Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Chronicles 22 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 David said, "This is the house of our Father, and this the altar of burnt offering for Israel." Konsa David te di: “Sa se lakay SENYÈ a, Bondye a, e sa se lotèl ofrann brile pou Israël la.”
2 David ordered the foreigners in Israel gathered, then appointed stonecutters to cut dressed stones for building the house of our Father. Pou sa, David te bay lòd pou ranmase tout etranje ki te nan peyi Israël yo. Konsa, li te mete taye wòch nan travay pou koupe wòch pou bati kay Bondye a.
3 David provided abundant iron for gate-door nails and clamps, and abundant bronze beyond weighing, David te prepare yon gran kantite fè pou fè klou pou pòt pòtay yo ak pou kranpon yo e plis bwonz ki ta kab peze yo.
4 and cedar timbers beyond counting, for the Sidonians and Tyrians brought David cedar logs in abundance. Epi twòn bwa sèd yo te depase kontwòl, paske Sidonyen yo avèk Tyriens yo te mennen gran kantite a twòn bwa sèd yo kote David.
5 For David said, "My son Solomon is young and untested, and the house built for our Father must be truly great, famed, and glorious in every land. Let me prepare for it." So David laid in vast provisions before he died. David te di: “Fis mwen, Salomon jèn, epi manke eksperyans. Epi kay k ap bati pou SENYÈ a va tèlman ekstrawòdinè, byen koni toupatou, e k ap renome pou glwa li nan tout peyi yo. Se pou sa ke mwen va fè preparasyon pou li.” Konsa, David te fè anpil preparasyon avan l te mouri.
6 Then he called Solomon his son and charged him to build a house for our Father of Israel. Alò, li te rele fis li a, Salomon e te òdone li pou bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye Israël la.
7 David told Solomon, "My son, I had it in my heart to build a house for my Father's name. David te di a Salomon: “Fis mwen, mwen te gen entansyon pou bati yon kay a non SENYÈ a, Bondye mwen an.
8 The word of our Father came to me: 'You have shed much blood and fought great wars. You will not build a house for my name, because you have shed so much blood on the earth before me.' Men pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: Ou gen tan vèse anpil san, e te fè gwo lagè sou latè. Ou pa p bati yon kay pou non mwen, akoz ou te vèse anpil san sou latè devan zye m.
9 A son will be born to you, a man of rest; I will give him rest from all his enemies around him. His name will be Solomon; I will give Israel peace and quiet in his days. Men gade byen, youn fis ki va ne a ou menm yo, va yon moun lapè. Konsa, Mwen va bay li repo soti nan tout lènmi li yo nan tout kote. Paske non li va Salomon e mwen va bay lapè avèk kalm an Israël nan jou pa li yo.
10 He will build a house for my name. He will be my son, and I his father. I will secure his royal throne over Israel forever. Li va bati yon kay pou non Mwen. Li va fis Mwen e Mwen va papa li. Konsa, mwen va etabli twòn wayòm li sou Israël jis pou tout tan.
11 Now, my son, may our Father be with you, so that you may succeed and build the house of your Father, as he said about you. Koulye a, fis mwen an, ke SENYÈ a kapab avèk ou, pou ou kapab byen reyisi, e bati lakay SENYÈ a, Bondye pa w la, jis jan ke li te pale selon ou menm nan.
12 Only, may our Father give you wisdom and understanding when he puts you in charge of Israel, to keep the law of your Father. Sèlman ke SENYÈ a ta kapab bay ou sajès avèk konprann pou fè ou renye sou Israël, pou ou kapab kenbe lalwa a SENYÈ a, Bondye ou a.
13 Then you'll prosper, if you carefully keep the statutes and rules our Father commanded Moses for Israel. Be strong and brave. Don't be afraid or discouraged. Konsa, ou va byen reyisi, si ou fè atansyon pou swiv règleman avèk lòd ke SENYÈ a te kòmande Moïse selon Israël yo. Kenbe fèm e pran kouraj. Pa dekouraje, ni pa krent anyen.
14 See, with great effort I've provided for the house of our Father nearly 4,000 tons of gold, about 34,000 tons of silver, and bronze and iron beyond weighing—there's so much. I've also provided timber and stone; you may add to them. Alò, gade byen, avèk gwo lapèn mwen te prepare pou lakay SENYÈ a, san-mil talan lò, yon-milyon talan ajan e bwonz avèk fè ki depase peze, akoz yo tèlman anpil. Anplis, gran twòn bwa avèk wòch ke m te prepare, e ou gen dwa mete sou yo toujou.
15 You have many workers with you: stonecutters, masons, carpenters, and all kinds of craftsmen skilled in every trade. Anplis, gen anpil ouvriye ki avèk ou, tayè wòch, avèk mason ak chapant e tout mesye ak kapasite nan tout kalite mendèv.
16 Skilled with gold, silver, bronze, and iron beyond count. Rise up and work; may our Father be with you." Selon lò, ajan ak bwonz avèk fè, nanpwen limit. Leve, fè travay ou e ke SENYÈ a kapab avèk ou.”
17 David also commanded all the leaders of Israel to help Solomon his son, saying, Anplis, David te kòmande tout chèf Israël yo pou ede fis li a, Salomon. Li te di:
18 "Isn't your Father with you? Hasn't he given you rest on every side? For he has given the land's people into my hand, and the land is subdued before our Father and his people. “Èske SENYÈ a, Bondye nou an, pa avèk nou? Konsa, èske Li pa t bannou repo sou tout kote? Paske Li te livre sila ki viv nan peyi yo nan men m, e peyi a soumèt nèt devan SENYÈ a ak devan pèp Li a.
19 Now set your heart and soul to seek your Father. Arise and build the sanctuary of our Father, to bring the ark of his covenant and his holy vessels into the house built for his name." Alò, bay kè nou avèk nanm nou pou chache SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, leve pou bati sanktiyè SENYÈ a, Bondye a, pou nou kapab pote lach akò SENYÈ a avèk veso sakre Bondye yo antre nan kay ki va bati pou non a SENYÈ a.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]