Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Numbers 16 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Korah son of Izhar, son of Kohath, son of Levi, gathered men, along with Dathan and Abiram, sons of Eliab, and On son of Peleth, sons of Reuben. Alò, Koré, fis a Jitsehar, ansanm avèk Dathan ak Abiram, fis a Éliab avèk On, fis a Péleth, fis a Ruben yo, te pran desizyon. Yo te pran moun avèk yo,
2 They stood before Moses with 250 Israelite leaders of the community—chosen assembly members, men of renown. epi yo te vin souleve devan Moïse. Ansanm avèk kèk nan fis Israël yo, de-san-senkant nan chèf kongregasyon an, mesye ki te byen rekonèt, ki te chwazi pa asanble a,
3 They gathered against Moses and Aaron and said, "You have gone too far! The whole congregation is holy, all of them, and our Father is among them. Why do you set yourselves above our Father's assembly?" yo te reyini ansanm kont Moïse avèk Aaron. Yo te di yo: “Nou te ale ase lwen, paske tout kongregasyon an sen, yo tout, e SENYÈ a nan mitan yo! Konsa, poukisa nou egzalte tèt nou pi wo pase asanble SENYÈ a?”
4 When Moses heard this, he fell facedown. Lè Moïse te tande sa, li te tonbe sou figi li.
5 He said to Korah and all his company, "In the morning, our Father will show who is his and who is holy, and will bring that one near to himself. Whoever he chooses, he will bring near to himself. Li te pale avèk Koré ak tout konpanyen li yo. Li te di: “Demen maten, SENYÈ a va montre kilès ki apatyen ak Li e kilès ki sen, epi Li va fè moun sa a vin touprè Li. Menm sila ke Li chwazi a, Li va mennen li toupre Li menm.
6 Do this: take censers, Korah and all your company. Fè sa: Fè Koré ak tout konpanyen li pran asanswa a pou kont nou.
7 Tomorrow put fire in them, lay incense on them before our Father. The man our Father chooses will be the holy one. You've gone too far, sons of Levi!" Konsa, mete dife ladann, e poze lansan sou yo nan prezans a SENYÈ a, demen. Moun nan ke SENYÈ a chwazi a, va sila ki sen an. Nou gen tan ale ase lwen, fis a Levi yo!”
8 Moses also said to Korah, "Listen now, you sons of Levi: Moïse te di a Koré: “Tande koulye a fis a Levi yo!
9 Is it not enough for you that the Father of Israel set you apart from the rest of Israel's congregation, to bring you near himself, to do the work of our Father's tabernacle, and stand before the congregation to serve them? Èske li pa sifi pou nou ke Bondye Israël la te separe nou soti nan tout rès kongregasyon Israël la, pou mennen nou touprè a Li menm? Pou fè sèvis tabènak SENYÈ a, e pou vin kanpe devan kongregasyon an pou sèvi yo?
10 He brought you near—you and all your brothers, sons of Levi—yet now you seek the priesthood too? E ke li te mennen nou touprè, tout frè ou yo Koré, fis a Levi yo avèk ou? Epi èske w ap chache pozisyon prèt la tou?
11 You and your whole group have gathered against our Father. Aaron—what is he, that you grumble against him?" Pou sa, ou menm avèk tout konpanyen ou yo vin rasanble ansanm kont SENYÈ a! Men pou Aaron, kilès li ye pou nou vin plenyen kont li?”
12 Moses sent for Dathan and Abiram, sons of Eliab. They said, "We will not come up! Konsa, Moïse te voye yon lòd bay Dathan avèk Abiram, fis a Éliab yo, men yo te di: “Nou p ap monte.”
13 Is it not enough you brought us up from a land flowing with milk and honey to kill us in the wilderness, that you must also rule over us? Èske sa pa ase ke ou te mennen nou sòti nan yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl pou fè nou vin mouri nan dezè a, men ou ta, osi, vin chèf sou nou?
14 Also, you haven't brought us to a land flowing with milk and honey, or given us fields and vineyards as an inheritance. Will you gouge out these men's eyes? We won't come up!" Vrèman, ou pa t mennen nou nan yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl, ni ou pa t bannou yon eritaj tèren, avèk chan rezen. Èske ou ta pete zye a mesye sa yo? Nou p ap monte?
15 Moses was furious and said to our Father, "Disregard their offering. I haven't taken a single donkey from them, nor wronged any of them." Alò Moïse te vin byen fache. Li te di a SENYÈ a: “Pa aksepte ofrann pa yo! Mwen pa t pran menm yon bourik nan men yo, ni mwen pa t fè mal a okenn nan yo.”
16 Moses told Korah, "You and your whole company, present yourselves before our Father tomorrow—you, they, and Aaron. Moïse te di a Koré: “Ou menm avèk tout konpanyen ou yo, parèt devan SENYÈ a demen; ni ou menm, yo menm ansanm avèk Aaron.
17 Each man is to take his censer, put incense on it, and bring it before our Father—250 censers—you and Aaron, each with his own censer." Chak nan nou pran veso dife li, mete lansan sou li, e chak nan nou pote veso lansan an devan SENYÈ a, de-san-senkant veso dife; osi ou menm avèk Aaron va chak pote veso dife pa li a.”
