Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Chronicles 15 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 David built houses for himself in the city of David, prepared a place for the ark of our Father, and pitched a tent for it. Alò, David te bati kay pou li menm nan lavil David. Epi li te prepare yon plas pou lach Bondye a e te monte yon tant pou li.
2 Then David said, "No one but the Levites is to carry the ark of our Father, for our Father chose them to carry his ark and serve him forever." Alò, David te di: “Pèsòn pa pou pote lach Bondye a sof ke Levit yo, paske SENYÈ a te chwazi yo pou pote lach Bondye a e pou fè sèvis a Li pou tout tan.”
3 David gathered all Israel at Jerusalem to bring the ark of our Father up to its prepared place. Konsa, David te rasanble tout Israël Jérusalem pou pote fè monte lach Bondye a nan plas ke li te prepare pou li a.
4 He gathered together the descendants of Aaron and the Levites: David te rasanble tout fis a Aaron yo ak Levit yo:
5 from the sons of Kohath, Uriel the leader, with 120 of his relatives; Fis a Kehath yo, Uriel, chèf avèk frè li yo ak san-ven nan moun fanmi li yo;
6 from the sons of Merari, Asaiah the leader, with 220 of his relatives; fis a Merari yo, Asaja, chèf la ak de-san-ven nan fanmi pa li yo;
7 from the sons of Gershom, Joel the leader, with 130 of his relatives; nan fis a Guerschom yo, Joël, chèf la ak san-trant nan fanmi pa li yo;
8 from the sons of Elizaphan, Shemaiah the leader, with 200 of his relatives; nan fis a Élitsaphan yo, Schemaeja, chèf la ak de-san nan fanmi pa li yo;
9 from the sons of Hebron, Eliel the leader, with eighty of his relatives; nan fis a Hébron yo, Éliel, chèf la ak katre-ven mesye nan fanmi pa li yo;
10 from the sons of Uzziel, Amminadab the leader, with 112 of his relatives. nan fis a Uziel yo, Amminadab, chèf la ak san-douz mesye nan fanmi pa li yo.
11 David called the priests Zadok and Abiathar, and the Levites Uriel, Asaiah, Joel, Shemaiah, Eliel, and Amminadab. Alò, David te rele Tsadok ak Abiathar, prèt yo ak Levit yo, Uriel, Asaja, Joël, Schemaeja, Éliel ak Amminadab.
12 He said to them, "You are heads of the Levite families. Dedicate yourselves, you and your relatives, to bring up the ark of our Father to the place I have prepared for it. Li te di yo: “Nou se chèf lakay zansèt nou yo pou Levit yo. Konsakre nou menm, ni nou, ni manm fanmi pa nou, pou nou kapab pote fè monte lach SENYÈ a, Bondye Israël la, rive nan plas ke m te prepare pou li a.
13 Because you did not carry it the first time, our Father broke out against us, since we did not seek him properly." Akoz nou pa t pote l nan kòmansman an, SENYÈ a, Bondye pa nou an, te fè yon sèl pete sou nou, paske nou pa t chache Li selon règ li yo.”
14 So the priests and the Levites consecrated themselves to bring up the ark of our Father. Pou sa, prèt yo avèk Levit yo te konsakre yo menm pou pote fè monte lach SENYÈ a, Bondye Israël la.
15 The Levites carried our Father's ark on their shoulders with the poles, as Moses commanded, by the word of our Father. Fis Levit yo te pote lach Bondye a sou zepòl pa yo avèk poto ki tache ladann, kon Moïse te kòmande yo pa pawòl SENYÈ a.
16 David told the Levite leaders to appoint their relatives as singers, raising joyful voices to lyres, harps, and cymbals. Epi David te pale avèk chèf Levit yo, pou dispoze fanmi pa yo, chantè yo, avèk lenstriman mizik yo, ap yo, gita yo, senbal ki sonnen fò yo, pou fè leve kri lajwa yo.
