Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Zechariah 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In Darius's second year, eighth month, our Father's word came to Zechariah son of Berechiah, son of Iddo the prophet: Nan uityèm mwa, dezyèm ane Wa Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a Zacharie, pwofèt la, fis a Bérékia, fis a Iddo a. Li te di:
2 Our Father was very angry with your ancestors. “SENYÈ a te fache anpil anpil avèk zansèt nou yo.
3 So tell them: This is what the Father of heaven's armies says: Return to me, declares the Father of heaven's armies, and I will return to you. So says the Father of heaven's armies. Konsa, se pou ou di a yo menm: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ dèzame yo: “Pou M kapab retounen vin jwenn nou,” pale SENYÈ dèzame yo.
4 Do not be like your ancestors. To them the earlier prophets proclaimed: This is what the Father of heaven's armies says: Turn now from your evil ways and evil deeds. But they would not listen or heed me, declares our Father. “Pa fè tankou zansèt nou yo, a sila ansyen pwofèt yo te kriye e te di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Retounen koulye a, kite chemen mechan ak zak mechan nou yo.’ Men yo pa t koute, ni okipe Mwen’, deklare SENYÈ a.
5 Your ancestors—where are they now? And the prophets, do they live forever? Papa zansèt nou yo, ki kote yo ye? Epi pwofèt yo, èske yo viv pou tout tan?
6 But my words and decrees, which I commanded my servants the prophets—did they not overtake your ancestors? Then they turned back and said, 'Just as the Father of heaven's armies planned to do to us, matching our ways and deeds, so he has dealt with us.' Men èske pawòl Mwen yo, ak règleman Mwen yo, lòd ke M te bay a sèvitè Mwen yo, pwofèt yo, èske yo pa t depase zansèt nou yo? “Konsa yo te repanti, e te di: ‘Jan SENYÈ dèzame yo te gen entansyon fè ak nou selon chemen ak zak nou yo, se konsa Li fin aji avèk nou.’”
7 On the twenty-fourth day of the eleventh month, Shebat, in Darius's second year, the word of our Father came to Zechariah son of Berechiah, son of Iddo the prophet: Nan venn-katriyèm jou nan onzyèm mwa a, ki se mwa Schebat a, nan dezyèm ane wa Darius la, pawòl SENYÈ a te rive kote Zacharie, pwofèt la, fis a Bérékia, fis a Iddo a, konsa:
8 During the night I had a vision—and there before me was a man riding a red horse, standing among the myrtle trees in a ravine, and behind him were red, brown, and white horses. Mwen t ap gade pandan nwit lan e vwala, yon nonm te monte sou yon cheval wouj. Li te kanpe pami pye Jasmen ki te nan ravin yo, e dèyè li, te gen cheval wouj, cheval alzan ak cheval blan.
9 I asked, 'What are these, my lord?' The angel talking with me said, 'I will show you what they are.' Konsa, mwen te di: “O Senyè mwen an! Se kisa sa yo ye?” Epi zanj ki t ap pale avèk mwen an, te di mwen: “Mwen va montre ou kisa yo ye.”
10 The man among the myrtle trees answered, 'These are the ones our Father sent to patrol the earth.' Epi nonm ki te kanpe pami pye Jasmen yo te reponn. Li te di: “Sa yo se sila ke SENYÈ a te voye pou fè patwouj sou latè.”
11 They reported to the messenger of our Father standing among the myrtle trees, 'We have patrolled the earth; the whole earth sits at rest and peace.' Konsa, yo te reponn zanj SENYÈ, ki te kanpe pami pye Jasmen yo. Yo te di: “Nou te fè patwouj sou tè a e gade byen tout tè a kalm. Li gen lapè.”
12 Then the messenger of our Father said, 'Father of heaven's armies, how long will you hold back mercy from Jerusalem and Judah's cities, angry with them these seventy years?' Epi zanj SENYÈ a te di: “O SENYÈ dèzame yo, pandan konbyen de tan Ou va refize gen konpasyon pou Jérusalem ak vil a Juda yo, de kilès Ou te si tèlman pa t kontan pandan swasann-dis ane sila yo?”
13 So our Father spoke kind and comforting words to the angel who was talking with me. SENYÈ a te reponn zanj ki t ap pale avè m nan ak pawòl ki plen gras, pawòl dous ki pou kalme.
14 Then the angel talking with me said, 'Proclaim: This is what the Father of heaven's armies says: I am very jealous for Jerusalem and Zion,' Konsa, zanj ki t ap pale avè m nan, te di mwen: “Se pou ou kriye pou di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Mwen jalou depase pou Jérusalem ak Sion.
15 but I am very angry with the secure nations; I was only a little angry, but they added to the harm. Men Mwen fache anpil anpil ak nasyon ki alèz yo. Paske pandan Mwen te fache sèlman yon ti kras, yo te ogmante afliksyon an.”
16 So our Father says: I will return to Jerusalem with mercy; there my house will be rebuilt, declares the Father of heaven's armies, and the measuring line will be stretched over Jerusalem. Akoz sa, SENYÈ a di konsa: “Mwen ap retounen kote Jérusalem, ak mizerikòd. Kay Mwen an va bati ladann l”, deklare SENYÈ dèzame yo; “ epi yon lign va vin tire sou Jérusalem.”’
17 Proclaim further: So says the Father of heaven's armies: My cities will again overflow with prosperity; our Father will again comfort Zion and again choose Jerusalem. “Se pou ou kriye ankò e di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Vil Mwen yo va vin debòde ak abondans ankò. SENYÈ a va soulaje Sion, e chwazi Jérusalem ankò.”’”
18 Then I looked up, and there before me were four horns. Konsa, Mwen te leve zye m; mwen te gade, e konsa, te gen kat kòn.
19 I asked the angel talking with me, 'What are these?' He said, 'These are the horns that scattered Judah, Israel, and Jerusalem.' Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan: “Kisa sa yo ye?” Li te reponn mwen: “Sa yo se kòn ki te gaye Juda, Israël, ak Jérusalem yo.”
20 Then our Father showed me four craftsmen. SENYÈ a te montre mwen kat gwo bòs fòjewon.
21 I asked, 'What are these coming to do?' He said, 'These horns scattered Judah so no one could lift his head; but these craftsmen came to terrify them and throw down the horns the nations raised against Judah's land to scatter it.' Mwen te di: “Se kisa sa yo ap vin fè?” Epi li te di: “Sa yo se kòn ki te gaye Juda yo pou pèsòn pa t leve tèt yo. Men bòs fòjewon sila yo ki te vini pou teworize yo, pou fonn kòn a nasyon ki te leve kòn yo kont peyi Juda pou te gaye li a.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]