Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 32 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

Yon Sòm David. Yon Sòm Refleksyon

1A la beni se sila ki padone pou transgresyon li,pou peche li ki kouvri a!

2A la nonm beni se sila SENYÈ a pa jije kon koupab la,e nan lespri a sila ki pa gen manti a.

3Lè m te kenbe silans selon peche mwen,kò m te desann bese nèt e mwen t ap plenyen tout lajounen.

4Paske lajounen kon lannwit,men Ou te lou sou mwen.Fòs mwen te epwize vin besetankou gwo chalè nan gran sezon ete. Tan

5Mwen te vin rekonèt peche m devan Ou,e inikite mwen, mwen pa t ankò kache.Mwen te di: “Mwen va konfese transgresyon mwen yo a SENYÈ a”,epi Ou te padone koupabilite m pou peche mwen yo.

6Konsa, kite tout sila ki fidèl yo priye vè Ou menm,nan yon lè ke Ou toujou disponib.Anverite, nan gran flèv dlo yo,yo p ap kab rive kote Li ankò.

7Ou se kote ke m konn kache a.Ou pwoteje mwen kont gwo twoub.Ou antoure mwen avèk chanson delivrans yo.

8Mwen va enstwi ou e fè ou aprann chemennan sila ou dwe ale a.Mwen va bay ou konsèy avèk zye M sou ou.

9Pa fè tankou cheval oswa milèt ki pa gen konprann menm,ki nan tout sikonstans, oblije gen brid ak bosal ki pou ralanti yo.Otreman, yo p ap vin kote ou.

10Anpil se tristès a mechan yo,men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a,se lanmou dous ki va antoure li.

11Fè kè kontan nan SENYÈ a e rejwi, nou menm ki jis!Rele avèk jwa, nou tout ki dwat nan kè nou yo.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]