Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 31 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In you, my Father, I take refuge; let me never be put to shame; in your righteousness rescue me. Nan Ou menm, SENYÈ, mwen kache. Pa janm kite mwen vin wont. Nan ladwati Ou, delivre mwen.
2 Turn your ear to me; rescue me quickly. Be my rock of refuge, a fortress of defense to save me. Panche zòrèy W bò kote mwen. Delivre mwen byen vit. Devni pou mwen wòch ki ban m fòs, yon sitadèl ki pou sove m.
3 For you are my rock and my fortress; for your name's sake you lead me and guide me. Paske Ou se wòch mwen ak sitadèl mwen, konsa, pou koz a non Ou, Ou va gide mwen.
4 You free me from the net they have hidden for me, for you are my refuge. Ou va rale m sòti nan filè ke yo te prepare an sekrè pou mwen an, paske se Ou ki fòs mwen.
5 Into your hand I commit my spirit; you have redeemed me, my Father, faithful and true. Nan men Ou, mwen mete lespri mwen. Ou te rachte m, O SENYÈ, Bondye verite a.
6 I hate those who cling to worthless idols, but I trust in my Father. Mwen rayi sila ki fè rega a fo zidòl yo, men nan Bondye, mwen mete konfyans mwen.
7 I will rejoice and be glad in your covenant love, for you have seen my affliction; you have known the troubles of my soul, Mwen va rejwi e fè kè kontan nan lanmou dous Ou, akoz Ou te wè soufrans mwen. Ou te wè soufrans a nanm mwen.
8 and you have not handed me over to the enemy; you have set my feet in a spacious place. Ou pa t lage mwen nan men a lènmi an. Ou te mete pye mwen nan yon kote byen laj.
9 Be gracious to me, my Father, for I am in distress; my eyes are worn out with grief, my soul and my body as well. Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen nan gwo twoub. Zye m ak kò m ak nanm mwen; tout fin gate nèt akoz doulè m.
10 For my life is consumed with sorrow, and my years with sighing; my strength fails because of my sin, and my bones waste away. Paske lavi m fin pase nèt ak gwo doulè m, ane mwen yo avèk soupi. Fòs mwen fin ale akoz inikite m. Kò mwen fin epwize.
11 Because of all my enemies I have become a disgrace, especially to my neighbors, and a terror to my acquaintances; those who see me in the street flee from me. Akoz tout advèsè mwen yo, mwen te devni yon objè abominab, sitou a vwazen mwen yo, e yon objè laperèz a sila ki rekonèt mwen yo. Sila ki wè m nan lari yo sove ale devan m.
12 I am forgotten like a dead man, out of mind; I have become like a broken pot. Mwen fin bliye tankou yon moun mouri, disparèt nan panse moun. Mwen tankou yon veso ki fin kraze.
13 For I hear the whispering of many—terror on every side—as they conspire together against me, scheming to take my life. Paske mwen konn tande kout lang anpil moun, laperèz toupatou. Yo pran konsèy ansanm kont mwen. Yo te fè konplo pou rache lavi m.
14 But I trust in you, my Father; I say, "You are my Father." Men pou mwen, mwen mete konfyans nan Ou, O SENYÈ. Mwen di: “Se Ou menm ki Bondye mwen”.
15 My times are in your hand; rescue me from the hand of my enemies and from my persecutors. Moman mwen yo nan men Ou. Delivre mwen nan men a lènmi mwen yo, avèk sila ki pèsekite mwen yo.
16 Make your face shine on your servant; save me in your covenant love. Fè limyè figi Ou vin parèt sou sèvitè Ou a. Sove mwen nan lanmou dous Ou a.
17 My Father, let me not be put to shame, for I call on you; let the wicked be put to shame and silenced in the grave. Pa kite mwen fè wont, O SENYÈ, paske se Ou ke m rele.
18 Let the lying lips be silenced, which speak arrogantly against the righteous with pride and contempt. Kite lèv ki manti yo sispann, sila yo ka p pale ak awogans kont moun dwat yo, k ap fè ògèy pou desann moun.
19 How abundant is your goodness, which you have stored up for those who fear you, which you have shown to those who take refuge in you, for all to see. Men a la gran, bonte ke Ou te konsève pou sila ki krent Ou yo, ke Ou te fòje pou sila ki kache nan Ou yo, devan fis a lòm yo!
20 In the shelter of your presence you hide them from the schemes of men; you keep them safe in your shelter from slanderous tongues. Ou kache yo nan kote sekrè a prezans Ou, kont tout manèv a lòm. Ou konsève yo an sekrè nan yon pwotèj kont konplo a tout lang lèzòm.
21 Blessed be my Father, for he has shown me his wondrous covenant love when I was in a city under siege. Beni se SENYÈ a, paske li te fè mèvèy a lanmou dous Li a anvè mwen nan yon vil byen fò.
22 I had said in my alarm, "I am cut off from before your eyes." But you heard my cry for mercy when I called out to you for help. Pou mwen, mwen te di ak kè sote mwen: “Mwen koupe retire nèt devan zye Ou”. Sepandan, Ou te tande vwa a siplikasyon mwen yo lè m te kriye a Ou menm.
23 Love our Father, all you his faithful ones. Our Father guards the faithful, but he fully repays the one who acts in pride. O renmen SENYÈ a, nou tout, moun fidèl yo! SENYÈ a toujou prezève moun fidèl yo, e bay pwòp rekonpans a sila ki plen ògèy yo.
24 Be strong, and take courage, all you who wait for our Father. Kenbe fèm e kite kè ou pran kouraj, nou tout ki mete espwa nan SENYÈ a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]