Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Haggai 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In the seventh month, on the twenty-first day, the word of our Father came through Haggai the prophet: Nan venteyen jou nan setyèm mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote Aggée, pwofèt la. Li te di:
2 "Speak now to Zerubbabel son of Shealtiel, governor of Judah, to Joshua son of Jehozadak, high priest, and to the rest of the people: “Pale koulye a a Zorobabel, fis a Schealthiel la, gouvènè a Juda a, a Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la e a retay a pèp la e di:
3 Who among you is left? Who here saw this house in its former glory? How does it look now? Doesn't it seem like nothing to you?' ‘Se kilès ki rete pami nou ki te wè tanp sa a lontan nan tout glwa li? Se kijan nou wè li koulye a? Èske li pa vin pa sanble anyen nan zye nou?
4 Yet now be strong, Zerubbabel, declares the Father; be strong, Joshua son of Jehozadak, the high priest; and be strong, all you people of the land, declares the Father, and work, for I am with you, declares the Father of heaven's armies. Men koulye a, se pou ou vin dyanm, Zorobabel,’ deklare SENYÈ a: ‘Se pou ou vin dyanm, ou menm tou, Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la, e tout pèp peyi a, se pou nou vin dyanm,’ deklare SENYÈ a: ‘epi travay, paske Mwen avèk nou,’ deklare SENYÈ dèzame yo.
5 Just as I promised when you came out of Egypt, my Spirit remains among you; do not be afraid. Selon pwomès ke M te fè nou an, depi lè nou te sòti nan peyi Égypte la, Lespri M t ap viv pami nou. ‘Pa pè anyen!’
6 This is what the Father of heaven's armies says: Once more, in a little while, I will shake the heavens, the earth, the sea, and the dry land. Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Yon fwa ankò nan yon ti tan, Mwen va souke syèl yo, tè a, lanmè a ak tè sèch la.
7 And I will shake all the nations, and what all nations most desire will come, and I will fill this house with glory, says the Father of heaven's armies. Mwen va souke tout nasyon yo. Konsa, gwo richès de tout nasyon yo va vini, e Mwen va plen kay sa a ak glwa,’ pale SENYÈ dèzame yo.
8 The silver is mine and the gold is mine, declares the Father of heaven's armies. ‘Ajan se pa M, e lò se pa M’, deklare SENYÈ dèzame yo.
9 The final glory of this house will surpass the first, says the Father of heaven's armies; and in this place I will give peace, declares the Father of heaven's armies." ‘Denyè glwa kay sa a, va pi gran ke ansyen an,’ pale SENYÈ dèzame yo: ‘Epi nan plas sa a, Mwen va bay Lapè’, deklare SENYÈ dèzame yo.”
10 On the ninth month's twenty-fourth day, Darius's second year, our Father's word came to Haggai the prophet: Nan venn-kat nan nevyèm mwa a, nan dezyèm ane Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a Aggée, pwofèt la. Li te di:
11 This is what the Father of heaven's armies says: Ask the priests for a ruling: “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Kounye a mande prèt yo konsènan Lalwa a. Mande yo:
12 If a man carries holy meat in the fold of his garment and with it touches bread, stew, wine, oil, or any food, does it become holy? The priests answered, No. Si yon nonm pote vyann sakre vlope nan ke wòb li, e avèk ke wòb li, li touche pen, manje kwit, diven, lwil, oswa nenpòt lòt manje, èske sa ki touche pa li menm va vin sakre?’” Prèt yo te reponn: “Non”.
13 Haggai asked, If someone unclean from a dead body touches any of these, does it become unclean? Yes, it becomes unclean, the priests answered. Anplis, Aggée te mande: “Si yon moun ki pa pwòp akoz yon kadav, ta touche nenpòt bagay nan sa yo, èske moun sa va pa pwòp?” Prèt yo te reponn: “Yo va vin pa pwòp.”
14 Then Haggai said: So it is with this people and this nation before me, declares the Father; so with all they make, and what they offer there is unclean. Epi Aggée te di: “‘Se konsa pèp sa a ye. Epi se konsa nasyon sa a ye devan Mwen,’ deklare SENYÈ a: ‘Anplis, se konsa tout zèv men yo, ak sa ke yo ofri la yo, vin pa pwòp.
15 "Now consider carefully from this day on: before stone was laid on stone in our Father's temple. Alò, koulye a, m ap priye nou byen konsidere sa soti nan jou sa a pou gade dèyè nèt: avan yon sèl wòch te plase sou yon wòch sou tanp SENYÈ a.
16 How did you fare? Coming to a grain heap for twenty, there were ten; to the wine vat to draw fifty, there were twenty. Pandan tout tan sa a, lè yon moun te rive sou yon pil sereyal ak ven mezi, te gen sèlman dis. Lè yon moun te rive sou gwo ja diven, pou rale retire senkant mezi, te gen sèlman ven.
17 I struck you and all your work with blight, mildew, and hail, but you did not turn to me, declares the Father. Tout zèv ki te fèt ak men nou yo, Mwen te frape ak destriksyon, lakanni, ak lagrèl. Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,’ deklare SENYÈ a.
18 Think carefully from this day on—from the twenty-fourth day of the ninth month, the day our Father's temple foundation was laid—think carefully: ‘Byen konsidere sa, m ap priye nou. Soti nan jou sa a gade dèyè nèt, soti nan venn-katriyèm jou nan nevyèm mwa a; depi jou lè tanp SENYÈ a te fonde a, konsidere sa:
19 Is seed still in the barn? The vine, fig, pomegranate, and olive tree have not yet borne fruit. But from this day on I will bless you." Èske semans lan gen tan rive nan depo a? Menm pye rezen an, pye fig etranje a, pye grenad ak bwa doliv la, pa reyisi pote anyen. Malgre sa, soti nan jou sila a, Mwen va beni nou.’”
20 The word of our Father came to Haggai a second time on the twenty-fourth of the month: Konsa, pawòl SENYÈ a te vini yon dezyèm fwa a Aggée nan venn-katriyèm jou nan mwa a e te di:
21 "Speak to Zerubbabel, governor of Judah: I am about to shake the heavens and the earth. “Pale ak Zorobabel, gouvènè a Juda a e di: ‘Mwen va souke syèl yo ak tè a.
22 I will overturn the thrones of kingdoms and destroy the power of the kingdoms of the nations. I will overturn chariots and their riders; horses and their riders will fall, each by the sword of his brother.' Mwen va boulvèse twòn a wayòm yo, e detwi pouvwa wayòm a nasyon yo. Epi Mwen va boulvèse cha lagè yo ansanm ak sila k ap kondwi cha yo. Cheval yo ak chevalye yo va tonbe, yo tout pa nepe a frè yo.’
23 On that day, declares the Father of heaven's armies, I will take you, Zerubbabel son of Shealtiel, my servant, declares the Father, and make you like a signet ring, for I have chosen you, declares the Father of heaven's armies." ‘Nan jou sa a,’ deklare SENYÈ dèzame yo: “Mwen va pran ou, Zorobabel, fis a Schealthiel la, sèvitè Mwen an,’ deklare SENYÈ a. ‘Epi konsa, Mwen va fè ou vin tankou yon bag so, paske Mwen te chwazi ou,’ deklare SENYÈ dèzame yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]