Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Chronicles 17 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After David settled in his house, he told Nathan the prophet, "Look, I live in a cedar house, but the ark of our Father's covenant sits under tent curtains." Li te vin rive ke lè David te rete lakay li, ke David te di a Nathan, pwofèt la: “Gade byen, mwen rete nan yon kay fèt ak sèd, men lach akò SENYÈ a rete anba rido.”
2 Nathan replied to David, "Do all that is in your heart, for our Father is with you." Nathan te di a David: “Fè tout sa ki nan kè ou, paske Bondye avèk ou.”
3 But that night the word of our Father came to Nathan: Li te vin rive nan menm nwit lan ke pawòl SENYÈ a te parèt a Nathan. Li te di:
4 Go tell David my servant: "This is what your Father says: You are not the one to build me a house to live in." “Ale pale David, sèvitè Mwen an, ‘Konsa pale SENYÈ a, “Ou pa pou bati yon kay pou Mwen pou M rete ladann;
5 I haven't lived in a house from the day I brought Israel up to now—I've moved tent to tent, dwelling to dwelling. paske Mwen pa t konn rete nan yon kay depi jou ke M te mennen Israël monte a, jis rive jodi a; men Mwen te ale soti de tant a tant e soti yon kote pou rete jis rive a yon lòt.
6 Wherever I moved with all Israel, did I ever speak a word to any of Israel's judges, whom I commanded to shepherd my people, asking, 'Why haven't you built me a cedar house?' Nan tout plas kote Mwen te mache avèk Israël yo, èske Mwen te pale yon mo avèk okenn nan jij Israël yo pou Mwen te kòmande yo pou fè bèje a pèp Mwen an, epi te di yo: ‘Poukisa ou pa t bati pou Mwen yon kay an sèd?’”
7 So tell my servant David: "This is what the Father of heaven's armies says: I took you from the pasture, from following the flock, to be ruler over my people Israel. Alò, pou sa, konsa ou va pale ak sèvitè Mwen an, David: ‘Konsa pale SENYÈ a dèzame yo: “Mwen te retire ou nan pak kote ou t ap swiv mouton, pou devni chèf sou pèp Mwen an, Israël.
8 I've been with you everywhere you went, and cut off all your enemies before you. Now I'll make your name like the name of earth's greatest ones. Mwen te avèk ou tout kote ke ou te ale, e te koupe devan ou tout lènmi ou yo. Konsa, Mwen va fè yon non pou ou pare ak pi gwo moun sou latè yo.
9 I will appoint a place for my people Israel and plant them there, to live in their own home, never disturbed again. Wicked people will no longer wear them down as before, Mwen va chwazi yon plas pou pèp Israël Mwen an e va plante yo, pou yo kab rete nan pwòp plas yo, pou yo pa vin deplase ankò. Konsa, mechan yo p ap epwize yo ankò tankou oparavan,
10 since I appointed judges over my people Israel, I will subdue all your enemies. I tell you: your Father will build you a house. depi jou ke M te kòmande jij yo vini sou pèp Israël Mwen an. Konsa, Mwen va soumèt tou lènmi ou yo. Anplis, Mwen di ou, ke SENYÈ a va bati yon kay pou ou.
11 When your days end and you go to be with your ancestors, I will raise your offspring after you, one of your sons, and I will establish his kingdom. Lè jou yo acheve pou ou oblije ale jwenn zansèt ou yo, Mwen va plase youn nan desandan apre ou yo, ki va nan fis ou yo; epi Mwen va etabli wayòm pa li.
12 He is the one who will build me a house, and I will establish his throne forever. Li va bati pou Mwen yon kay e mwen va etabli twòn li jis pou tout tan.
13 I will be his Father; he will be my son. I won't remove my covenant love from him as I removed it from the one before you. Mwen va papa li e li va fis Mwen. Mwen p ap retire lanmou dous Mwen sou li, tankou Mwen te retire li sou sila ki te avan ou an.