17 The Levites appointed Heman son of Joel; his relative Asaph son of Berechiah; and their relatives the Merarites, Ethan son of Kushaiah. Konsa, Levit yo te chwazi Héman, fis a Joël la e soti nan fanmi pa li a, Asaph, fis a Bérékia a; epi soti nan fis a Merari yo avèk fanmi pa yo, Éthan, fis a Kuschaja a;
18 And with them, their relatives of second rank: Zechariah, Jaaziel, Shemiramoth, Jehiel, Unni, Eliab, Benaiah, Maaseiah, Mattithiah, Eliphelehu, Mikneiah, Obed-edom, and Jeiel, the gatekeepers. epi avèk yo, fanmi a dezyèm nivo a, Zacharie, Ben, Jaaziel, Schemiramoth, Jehiel, Unni, Éliab, Benaja, Maaséja, Matthithja, Éliphelé, avèk Miknéja, ak pòtè yo, Obed-Édom avèk Jeïel, gadyen pòt yo.
19 The singers Heman, Asaph, and Ethan were to sound the bronze cymbals; Konsa chantè yo, Héman, Asaph ak Éthan pou fè sonnen senbal bwonz yo;
20 Zechariah, Aziel, Shemiramoth, Jehiel, Unni, Eliab, Maaseiah, and Benaiah were to play the harps according to Alamoth; epi Zacharie, Aziel, Schemiramoth, Jehiel, Unni, Éliab, Maaséja ak Benaja avèk ap ki te fè son selon Alamòt la;
21 and Mattithiah, Eliphelehu, Mikneiah, Obed-edom, Jeiel, and Azaziah were to lead with lyres according to the Sheminith. epi Matthithia, Éliphelé, Miknéia, Obed-Édom, Jeïel avèk Azazia, pou pran avan avèk ap uit kòd pou kondwi chan an.
22 Chenaniah, chief of the Levites, was in charge of the singing; he directed the music because he was skilled. Kenania, chèf Levit yo, te an chaj chante a. Li te bay enstriksyon nan chante a paske li te fò.
23 Berechiah and Elkanah were to be gatekeepers for the ark. Bérékia avèk Elkana te gadyen pòtay pou lach la.
24 Shebaniah, Joshaphat, Nethanel, Amasai, Zechariah, Benaiah, and Eliezer, the priests, were to blow the trumpets before the ark of our Father; Obed-edom and Jehiah were gatekeepers for the ark. Schebania, Josaphat, Nethaneel, Amasaï, Zacharie, Benaja ak Éliézer, prèt yo te soufle twonpèt yo devan lach a Bondye a. Obed-Édom avèk Jechitja te gadyen pòtay lach la.
25 David, Israel's elders, and the commanders of thousands went to bring the ark of our Father's covenant up from Obed-edom's house with joy. Konsa David, avèk lansyen Israël yo, avèk kapitèn a dè milye yo, te ale pou pote fè monte lach akò SENYÈ a soti lakay Obed-Édom nan mitan yon gran rejwisans.
26 Because our Father helped the Levites carrying the ark of our Father's covenant, they sacrificed seven bulls and seven rams. Akoz Bondye t ap ede Levit ki t ap pote lach akò SENYÈ yo, yo te fè sakrifis sèt towo ak sèt belye.
27 David wore a fine linen robe, as did all the Levites carrying the ark, the singers, and Chenaniah, leader of the singing; David also had on a linen ephod. Alò, David te abiye avèk yon manto len fen, menm avèk tout Levit ki t ap pote lach la, e chantè yo avèk Kenania, chèf mizik pami chantè yo. Epi David te abiye osi ak yon efòd an len.
28 All Israel brought up the ark of our Father's covenant with shouts of joy, horn blasts, trumpets, and cymbals, sounding harps and lyres. Konsa, tout Israël te pote monte lach akò SENYÈ a avèk gwo kri, avèk son a kòn soufle, avèk twonpèt, avèk gwo bwi a senbal, avèk ap ak gita.
29 As the ark of our Father's covenant entered the city of David, Michal daughter of Saul looked through the window. When she saw King David dancing and celebrating, she despised him in her heart. Li te rive lè lach akò SENYÈ a te vini nan vil David la, ke Mical, fi a Saül la, te gade deyò fenèt la e te wè Wa David t ap vòltije e selebre. Konsa, li te meprize li nan kè l.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]