Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Chronicles 21 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Now the Accuser rose up against Israel and incited David to count Israel. Alò, Satan te kanpe kont Israël e te bourade David pou kontwole moun Israël yo.
2 David told Joab and the army's commanders, "Go, count Israel from Beersheba to Dan, and report to me, so I may know their number." Pou sa, David te di a Joab, e a chèf a pèp yo: “Ale konte moun Israël yo soti Beer-Schéba jis rive Dan, e pote ban m chif yo pou m kab konnen fòs kantite yo.”
3 Joab said, "May our Father add to his people a hundredfold! My lord king, are all these not my lord's servants? Why does my lord ask for this? Why bring guilt on Israel?" Joab te di: “Ke SENYÈ a kapab ogmante sou pèp li a san fwa ke sa! Men mèt mwen, wa a, èske yo tout se pa sèvitè mèt mwen an? Poukisa mèt mwen an ap chache afè sa a? Poukisa sa ta dwe koz pou Israël ta vin koupab?”
4 But the king overrode Joab, so Joab went out, traveled through all Israel, then came to Jerusalem. Malgre sa, pawòl wa a te vin genyen kont pawòl Joab yo. Konsa, Joab te sòti ale nan tout Israël pou te rive Jérusalem.
5 Joab gave David the census count: All Israel had one million 100,000 swordsmen, Judah 470,000 swordsmen. Joab te bay nimewo a tout moun a David yo. Epi tout Israël, mesye ki te rale nepe yo, se te yon milyon-san-mil òm e Juda te kat-san-swasann-dis òm ki te rale nepe yo.
6 He did not count Levi and Benjamin, for Joab detested the king's command. Men li pa t kontwole Lévi avèk Benjamin pami yo, paske kòmand wa a te twouve byen rayisab pou Joab.
7 This was deeply wrong in our Father's sight, so he struck Israel. “Bondye pa t kontan avèk bagay sa a e pou sa, li te frape Israël.
8 Then David said to our Father, "I have sinned greatly in doing this. Now, please take away your servant's guilt, for I have acted very foolishly." David te di a Bondye: Mwen te peche anpil, pwiske mwen te fè bagay sa a. Men souple, koulye a, retire inikite a sèvitè Ou a, paske mwen te fè yon bagay byen sòt.”
9 And our Father spoke to Gad, David's seer: SENYÈ a te pale ak Gad, konseye David la, epi te di l:
10 Go and say to David, "Your Father says: I hold three things over you—choose one of them, and I will do it to you." “Ale pale ak David. Di l: ‘Konsa pale SENYÈ a, “M ap ofri ou twa bagay. Chwazi pou kont ou youn nan yo, ke mwen va fè pou ou.”’”
11 Gad came to David and said to him, "This is what our Father says: 'Choose for yourself, Konsa, Gad te vin kote David. Li te di l: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Pran pou ou menm
12 either three years of famine, or three months swept before your foes as their sword overtakes you, or three days of the sword of our Father: plague in the land, the angel of our Father destroying throughout all Israel's territory.' Now decide what answer I bring back to the one who sent me." oswa, twazan gwo grangou, oswa twa mwa ke ou va chase kraze nèt pa lènmi ou, pandan nepe pa yo ap pran ou nèt, oswa gwo epidemi nan peyi a avèk zanj SENYÈ a k ap detwi toupatou nan tout teritwa Israël la.’ Pou sa, reflechi sou repons ke mwen va retounen bay a Sila ki te voye mwen an.”
13 David told Gad, "I'm in great distress. Let me fall into our Father's hand, for his compassion is very great—but not into the hand of man." David te di a Gad: “Mwen byen twouble. Souple, kite mwen tonbe nan men SENYÈ a, paske mizerikòd Li byen gran. Men pa kite mwen tonbe nan men a lòm.”
14 So our Father sent a plague on Israel, and 70,000 men of Israel fell. Konsa, SENYÈ a te voye epidemi sou Israël. Swasann-di-mil nan mesye Israël yo te tonbe.
15 And our Father sent an angel to destroy Jerusalem; but as the angel destroyed it, our Father saw and relented from the calamity, and said to the angel, "Enough! Stay your hand." The angel of our Father stood by the threshing floor of Ornan the Jebusite. Epi Bondye te voye yon zanj Jérusalem pou detwi vil la, men lè l te prè pou detwi, SENYÈ a te wè, e te lache de gwo dega a. Li te di a zanj ki t ap detwi a: “Sa kont. Alò, lache men ou.” Zanj SENYÈ a t ap kanpe akote glasi vannen ki pou Ornan an, Jebizyen an.
