Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Chronicles 11 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then all Israel gathered to David at Hebron, saying, "Look, we are your bone and flesh. Epi tout Israël te reyini kote David nan Hébron. Yo te di: “Gade byen, nou se zo ou ak chè ou.
2 Even before, while Saul was king, you led Israel out and back. Your Father told you, 'You will shepherd my people Israel; you will be ruler over my people Israel.'" Nan tan pase yo, menm lè Saül te wa, se te ou menm ki te mennen Israël sòti ak antre. Epi konsa, SENYÈ a, Bondye ou a, te di ou: ‘Ou va bèje pèp Israël Mwen an, e ou va Prens sou pèp Mwen an, Israël.’”
3 All Israel's elders came to the king at Hebron, and David made a covenant with them at Hebron before our Father. Then they anointed David king over Israel, as our Father had said through Samuel. Pou sa, tout ansyen nan Israël yo te vin kote wa a Hébron e David te fè yon akò avèk yo Hébron devan SENYÈ a. Epi yo te onksyone David Wa sou Israël, selon pawòl SENYÈ a te pwononse pa Samuel la.
4 David and all Israel went to Jerusalem (that is, Jebus), where the Jebusites, its residents, lived. Konsa, David, avèk tout Israël te ale Jérusalem (sa vle di, Jébus). Jebizyen ki te abite nan peyi yo te la.
5 Jebus's people told David, "You won't enter here." But David took the stronghold of Zion—the city of David. Pèp Jébus la te di a David: “Ou p ap antre isit la.” Malgre sa, David te kaptire fò a Sion an (sa vle di, vil David la).
6 David said, "Whoever strikes the Jebusites first becomes head and commander." Joab son of Zeruiah went up first and became head. Alò, David te pale avan: “Nenpòt moun ki touye yon Jebizyen avan, se li k ap chèf e kòmandan.” Se te Joab, fis a Tseruja a ki te monte avan; konsa li te devni chèf.
7 David then settled in the stronghold; that is why it was called the city of David. Answit, David te rete nan fò a; pou sa, li te vin rele lavil David la.
8 He built the city all around, from the Millo to the encircling wall, while Joab restored the rest of the city. Li te bati vil toutotou li, soti nan Millo menm pou rive nan tout zòn ki te antoure li yo; epi Joab te repare tout rès vil la.
9 And David became more and more powerful, for the Father of heaven's armies was with him. David te vin pi gran e pi gran, paske SENYÈ a dèzame yo te avèk li.
10 These are the chiefs of David's mighty men, who gave him strong support in his kingdom, with all Israel, to make him king, by our Father's word concerning Israel. Alò, sila yo se chèf an tèt yo, mesye gran pwisans ke David te genyen yo, ki te bay li soutyen fò nan wayòm li a, pou fè l vin wa, selon pawòl a SENYÈ a pa Israël.
11 This is the list of David's mighty men: Jashobeam, a Hachmonite, head of the Three, used his spear to kill 300 men in a single encounter. Sila yo se chif a mesye gran pwisans ke David te genyen yo: Jaschobeam, fis a yon Akmoni, chèf a trant lan. Li te parèt ak yon sèl lans devan twa-san òm e te touye tout yon sèl kou.
12 After him, Eleazar son of Dodo the Ahohite, one of the three mighty warriors. Apre li, se te Éléazar, fis a Dodo a, Achochit la, youn nan twa prensipal mesye pwisan yo.
13 He was with David at Pas-dammim when Philistines gathered there for battle, in a field full of barley; the people fled from the Philistines, Li te avèk David nan Pas-Damimim lè Filisten yo te rasanble ansanm la pou batay e te gen yon mòso tè plen avèk lòj; epi pèp la te sove ale devan Filisten yo.
14 but they stood their ground in the middle of the field, defended it, and struck down the Philistines; our Father saved them with a great victory. Yo te kanpe pran plas yo nan mitan mòso tè a pou te defann li e li te touye Filisten yo; epi SENYÈ a te delivre yo avèk yon gran viktwa.
15 Three of the thirty top warriors went down to David at the rock by Adullam's cave, while a Philistine unit camped in the Rephaim Valley. Alò, twa nan trant mesye chèf yo te desann vè wòch kav Adullam nan, pandan lame Filisten yo t ap fè kan nan vale Rephaïm nan.
16 At that time David was in the stronghold, and a Philistine garrison was at Bethlehem. Konsa, David te anndan fò a pandan lame Filisten an te Bethléem.
17 David craved water: "If only someone would get me a drink from Bethlehem's well by the gate!" David te gen yon lanvi, epi te di: “O ke yon moun ban m dlo pou bwè soti nan pwi Bethléem ki akote pòtay la!”
18 The three broke through the Philistine camp, drew water from Bethlehem's well by the gate, and brought it to David. But he wouldn't drink it—he poured it out to our Father. Konsa, twa mesye sa yo te antre nan kan Filisten yo, te rale dlo soti nan pwi Bethléem ki te akote pòtay la e te pran li pou te pote l bay David. Sepandan, David te refize bwè l, men te vide li bay SENYÈ a.
19 He said, "May my Father forbid it! Should I drink the blood of men who put their lives at risk? They brought it by risking their lives." So he refused to drink it. These were the deeds of the three warriors. Konsa, li te di: “Lwen de mwen devan Bondye mwen an pou m ta fè sa. Èske mwen ta bwè san a mesye sila yo ki te riske lavi yo? Paske se avèk gwo danjè lavi yo menm ke yo te pote li.” Pou sa, li te refize bwè l. Se bagay sila yo ke twa mesye pwisan yo te fè.
