Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Chronicles 10 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The Philistines fought Israel; Israel's men fled before them and fell slain on Mount Gilboa. Alò, Filisten yo te goumen kont Israël; epi mesye Israël yo te sove ale devan Filisten yo e te mouri sou Mòn Guilboa.
2 Philistines pursued Saul and his sons, and struck down Jonathan, Abinadab, and Malchishua, sons of Saul. Filisten yo te kouri prese dèyè Saül avèk fis li yo, e Filisten yo te touye Jonathan, Abinadab ak Malki-Schua, fis a Saül yo.
3 The fighting grew fierce around Saul; the archers caught up with him and badly wounded him. Batay la te vin rèd kont Saül e ekip banza yo te rive sou li. Konsa li te blese pa ekip banza yo.
4 Saul told his armor-bearer, "Draw your sword, run me through, or these uncircumcised men will come and abuse me." But he refused, afraid. So Saul took the sword himself and fell on it. Alò, Saül te di a sila ki te pote zam li yo: “Rale nepe ou e frennen m nèt avè l pou ensikonsi sila yo pa vin abize mwen.” Men pòtè zam li yo pa t fè l, paske li te krent anpil. Pou sa, Saül te pran nepe li e te tonbe sou li.
5 When his armor-bearer saw that Saul was dead, he too fell on his sword and died. Lè pòtè zam li an te wè ke li te mouri, li menm tou te tonbe sou nepe li e te mouri.
6 So Saul died, and his three sons, and all his household died together. Konsa, Saul te mouri avèk twa fis li yo, e tout lakay li te mouri ansanm.
7 When the Israelites in the valley saw the army had fled and Saul and his sons were dead, they abandoned their towns and fled. The Philistines came and settled in them. Lè tout mesye Israël ki te nan vale yo, te wè ke yo te sove ale, e ke Saül avèk fis li yo te mouri, yo te sove ale kite vil yo. Epi Filisten yo te vin rete ladan yo.
8 Next day, Philistines came to strip the dead and found Saul and his sons fallen on Mount Gilboa. Li te vin rive nan pwochen jou a, lè Filisten yo te vini pou depouye mò yo, ke yo te twouve Saül avèk fis li yo tonbe sou Mòn Guilboa a.
9 They stripped him, took his head and armor, and sent messengers throughout Philistine land to proclaim it to their idols and the people. Konsa, yo te depouye li e te pran tèt li avèk zam avèk boukliye li yo e te voye mesaje antoure tout peyi Filisten yo pou pote bòn nouvèl la rive nan zidòl pa yo avèk pèp la.
10 They put his weapons in their gods' temple and nailed his head in Dagon's temple. Yo te mete zam avèk boukliye li yo lakay dye pa yo e te tache kolè tèt li lakay Dagon an.
11 But when all the people of Jabesh-gilead heard everything the Philistines had done to Saul, Lè tout moun Jabès-Galaad yo te tande tout sa ke Filisten yo te fè a Saül,
12 all their fighting men set out, took Saul's body and his sons' bodies, brought them to Jabesh, buried their bones under Jabesh's oak, and fasted seven days. tout mesye gwo kouraj yo te leve e pran kò a Saül avèk kò a fis li yo pou te pote yo Jabès, yo te antere yo anba chenn nan Jabès e te fè jèn pandan sèt jou.
13 So Saul died for his unfaithfulness against our Father—he did not keep our Father's word, and even consulted a medium for guidance. Konsa, Saül te mouri pou mal ke li te fè kont SENYÈ a, akoz pawòl a SENYÈ a ke li pa t kenbe; epi osi, paske li te fè demand a youn nan sila ki pale ak mò yo, pou mande konsèy,
14 He did not seek our Father, so our Father killed him and turned the kingdom over to David son of Jesse. epi pa t mande konsèy a SENYÈ a. Pou sa, Li te touye li, e te bay wayòm nan a David, fis a Jesse a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]