Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Zechariah 11 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Open your doors, Lebanon—let fire devour your cedars! Ouvri pòt ou yo, O Liban, pou dife ka devore bwa sèd ou yo.
2 Wail, cypress, for the cedar has fallen, the majestic trees are ruined! Wail, oaks of Bashan, for the thick forest has come down! Rele anmwey, O pye siprè a, paske bwa sèd la fin tonbe, akoz bèl ab plen ak glwa yo fin detwi. Rele anmwey, O bwadchenn a Basan yo, paske gran forè a fin tonbe.
3 Listen—the wailing of the shepherds, for their glory is ruined! Listen—the roaring of young lions, for the thickets of the Jordan are ruined! Men yon vwa kriye lamantasyon a bèje yo! Paske glwa gran fore yo fin detwi; yon vwa jenn lyon k ap gwonde a! Paske ògèy Jourdain nan fin kraze nèt.
4 This is what my Father says: Shepherd the flock marked for slaughter. Konsa pale SENYÈ a, Bondye mwen an: “Nouri bann mouton k apkòche a.
5 Their buyers slaughter them unpunished; their sellers say, "Praise God, I've grown rich!"—and their own shepherds show them no compassion. Sila ki achte yo, kòche yo, e rete san koupabilite. Sila ki vann yo va di: ‘Beni se SENYÈ a, paske mwen vin rich!’ Epi pwòp bèje pa yo pa menm gen pitye pou yo.
6 For I will no longer pity the land's people, declares our Father. I am handing everyone over—each into the hand of his neighbor and his king; they will crush the land, and I will rescue no one from their hand. Paske Mwen p ap fè pitye ankò pou pèp peyi a,” deklare SENYÈ a; “men gade byen, Mwen va delivre tout mesye yo, yo tout anba men pwochen yo, e anba pouvwa a wa li a. Y ap frape peyi a, e Mwen p ap delivre yo anba pouvwa yo.”
7 So I shepherded the flock marked for slaughter, the most oppressed of the flock. I took two staffs, naming one Favor and the other Union, and shepherded the flock. Konsa, mwen te nouri bann mouton pou kòche a; soutou, aflije nan bann mouton yo. Mwen te pran pou mwen de baton: youn mwen te rele Gras e lòt la, mwen te rele li Tèt Ansanm. Konsa, mwen te nouri bann mouton an.
8 In one month I removed the three shepherds. I grew impatient with them, and they also hated me. Epi mwen te koupe retire nèt twa bèje sila yo nan yon mwa, paske nanm mwen te pèdi pasyans avèk yo, e nanm pa yo te fatige avè m tou.
9 Then I said, "I won't shepherd you. Let the dying die, the doomed be destroyed, and those left devour one another's flesh." Epi mwen te di: “Mwen p ap nouri nou. Sa ki fèt pou mouri, kite l mouri, e sa ki fèt pou koupe retire nèt, kite l koupe retire. Epi konsa, kite sila ki rete yo manje chè youn lòt.”
10 I took my staff Favor and broke it, breaking the covenant I made with all the peoples. Mwen te pran baton Gras la, e mwen te koupe li an twa mòso pou m te kab kraze akò ke m te fè ak tout pèp la.
11 So it was broken that day, and the poor of the flock watching me knew this was the word of our Father. Konsa, li te kraze nan jou sa a. Epi konsa, aflije nan bann mouton yo ki t ap gade mwen an, te vin konprann ke se te pawòl SENYÈ a.
12 I said to them, "If it seems right, give me my wages; if not, keep them." So they weighed out my wages—thirty pieces of silver. Mwen te di yo: “Si sa bon nan zye nou, peye m salè mwen an, men si se pa sa, pa okipe w.” Konsa, yo te peze trant sik ajan kòm salè mwen an.
13 Then our Father said to me, "Throw it to the potter"—the grand price at which they valued me! So I took the thirty pieces of silver and threw them into the house of our Father, to the potter. Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Jete sa vè bòs potye a—pri manyifik valè M ki te estime pa yo menm nan!” Konsa, mwen te pran trant sik ajan, e mwen te jete yo vè bòs potye a, lakay SENYÈ a.
14 Then I broke my second staff, Union, annulling the brotherhood between Judah and Israel. Epi mwen te koupe an mòso dezyèm baton ki rele Tèt Ansanm nan, pou kraze fratènite ki te egziste antre Juda ak Israël la.
15 Then our Father said to me, "Take up once more the gear of a foolish shepherd. SENYÈ a te di mwen: “Pran ankò pou ou menm, enstriman a yon bèje ki san konprann.
16 For I am raising up a shepherd in the land who will not tend the perishing, not seek the scattered, not heal the broken, not sustain the healthy—but will eat the flesh of the fat ones and tear off their hooves. Paske, gade byen, Mwen ap fè leve yon bèje nan peyi a, yon bèje ki p ap vizite sila ke yo koupe retire yo, ni chache sila ke yo gaye yo, ni geri sila ki aflije a, ni nouri sila ki ansante a, men li va devore chè a mouton gra yo, e li va menm chire retire zago yo.
17 Woe to my worthless shepherd, who deserts the flock! May the sword fall on his arm and on his right eye! Let his arm wither away completely, and his right eye go utterly blind!" Malè a bèje san valè ki abandone bann mouton an! Nepe va sou bra li ak sou zye dwat li! Bra li va vin seche nèt e zye dwat la va vin avèg nèt.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]