16 David looked up and saw the angel of our Father standing between earth and heaven, sword drawn in hand, reaching out over Jerusalem. Then David and the elders, covered in sackcloth, fell facedown. David te leve zye li, e te wè zanj SENYÈ a ki te kanpe antre syèl la avèk tè a, avèk nepe li rale nan men l, lonje sou Jérusalem. Konsa, David avèk ansyen yo te kouvri yo avèk twal sak e te tonbe sou figi yo.
17 David said to our Father, "Was it not I who ordered the people counted? I am the one who sinned and did great evil. But these sheep—what have they done? O my Father, let your hand be against me and my father's house, not against your people with plague." David te di a Bondye: “Èske se pa mwen menm ki te kòmande kontwòl a tout pèp la? Anverite, se te mwen ki te peche e ki te fè anpil mal. Men mouton sila yo, se kisa yo menm te fè? O SENYÈ, Bondye mwen an, souple, kite men Ou vin kont mwen avèk lakay zansèt mwen yo, men pa kont pèp Ou a, pou yo ta vin toumante.”
18 The angel of our Father told Gad to have David go up and build an altar to our Father at Ornan the Jebusite's threshing floor. Alò, zanj SENYÈ a te kòmande Gad pou pale David, pou David ta dwe monte pou bati yon lotèl a SENYÈ a sou glasi vannen ki te pou Ornan an, Jebizyen an.
19 So David went up at Gad's direction, which he had spoken in the name of our Father. Konsa, David te monte selon pawòl ke Gad te pale nan non SENYÈ a.
20 Ornan turned and saw the angel; his four sons with him hid. He had been threshing wheat. Alò, Ornan te vire fè bak, e li te wè zanj lan. Kat fis pa li yo ki te avè l yo te kache tèt yo. Alò, Ornan t ap bat ble.
21 When David came to Ornan, Ornan looked and saw David, left the threshing floor, and bowed to David, face to the ground. Lè David te vin kote Ornan, Ornan te gade. Li te wè David e te sòti nan glasi vannen an pou te pwostène li menm devan David avèk figi li atè.
22 David said to Ornan, "Give me this threshing-floor site so I can build an altar to our Father on it; give it to me at full price, so the plague is held back from the people." Alò, David te di a Ornan: “Ban mwen anplasman sila a avèk glasi vannen an, pou m kab bati yon lotèl a SENYÈ a. Pou valè tout pri li, ou va ban mwen li, pou touman sila a kab vin frennen pami pèp la.”
23 Ornan said to David, "Take it. Let my lord the king do what he sees fit. Look, I give the oxen for burnt offerings, the threshing sledges for wood, and the wheat for the grain offering—I give it all." Ornan te di a David: “Pran li pou kont ou, epi kite mèt mwen an, wa a, fè sa ki bon nan zye l. Gade, mwen bay ou bèf yo pou ofrann brile a ak mas pilon, kon bwa ak ble kon ofrann sereyal la. M ap ba ou tout.”
24 But King David said to Ornan, "No, I will surely buy it at full price. I won't take what is yours for our Father, or offer burnt offerings that cost me nothing." Men Wa David te di a Ornan: “Non, men anverite, mwen va achte li pou tout pri li. Paske mwen p ap pran sa ki pou ou pou SENYÈ a, ni ofri ofrann brile ki pa t koute mwen anyen.”
25 So David paid Ornan about fifteen pounds of gold for the site. Konsa David te bay Ornan sis-san sik an lò selon pwa li pou anplasman an.
26 David built an altar there to our Father, offered burnt offerings and peace offerings, and called on our Father, who answered him with fire from heaven on the altar of burnt offering. Alò, David te bati yon lotèl a SENYÈ a la, e te ofri ofrann brile yo avèk ofrann lapè yo. Li te rele SENYÈ a, e Li te reponn li avèk dife soti nan syèl la sou lotèl ofrann brile a.
27 Then our Father commanded the angel, and he put his sword back into its sheath. SENYÈ a te kòmande zanj lan e li te remèt nepe li nan fouwo.
28 At that time, when David saw our Father had answered him at Ornan the Jebusite's threshing floor, he sacrificed there. Nan lè sa, lè David te wè ke SENYÈ a te reponn li sou glasi vannen Ornan an, Jebizyen an. Li te ofri yon sakrifis la.
29 Moses had made the tabernacle of our Father in the wilderness; it, with the altar of burnt offering, stood then at Gibeon's high place. Paske tabènak SENYÈ a, ke Moïse te fè nan dezè a ak lotèl ofrann brile a te nan wo plas Gabaon an nan lè sa a.
30 David could not go there to seek our Father, for he feared the sword of the angel of our Father. Men David pa t kab ale devan li nan Gabaon pou fè demand Bondye, paske nepe zanj SENYÈ a te bay li gwo lakrent.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]