20 Abishai the brother of Joab was chief of the Thirty. He used his spear to kill 300 men, and he made a name for himself among the Three. Epi Abischaï, frè a Joab la te chèf a trant yo ke li te ye e li te voye lans li kont twa san moun e te touye yo. Li te rekonèt menm jan kon trant yo.
21 Most honored of the Thirty, he became their commander—yet not one of the Three. Nan trant yo se te li ki te pi rekonèt e te devni kòmandan pa yo; men li pa t rive nan nivo a twa sila yo.
22 Benaiah son of Jehoiada, a valiant man from Kabzeel, did great deeds: he struck down two of Moab's mightiest, and went down into a pit on a snowy day and killed a lion. Benaja, fis a Jehojada a, fis a yon mesye gwo kouraj nan Kabtseel, pwisan nan zèv li yo, te frape touye de fis a Ariël yo, Moabit la. Anplis, li te desann touye yon lyon anndan yon fòs nan yon jou ke lanèj t ap tonbe.
23 He also killed an Egyptian, a man of great size, about seven and a half feet tall, who had a spear like a weaver's beam. Benaiah went at him with a club, tore the spear from the Egyptian's hand, and killed him with his own spear. Li te touye yon Ejipsyen, yon nonm gran wotè a senk koude. Alò, nan men Ejipsyen an, te gen yon lans tankou shaf a aparèy tise a; men li te desann kote li avèk yon baton, te sezi lans lan soti nan men Ejipsyen an e te touye li avèk pwòp lans pa li a.
24 These were Benaiah son of Jehoiada's deeds; he gained a name among the three mighty men. Bagay sa yo Benaja, fis a Jehojada a te fè e te byen koni menm jan ak twa mesye pwisan yo.
25 He was honored above the Thirty, but not among the Three. David put him in charge of his own guard. Gade byen, li te byen onore pami trant yo, men li pa t rive nan nivo a twa sila yo. Konsa, David te apwente l sou gad pa li.
26 The mighty warriors were: Asahel the brother of Joab, Elhanan son of Dodo of Bethlehem, Alò, mesye pwisan lame yo te Asaël, frè Joab, Elchanan, fis a Dodo nan Bethléem,
27 Shammoth the Harorite, Helez the Pelonite, Schammoth, Aworit la, Hélets, Palonit la,
28 Ira son of Ikkesh of Tekoa, Abiezer of Anathoth, Ira, fis a Ikkesch la, Tekoatyen an, Abiézer, Anatotit la.
29 Sibbecai the Hushathite, Ilai the Ahohite, Sibbecaï, Oushatit la, Ilaï, Achoachit la,
30 Maharai of Netophah, Heled son of Baanah of Netophah, Maharaï, Netofayit la, Héled, fis a Baana a, Netofayit la,
31 Ithai son of Ribai of Gibeah of the Benjaminites, Benaiah of Pirathon, Ithaï, fis a Ribaï a, Gibityen ki sòti nan fis a Benjamin yo, Benaja ak Pirathon.
32 Hurai of the brooks of Gaash, Abiel the Arbathite, Huraï a ti dlo a Gaash yo, Abie ak Araba.
33 Azmaveth of Baharum, Eliahba the Shaalbonite, Azmaveth, Bacharumit la, Éliachba, Shaalbonit lan,
34 the sons of Hashem the Gizonite, Jonathan son of Shagee the Hararite, Bené-Hasdchem, Gizonit lan, Jonathan, fis a Schagué a, Ararit la.
35 Ahiam son of Sachar the Hararite, Eliphal son of Ur, Achiam, fis a Sacar a, Ararit la, Éliphal, fis a Ur a,
36 Hepher the Mecherathite, Ahijah the Pelonite, Hépher, a Mekeratit la, Achija, Palonit lan,
37 Hezro of Carmel, Naarai son of Ezbai, Hetsro, Kamelit la, Naaraï, fis a Ebzaï a.
38 Joel the brother of Nathan, Mibhar son of Hagri, Joël, frè a Nathan an, Mibchar, fis a Hagri a,
39 Zelek the Ammonite, Naharai of Beeroth, the armor-bearer of Joab son of Zeruiah, Tsélek, Amonit lan, Nachraï, Bewotit ki te pote zam pou Joab yo, fis a Tseruja a.
40 Ira the Ithrite, Gareb the Ithrite, Ira, Jeterit la, Gareb, Jeterit la,
41 Uriah the Hittite, Zabad son of Ahlai, Urie, Etyen an, Zabad, fis a Achlaï a.
42 Adina son of Shiza the Reubenite, a leader of the Reubenites, and thirty with him, Adina, fis a Schiza a, Ribenit lan, chèf a Ribenit yo ak trant ki te avè l yo.
43 Hanan son of Maacah, Joshaphat the Mithnite, Hanan, fis a Maaca a, Josaphat, Mitnit lan,
44 Uzzia the Ashterathite, Shama and Jeiel the sons of Hotham the Aroerite, Ozias, Ashtawotit la, Schama avèk Jehiel, fis a Hotham yo, Awoerit la,
45 Jediael son of Shimri, and Joha his brother, the Tizite, Jediaël, fis a Schimri a, Jocha, frè li, Titsit la,
46 Eliel the Mahavite, Jeribai and Joshaviah the sons of Elnaam, Ithmah the Moabite, Éliel, Machavimit lan, Jeribaï avèk Joschavia, fis a Elnaam yo, Jithma, Moabit la,
47 Eliel, Obed, and Jaasiel the Mezobaite. Éliel, Obed ak Jaasiel-Metsobaja.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]