.’”
10 After twenty years, Solomon had built the two houses—our Father's house and the royal palace. Li te vin rive vè fen ventan ke Salomon t ap bati de kay yo, kay SENYÈ a ak kay wa a,
11 Hiram king of Tyre supplied Solomon cedar, cypress, and gold he wanted; King Solomon gave Hiram twenty towns in Galilee. (Hiram, wa Tyr la te founi Salomon avèk bwa sèd ak bwa pichpen avèk lò, selon sa ke li te vle a), alò, Wa Salomon te bay Hiram ven vil nan peyi Galilée.
12 Hiram came from Tyre to see the towns Solomon gave him, but they didn't please him. Konsa, Hiram te sòti Tyr pou vin wè vil ke Salomon te ba li yo, e yo pa t fè l kontan.
13 He asked, "What kind of towns are these you gave me, my brother?" So he called them the land of Cabul, still their name today. Li te di: “Ki vil sa yo ke ou te ban mwen yo, frè mwen?” Pou rezon sa a, yo te ba yo non a peyi a Cabul menm rive jis jodi a.
14 Hiram had sent the king about four tons of gold. Epi Hiram te voye a wa a san ven talan lò.
15 This is the record of the forced labor King Solomon conscripted to build our Father's house, his palace, the Millo, Jerusalem's wall, Hazor, Megiddo, and Gezer. Alò, sa se istwa a travay kòve ke Wa Salomon te fè leve pou bati kay SENYÈ a, lakay pa li a, ak Sitadèl Millo a, miray Jérusalem nan, Hatsor, Méguiddo ak Guézer.
16 Pharaoh king of Egypt had gone up, captured Gezer, burned it, killed its Canaanite residents, and given it as a dowry to his daughter, Solomon's wife. Paske Farawon, wa Égypte la te monte, kaptire Guézer. Li te brile li avèk dife, e li te touye Kananeyen ki te rete nan vil yo. Epi li te ba li kòm dwa maryaj fi li a, madanm a Salomon.
17 So Solomon rebuilt Gezer, Lower Beth-horon, Konsa, Salomon te rebati Guézer, e piba Beth-Horon,
18 Baalath, and Tamar in the wilderness, within the land, epi Balath avèk Tamar nan dezè a, nan peyi Juda,
19 and all Solomon's store cities, the cities for his chariots and horsemen, and whatever he wanted to build in Jerusalem, Lebanon, and all the land he ruled. ak tout vil depo ke Salomon te genyen yo, menm vil pou cha li ak vil pou chevalye pa li yo avèk tout sa ki te fè Salomon plezi pou bati Jérusalem, nan Liban ak nan tout teritwa a anba règ pa li.
20 All who remained of the Amorites, Hittites, Perizzites, Hivites, and Jebusites, who were not Israelites. Tout pèp ki te retay Amoreyen yo, Etyen yo, Ferezyen yo, Evyen yo, Jebizyen yo, ki pa t nan fis Israël yo—
21 Solomon conscripted their descendants remaining after them in the land, whom Israel could not devote to destruction, for forced labor—as they still are today. ak desandan yo ki te swiv yo, nan peyi ke fis Israël yo pa t kapab fin detwi nèt—soti nan yo, Salomon te leve ouvriye kòve yo, menm jiska jodi a.
22 Solomon enslaved no Israelites; they were his soldiers, servants, officials, commanders, captains, and commanders of his chariots and horsemen. Men Salomon pa t fè esklav yo pami fis Israël yo, paske yo te sèvi kòm mesye lagè yo, sèvitè li yo, prens li yo, kapitèn li yo, kòmandan a cha li yo, avèk chevalye li yo.
23 These were Solomon's chief officers over the work: 550 supervising the workers. Sila yo se te chèf ofisye ki te sou zèv Salomon yo; senk-san-senkant ki te chèf sou moun ki te fè travay la yo.
24 Once Pharaoh's daughter moved from the City of David to the house Solomon built her, he built the Millo. Men fi Farawon an te monte soti nan vil David la pou rive nan kay ki te bati pou li a. Epi konsa, Salomon te bati Sitadèl Millo a.
25 Three times a year Solomon offered burnt and peace offerings on the altar he built for our Father, burning incense before him with the offerings. So he finished the house. Alò, twa fwa pa ane, Salomon te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè sou lotèl ke li te bati bay SENYÈ a. Li te brile lansan sou yo, sou lotèl ki te devan SENYÈ a. Konsa, li te fini kay la.
26 King Solomon also built ships at Ezion-geber, near Eloth on the Red Sea shore, in the land of Edom. Wa Salomon osi te bati yon kantite gwo bato nan Etsjon-Guéber, ki te toupre Éloth arebò Lamè Wouj la, nan peyi Édom an.
27 Hiram sent his servants with the fleet, sailors who knew the sea, alongside Solomon's servants. Epi Hiram te voye sèvitè li yo avèk bato yo, moun lanmè ki te konnen afè lanmè, ansanm avèk sèvitè a Salomon yo.
28 They sailed to Ophir, took about sixteen tons of gold from there, and delivered it to King Solomon. Yo te ale Ophir, yo te pran kat-san-ven talan an lò soti la e yo te pote bay Wa Salomon.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]