Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Chronicles 16 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 They brought the ark of our Father and set it inside the tent that David had pitched for it, and they offered burnt offerings and peace offerings before our Father. Yo te pote lach Bondye a e te plase li nan tant ke David te fè monte pou li a. Epi yo te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè devan Bondye.
2 When David had finished offering the burnt offerings and peace offerings, he blessed the people in the name of our Father. Lè David te fin fè ofrann brile ak ofrann lapè a, li te beni pèp la nan non a SENYÈ a.
3 And he distributed to every Israelite, both men and women, a loaf of bread, a date cake, and a raisin cake. Li te separe bay a chak moun Israël, ni gason, ni fanm, yo chak yon pen avèk yon pòsyon vyann ak yon gato rezen.
4 He appointed some of the Levites to minister before the ark of our Father, to invoke, to give thanks, and to praise our Father. Li te chwazi kèk nan Levit yo pou pran chaj sèvis la devan lach SENYÈ a, pou selebre menm e bay remèsiman avèk lwanj a SENYÈ a, Bondye Israël la:
5 Asaph was the chief, and second to him were Zechariah, then Jeiel, Shemiramoth, Jehiel, Mattithiah, Eliab, Benaiah, Obed-edom, and Jeiel, with harps and lyres; and Asaph sounded the cymbals. Asaph, chèf la e dezyèm apre li a, Zacharie, swiv pa Jeïel, Schemiramoth, Jehiel, Matthithia, Éliab, Benaja, Obed-Édom ak Jeïel avèk lenstriman mizik yo, ap yo, gita yo; epi Asaph sou senbal gwo bwi yo,
6 Benaiah and Jahaziel the priests were to blow the trumpets regularly before the ark of the covenant of our Father. epi Benaja avèk Jachaziel, prèt ki t ap soufle twonpèt san rete yo devan lach akò Bondye a.
7 On that day David first appointed Asaph and his brothers to give thanks to our Father: Alò, se te nan jou sa a, David te chwazi pou premye fwa a, Asaph avèk fanmi li pou bay remèsiman a SENYÈ a.
8 Give thanks to our Father; call upon his name; proclaim his deeds among the peoples! O bay remèsiman a SENYÈ a. Rele non Li. Fè zèv li yo rekonèt pami pèp yo.
9 Sing to him; sing praises to him; tell of all his wondrous works! Chante a Li menm. Chante lwanj a Li menm. Pale tout mèvèy Li yo.
10 Exult in his holy name; let the hearts of those who seek our Father rejoice! Bay glwa a sen non Li. Kite kè a sila k ap chache SENYÈ a vin ranpli ak jwa.
11 Seek our Father and his strength; seek his presence continually! Chache SENYÈ a avèk fòs Li. Chache figi Li san rete.
12 Remember the wondrous works that he has done, his miracles and the judgments he pronounced. Sonje zèv mèvèy ke Li te fè yo, mèvèy Li yo ak jijman, ki sòti depi nan bouch Li,
13 You children of Israel his servant, you sons of Jacob, his chosen ones! O desandan Israël, sèvitè Li yo, fis a Jacob yo, sila Li te chwazi yo!
14 He is our Father; his judgments are in all the earth. Li se SENYÈ a, Bondye nou an. Jijman pa Li yo sou tout latè.
15 Remember his covenant forever, the word he commanded for 1,000 generations, Sonje akò Li a pou tout tan, Pawòl ke Li te kòmande a mil jenerasyon yo,
16 the covenant he made with Abraham, his sworn oath to Isaac, akò ke li te fè avèk Abraham nan, sèman an ke Li te fè avèk Isaac la.
17 which he confirmed to Jacob as a statute, to Israel as an everlasting covenant, Li te konfime sa ak Jacob kon yon règleman, A Israël, kon yon akò ki pou tout tan,
18 saying, "To you I will give the land of Canaan as your allotted inheritance." epi te di: “A ou menm, Mwen va bay peyi Canaan an kon pòsyon eritaj pa w.”
19 When you were few in number, of little importance, and strangers in the land, Pandan yo te piti an nonb, trè piti e etranje, yo nan li,
20 wandering from nation to nation, from one kingdom to another people, yo te mache toupatou nan yon nasyon a yon lòt, sòti nan yon wayòm pou rive nan yon lòt pèp.
21 he allowed no one to oppress them; he rebuked kings on their account, Li pa t kite okenn moun oprime yo. Li te bay repwòch a wa yo pou koz pa yo.
22 "Do not touch my anointed ones, and do my prophets no harm!" Li te di “Pa touche onksyone pa M yo, ni pa fè mal a pwofèt Mwen yo.”
23 Sing to our Father, all the earth! Proclaim his salvation day after day. Chante a SENYÈ a, tout latè! Pwoklame bòn nouvèl delivrans Li jou apre jou.
