Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Chronicles 23 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When David was old and had lived many years, he made his son Solomon king over Israel. Alò, lè David te vin granmoun, li te fè fis li Salomon, wa sou Israël.
2 He gathered together all the leaders of Israel, along with the priests and the Levites. Li te ranmase tout chèf Israël yo avèk prèt ak Levit yo.
3 The Levites thirty years old or older were counted, and their total number was 38,000. Levit yo te kontwole soti nan trant ane oswa plis e fòs non pa yo selon gwo chif kontwòl la, te trant-uit-mil.
4 Of these, 24,000 were to oversee the work of our Father's house; 6,000 were officers and judges. Nan sila yo, venn-kat-mil te pou sipèvize lèv lakay SENYÈ a, si-mil te ofisye avèk jij,
5 4,000 were gatekeepers, and 4,000 praised our Father with instruments David made for praise. kat-mil te gadyen pòtay yo, e kat-mil ki pou louwe SENYÈ a avèk enstriman ke David te fè pou bay lwanj yo.
6 And David divided them into divisions according to the sons of Levi: Gershon, Kohath, and Merari. David te divize yo an gwoup selon fanmi de fis yo a Lévi: Guerschon, Kehath, ak Merari.
7 Of the Gershonites: Ladan and Shimei. Nan Gèshonit yo: Laedan avèk Schimeï.
8 The sons of Ladan: Jehiel the chief, then Zetham and Joel, three in all. Fis a Laedan yo: Jehiel, premye a, Zétham ak Joël, ki fè twa.
9 Shimei's sons: Shelomoth, Haziel, and Haran—three. These were Ladan's family heads. Fis a Shimei yo: Schelomith, Haziel avèk Haran, ki fè twa. Sila yo se te chèf lakay zansèt a Ladann yo.
10 And the sons of Shimei: Jahath, Zina, Jeush, and Beriah. These four were the sons of Shimei. Fis a Shimei yo: Jahath, Zina, Jeush avèk Berlah. Kat sila yo te fis a Schimeï.
11 Jahath was chief, Zizah second; Jeush and Beriah had few sons, so they were counted together as one family, one assignment. Jachath se te premye a e Zina dezyèm nan; men Jeusch avèk Beria pa t fè anpil fis; akoz sa, yo te fòme yon sèl kay zansèt, yon sèl gwoup.
12 The sons of Kohath: Amram, Izhar, Hebron, and Uzziel, four in all. Fis a Kehath yo: Amram, Jitsehar, Hébron avèk Uziel, kat.
13 The sons of Amram: Aaron and Moses. Aaron was set apart to consecrate the most holy things, he and his sons forever, to make offerings before our Father, to serve him, and to bless in his name forever. Fis a Anram yo: Aaron avèk Moïse. Epi Aaron te mete apa pou l te kab sanktifye li kote ki pi sen pase tout kote a, li menm avèk fis pa li yo jis pou tout tan, pou brile lansan devan SENYÈ a, pou fè sèvis pa Li, e pou beni nan non Li jis pou tout tan.
14 But Moses, man of our Father—his sons were counted among Levi's tribe. Men Moïse, nonm Bondye a, fis pa li yo te rele pami tribi Lévi a.
15 The sons of Moses: Gershom and Eliezer. Fis a Moïse yo: Guerschom avèk Éliézer.
16 The sons of Gershom: Shebuel the chief. Fis a Guerschom yo: Schebuel, chèf la.
17 Eliezer's sons: Rehabiah the chief. Eliezer had no other sons; Rehabiah's sons were very numerous. Fis a Éliézer a te Rechabia, chèf la. Éliézer pa t gen lòt fis, men fis a Rechabia yo te an gran kantite.
18 The sons of Izhar: Shelomith the chief. Fis a Jitsehar a: Schelomith, chèf la.
19 The sons of Hebron: Jeriah the chief, Amariah the second, Jahaziel the third, and Jekameam the fourth. Fis a Hébron yo: Jerija, premye a; Amaria, dezyèm nan, Jachaziel, twazyèm nan; epi Jekameam, katriyèm nan.
20 The sons of Uzziel: Micah the chief and Isshiah the second. Fis a Uziel yo: Michée, premye a ak Jischija, dezyèm nan.
21 The sons of Merari: Mahli and Mushi. The sons of Mahli: Eleazar and Kish. Fis a Merari yo: Machli avèk Muschi. Fis a Machli yo: Éléazar avèk Kis.
22 Eleazar died having no sons, only daughters; so their relatives, the sons of Kish, married them. Éléazar te mouri san fè fis, men fi sèlman; pou sa, frè pa yo, fis a Kis yo te pran yo kon madanm pa yo.
23 The sons of Mushi: Mahli, Eder, and Jeremoth, three in all. Fis a Muschi yo: Machli, Éder avèk Jerémoth, twa.
24 These were Levi's sons by family, family heads registered by name, who served in our Father's house, age twenty and up. Sila yo se te fis a Lévi selon lakay zansèt pa yo, menm lakay zansèt a sila ki te kontwole nan kantite non nan gwo chif kontwòl la, sila ki t ap fè travay lakay SENYÈ a, soti nan ventan oswa plis.
25 For David said, "Our Father, Israel's God, gave his people rest, and lives in Jerusalem forever. Paske David te di: “SENYÈ a, Bondye Israël la, te bay repo a pèp Li a, e Li va abite Jérusalem jis pou tout tan.
26 So the Levites no longer carry the tabernacle or all its service vessels." Anplis, Levit yo p ap ankò bezwen pote tabènak avèk tout zouti li yo pou sèvis li.”
27 For by these final instructions of David the Levites were counted from twenty years old or older. Paske pa dènye pawòl a David yo, fis a Levi yo te kontwole soti ventan oswa plis.
28 Their duty was assisting Aaron's sons in serving the house of our Father: caring for the courts and the chambers, purifying all holy things, and any work in the house of our Father. Paske wòl pa yo se pou ede fis a Aaron yo avèk sèvis lakay SENYÈ a, nan gwo lakou yo, nan chanm yo ak nan pirifye tout bagay sen yo, menm travay a sèvis lakay Bondye a,
29 They cared for the Bread of the Presence, the fine flour for grain offerings, wafers made without yeast, the baking and mixing, and all measures of quantity and size. epi avèk pen konsakre ak farin fen pou yon ofrann sereyal, galèt san ledven, oswa sa ki kwit nan veso, ni sa ki byen mele ak tout mezi a volim oswa gwosè yo.
30 They were to stand every morning to thank and praise our Father, and again in the evening, Yo gen pou kanpe chak maten pou bay remèsiman avèk lwanj a SENYÈ a, e menm jan an nan aswè,
31 and for all burnt offerings to our Father on Sabbaths, new moons, and appointed feasts—in the required number, always before our Father. epi pou ofri tout ofrann brile a SENYÈ a, nan Saba yo, nan nouvèl lin yo, avèk fèt etabli yo nan kontwòl ki òdone selon òdonans de yo menm, tout tan san rete devan SENYÈ a.
32 They kept the charge of the tent of meeting, the charge of the sanctuary, and the charge of their brothers, Aaron's sons, in the service of the house of our Father. Konsa yo gen pou kenbe chaj sou asanble tant yo, chaj sou plas sen an e chaj sou fis Aaron yo, fanmi pa yo, pou sèvis lakay SENYÈ a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]