Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Zechariah 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Again I lifted my eyes and looked, and there before me was a flying scroll. Answit, mwen te leve zye m ankò. Mwen te gade e mwen te wè, yon liv woulo ki t ap vole anlè.
2 He asked, "What do you see?" I answered, "I see a flying scroll, thirty feet long, fifteen feet wide." Konsa, li te di mwen: “Kisa ou wè la a?” Mwen te reponn: “Mwen wè yon liv woulo k ap vole anlè; longè li se ven koude, e lajè li se dis koude.”
3 Then he said to me, "This is the curse going out over the whole land. Everyone who steals will be purged away, by one side of it; everyone who swears falsely, purged away by the other." Li te di mwen: “Sa se malediksyon k ap vin parèt sou fas a tout tè a. Anverite, tout moun ki vòlè va vin koupe retire nan yon bò selon li; epi tout moun ki fè fo sèman va vin koupe retire nan lòt bò a selon li.
4 "I have sent it out, declares the Father of heaven's armies; it will enter the thief's house and the house of whoever swears falsely by my name, stay there, and consume it—both timbers and stones." Mwen va fè li vin parèt”, deklare SENYÈ dèzame yo: “Epi li va antre lakay a vòlè a ak lakay a sila ki fè fo sèman nan non Mwen an. Konsa, li va rete nèt nan mitan kay li a, e li va detwi l nèt ansanm ak bwa travès ak tout wòch yo.”
5 Then the angel talking with me came forward and said, "Now look up and see what this is going out." Epi zanj ki t ap pale avè m nan te sòti deyò. Li te di mwen: “Koulye a leve zye ou pou wè sa k ap vin parèt la.”
6 I asked, "What is it?" He said, "The basket going out." Then, "This is their guilt across the whole land." Mwen te di: “Kisa li ye?” Li te di: “Sa se panyen efa a k ap vin parèt la.” Li te di ankò: “Sa se inikite ki nan tout peyi a.
7 Suddenly, the lead cover was lifted, and there was a woman sitting inside the basket. Epi vwala, yon kouvèti an plon ki peze yon talan (40 kilo) te vin leve. Epi te gen yon fanm ki chita nan mitan panyen an”.
8 He said, "This is Wickedness." He pushed her back into the basket and forced the lead weight over its mouth. Zanj la te di: “Sa se Mechanste!” Epi li te jete fanm nan rive nan mitan panyen efa a, e li te voye mas plon an sou bouch panyen an.
9 I looked up and saw two women coming, wind in their wings—wings like a stork's—and they lifted the basket between earth and sky. Mwen te leve zye m, mwen te gade, e mwen te wè te gen de fanm ak van nan zèl yo. Zèl yo te tankou zèl a sigòy. Konsa, yo te leve panyen efa a antre tè a ak syèl la.
10 Then I said to the angel who was speaking with me, "Where are they taking the basket?" Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan: “Se ki kote yo prale ak panyen an la a?”
11 He said to me, "To build a house for it in the land of Shinar; and when it's ready, the basket will be set there on its base." Li te di mwen: “Pou bati yon tanp pou fanm nan, nan peyi Schinear. Konsa, lè l fin prepare, fi la va pozisyone la sou pwòp baz pa l.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]