24 Publish his glorious deeds among the nations; tell every people the amazing things he has done! Pale glwa Li pami nasyon yo, gran mèvèy Li yo pami tout pèp yo.
25 For great is our Father, and most worthy of praise; he is to be feared above all gods. Paske gran se SENYÈ a, e gran pou resevwa lwanj yo. Anplis, fòk nou gen lakrent Li plis pase tout lòt dye yo.
26 For all the gods of the peoples are idols, but our Father made the heavens. Paske tout dye a pèp yo se zidòl yo ye, men SENYÈ a te fè syèl yo.
27 Splendor and majesty are before him; strength and joy are in his dwelling. Tout richès avèk majeste devan Li. Lafòs ak lajwa lakay Li.
28 Ascribe to our Father, all families of the peoples, ascribe to our Father glory and strength! Bay a SENYÈ a, O tout fanmi yo ak tout pèp yo, bay a SENYÈ a glwa avèk fòs!
29 Ascribe to our Father the glory due his name; bring an offering and come before him! Worship our Father in the splendor of holiness. Bay a SENYÈ a glwa ke non Li dwe genyen an. Pote lofrann yo vini devan L. Adore SENYÈ a avèk tout bagay sen yo.
30 Tremble before him, all the earth! Indeed, the world is firmly established; it will never be moved. Tranble devan Li, tout latè. Anverite, lemond etabli byen solid. Li p ap deplase menm.
31 Let the heavens be glad, and let the earth rejoice, and let them say among the nations, "Our Father reigns!" Kite syèl yo kontan e kite lemond rejwi:
32 Let the sea roar, and all that fills it; let the fields exult, and everything in them! Kite lanmè a fè gwo bwi, avèk tout sa ki ladann! Kite chan an ranpli ak jwa, ak tout sa ki ladann!
33 Then the trees of the forest will sing for joy before our Father, for he comes to judge the earth. Konsa, tout bwa forè yo va chante avèk jwa devan SENYÈ a. Paske L ap vini pou jije latè.
34 Give thanks to our Father, for he is good; for his covenant love endures forever! O bay remèsiman a SENYÈ a pou bonte Li, paske lanmou dous Li a se pou tout tan.
35 Say also: "Save us, our Father; gather us and rescue us from among the nations, that we may give thanks to your holy name and exult in your praise." Di: “Sove nou, O Bondye a delivrans nou an! Ranmase nou pou sove nou soti nan nasyon yo, pou bay remèsiman a non sen pa W la, pou nou trionfe nan lwanj Ou.”
36 Blessed be our Father, from everlasting to everlasting! Then all the people said, "Amen!" and praised our Father. Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, Pou letènite, jis rive nan letènite a. Tout pèp la te di: “Amen” e te louwe SENYÈ a.
37 So David left Asaph and his brothers there before the ark of the covenant of our Father, to minister regularly before the ark as each day required, Konsa, li te kiteAsaph avèk fanmi li la devan lach akò SENYÈ a pou fè sèvis devan lach la tout tan, kon travay chak jou te egzije a;
38 and Obed-edom with his sixty-eight brothers; Obed-edom son of Jeduthun and Hosah were to be gatekeepers. epi Obed-Édom avèk swasant-uit manm fanmi li; Obed-Édom e anplis fis a Jedithun lan, avèk Hosa kon gadyen pòtay yo,
39 And Zadok the priest and his fellow priests served before the tabernacle of our Father at the high place that was at Gibeon, Li te kite Tsadok, prèt la avèk fanmi pa li yo devan tabènak SENYÈ a nan wo plas ki te Gabaon an,
40 to offer burnt offerings to our Father on the altar of burnt offering regularly, morning and evening, according to all that is written in the law of our Father, which he commanded Israel. pou ofri ofrann brile yo a SENYÈ a sou lotèl ofrann brile a tout tan, ni maten, ni aswè, jis selon tout sa ki ekri nan lalwa SENYÈ a, ke Li te kòmande Israël yo.
41 With them were Heman and Jeduthun and the rest of those chosen and designated by name to give thanks to our Father, for his covenant love endures forever. Avèk yo, te Héman, Jeduthun ak lòt ki te dezinye pa non yo, pou bay remèsiman a SENYÈ a, akoz lanmou dous li an san fen.
42 Heman and Jeduthun had with them trumpets and cymbals to sound, and instruments for the sacred songs of our Father. The sons of Jeduthun were stationed at the gate. Epi avèk yo, te Héman ak Jeduthun avèk twonpèt avèk senbal pou sila ki te gen pou fè enstriman retantisan pou chan Bondye yo e fis a Jeduthun yo, pou pòtay la.
43 Then all the people departed, each to his home, and David turned to bless his own household. Epi tout pèp la te pati, yo chak lakay yo e David te retounen pou beni lakay pa li a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]