Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 30 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 I will exalt you, my Father, for you lifted me up and did not let my enemies gloat over me. Mwen va leve Ou wo, O SENYÈ, paske Ou te leve mwen. Ou pa t kite lènmi m yo rejwi sou mwen.
2 My Father, I cried to you for help, and you healed me. O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen te kriye a Ou menm, e Ou te geri mwen.
3 My Father, you brought my soul up from the grave; you kept me alive and did not let me go down to the pit. O SENYÈ, Ou te fè nanm mwen monte kite sejou lanmò yo. Ou te kenbe m vivan, pou m pa t desann nan gwo fòs la.
4 Sing to our Father, you his faithful ones, and give thanks to his holy name. Chante lwanj a SENYÈ a, nou menm ki fidèl Li yo. Bay remèsiman a sen non Li.
5 For his anger lasts only a moment, but his favor lasts a lifetime; weeping may last through the night, but joy comes in the morning. Paske kòlè Li se sèlman pou yon moman, men Bonte Li se pou tout tan. Kriye a kapab dire pou nwit lan, men kri lajwa a vin parèt nan maten.
6 When I felt secure, I said, "I will never be shaken." Alò, pou mwen, mwen te di nan bon tan mwen, “Mwen p ap janm ebranle.”
7 My Father, by your favor you made my mountain stand firm; but when you hid your face, I was dismayed. O SENYÈ, pa gras Ou, Ou te fè mòn mwen an kanpe fèm. Lè Ou te kache figi Ou, mwen te dekouraje nèt.
8 To you, my Father, I called; to the Sovereign Father I pleaded for mercy: A Ou menm, SENYÈ, mwen te rele. A SENYÈ mwen an, mwen te fè siplikasyon mwen yo:
9 "What is gained if I am silenced, if I go down to the pit? Will the dust praise you? Will it proclaim your faithfulness? “Ki benefis ki genyen nan san mwen si mwen desann nan gwo fòs la? Èske pousyè a kab louwe Ou? Èske li va deklare fidelite Ou?
10 Hear me, my Father, and be gracious to me; my Father, be my helper." Tande, O SENYÈ e fè m gras. O SENYÈ, ban m soutyen.”
11 You turned my mourning into dancing; you stripped off my mourning clothes and clothed me with gladness, Ou te chanje doulè mwen, e sa te fè m vin danse ak lajwa; Ou te demare rad twal sak mwen an, e te mare senti m avèk kè kontan.
12 that my heart may sing your praise and not be silent. My Father, I will give you thanks forever. Konsa, pou kè m kab chante lwanj Ou, e pa rete an silans. O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen va bay Ou glwa pou tout tan, nèt.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]