14 I will set him over my house and my kingdom forever; his throne will stand firm forever." Men Mwen va etabli li lakay Mwen ak nan wayòm Mwen an jis pou tout tan e twòn li an va etabli nèt pou tout tan.”’”
15 Nathan reported to David all these words and this entire vision. Selon tout pawòl sa yo e selon vizyon sila a, konsa Nathan te pale ak David.
16 Then King David went in, sat before our Father, and said, "Who am I, my Father, and what is my house, that you have brought me this far? Konsa, wa David te antre e te chita devan SENYÈ a epi te di: “Se kilès mwen ye, O SENYÈ a, Bondye a e kisa lakay mwen ye pou Ou te mennen m rive jis isit la?
17 And as if this were a small thing in your eyes, my Father—you have spoken of your servant's house reaching into the distant future, and you have looked on me as the greatest of men, my Father. Sa se te yon ti bagay nan zye Ou, O Bondye, men Ou te pale afè lakay sèvitè Ou a pou anpil tan k ap vini, e te gade mwen kon yon moun gran valè, O SENYÈ Bondye.
18 What more can David say to you for honoring your servant? For you know your servant. Kisa, anplis, David kapab di Ou selon onè ki bay a sèvitè Ou a? Paske ou konnen sèvitè Ou.
19 My Father, for your servant's sake and by your own heart, you have done all these great things, revealing all these great promises. O SENYÈ, pou koz sèvitè ou a, e selon pwòp kè pa Ou, Ou te prepare tout grandè sa a, pou ta fè konnen tout gran afè sila yo.
20 My Father, none is like you, no Father besides you, as all we've heard with our ears. O SENYÈ, nanpwen lòt tankou Ou, ni nanpwen okenn Bondye sof ke Ou, selon tout sa ke nou te tande avèk zòrèy nou.
21 Who is like your people Israel, the one nation on earth our Father went to redeem as a people for himself, making yourself a name by great and awesome deeds, driving out nations before your people, whom you redeemed from Egypt? Epi ki lòt nasyon sou latè ki tankou pèp Ou a, Israël, ke Bondye te ale peye ranson a Li menm yon pèp; pou fè yon non pou Ou pa bagay ki te gran e mèvèye yo, lè Ou te pouse, fè soti tout lòt nasyon yo devan pèp Ou a, ke Ou te rachete, fè soti nan Egypte.
22 You made your people Israel your very own forever, and you, my Father, became their Father. Paske pèp Ou a, Israël, Ou te fè pwòp pèp Ou a jis pou tout tan e Ou menm, O SENYÈ, te vin Bondye pa yo.
23 Now, my Father, let the word you spoke about your servant and his house stand forever; do as you have spoken. Koulye a, O SENYÈ, kite pawòl ke Ou te pale pa sèvitè Ou a, selon lakay li vin etabli jis pou tout tan an. Fè jan Ou te pale a.
24 Let it stand, and your name grow great forever, so it's said, 'The Father of heaven's armies is our Father over Israel.' Let your servant David's house be established before you. Kite non pa Ou vin etabli e onore jis pou tout tan, epi di: SENYÈ dèzame yo se Bondye a Israël la, yon Bondye menm pou Israël. Konsa, lakay David, sèvitè Ou a se etabli devan Ou.
25 For you, my Father, revealed to your servant that you will build him a house—so your servant found courage to pray before you. Paske Ou menm, O Bondye mwen, te revele a sèvitè Ou a, ke Ou va bati pou li yon kay. Pou sa, sèvitè Ou a te twouve kouraj pou vin priye devan Ou.
26 Now, my Father, you are our Father; you promised your servant this good thing. Koulye a, O SENYÈ, Ou se Bondye e te pwomèt bon bagay sa a sèvitè Ou a.
27 Now you have chosen to bless your servant's house, so it may continue before you forever; for you, my Father, have blessed it, and it is blessed forever." Konsa, sa te fè Ou plezi pou beni lakay sèvitè Ou a, pou li kapab kontinye jis pou tout tan devan Ou. Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè l beni e li menm vin beni jis pou tout tan.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]