18 Each took his censer, put fire in it and laid incense on it, and stood with Moses and Aaron at the tent of meeting's entrance. Konsa, yo chak te pran pwòp veso dife a e te mete dife ladann. Yo te mete lansan sou li, epi yo te kanpe nan pòtay tant asanble a, avèk Moïse ak Aaron.
19 Korah gathered the whole congregation against them at the tent of meeting's entrance; the glory of our Father appeared to the whole congregation. Konsa, Koré te rasanble tout kongregasyon anfas yo a nan pòtay a tant asanble a. Epi glwa a SENYÈ a te vin parèt a tout kongregasyon an.
20 And our Father spoke to Moses and Aaron, saying, SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron, e te di:
21 "Separate yourselves from this congregation, so that I may consume them in an instant." “Separe nou nan mitan kongregasyon sila a, pou Mwen kapab manje yo koulye a.”
22 Moses and Aaron fell facedown and cried, "O our Father, the Father of the spirits of all flesh—when one man sins, will you be angry with the whole congregation?" Men yo te tonbe sou figi yo e te di: “O Bondye, Bondye a lespri de tout chè a, èske Ou va an kòlè avèk tout kongregasyon an lè yon sèl moun fè peche?”
23 Then our Father said to Moses, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
24 "Say to the congregation: Move away from the dwellings of Korah, Dathan, and Abiram." “Pale avèk kongregasyon an e di: ‘Sòti nan andwa tant Koré yo, Dathan avèk Abiram!’”
25 So Moses got up and went to Dathan and Abiram, and the elders of Israel followed him. Alò, Moïse te leve ale vè Dathan ak Abiram, avèk ansyen a Israël ki t ap swiv li yo.
26 He told the congregation, "Leave the tents of these wicked men. Touch nothing of theirs, or you'll be swept away in all their sins." Li te pale avèk kongregasyon an. Li te di: “Kite tant a moun mechan sa yo, e pa touche anyen ki pou yo, sinon, nou va vin pote ale ak tout peche yo.”
27 So they withdrew from the tents of Korah, Dathan, and Abiram on every side, while Dathan and Abiram came out and stood at their tent entrances with their wives, sons, and little ones. Konsa, yo te soti nan tant a Koré yo, Dathan ak Abiram de tout kote. Dathan ak Abiram te vin kanpe nan pòtay tant pa yo a, ansanm avèk madanm yo, e fis yo, ansanm ak timoun yo.
28 Moses said, "This is how you'll know our Father sent me to do all these things, and that none of it was my own idea: Moïse te di: “Selon sa, nou va konnen ke SENYÈ a te voye mwen pou fè tout zèv sa yo; paske sa se pa nan tèt mwen y ap soti.
29 If these men die a normal death, sharing the fate of everyone, then our Father has not sent me. Si mesye sila yo mouri yon mò natirèl, oswa si yo soufri desten a tout moun nòmal, alò SENYÈ a pa t voye mwen.
30 But if our Father creates something new, and the ground opens its mouth and swallows them with all that is theirs, and they go down alive into the grave, then you will know these men have despised our Father." Men si SENYÈ a fè vin parèt yon bagay tounèf, tè a vin ouvri bouch li pou vale yo nèt avèk tout sa ki pou yo, e yo desann tou vivan kote mò yo ye a, alò, konsa, nou va konprann ke mesye sila yo te meprize SENYÈ a.”
31 As soon as he finished saying all this, the ground beneath them split open, Pandan li te fin pale tout pawòl sa yo, tè ki te anba yo a te fann e li te ouvri.
32 the earth opened its mouth, swallowing them, their households, all Korah's people, and all their possessions. Konsa, latè te louvri bouch li e te vale yo nèt avèk moun lakay yo, ak tout mesye ki te apatyen a Koré avèk tout byen yo.
33 They and all who were theirs went down alive into the grave; the earth closed over them, and they were destroyed from the assembly. Konsa, yo menm avèk tout sa ki te pou yo, te desann vivan nan sejou mò yo. Tè a te vin fèmen sou yo, e yo te peri nan mitan asanble a.
34 All Israel around them fled at their cry, for they said, "The earth may swallow us too!" Tout Israël ki te antoure yo te sove ale pandan yo t ap rele, paske yo te di: “Tè a kapab vin vale nou nèt!”
35 Fire came out from our Father and consumed the 250 men offering the incense. Dife te sòti nan SENYÈ a pou brile de san senkant mesye ki te ofri lansan yo.
36 Not in this edition SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
37 Not in this edition “Di a Éléazar, fis a Aaron an, prèt la, ke li va ranmase veso lansan yo nan mitan dife a, paske yo sen. Epi nou va gaye sann dife k ap brile lwen kan an, paske yo sen.
38 Not in this edition Epi menm selon veso lansan a mesye sa yo ki te peche e te peye ak lavi yo, kite yo fin bat yo byen plat pou sèvi yo pou kouvri lotèl la, pwiske yo te prezante yo devan SENYÈ a. Yo sen. Konsa, yo va sèvi kòm yon sign a fis Israël yo.”
39 Not in this edition Éléazar, prèt la, te pran veso lansan ki te fèt an bwonz ke mesye ki te brile yo te ofri, epi yo te bat yo pou fè yo plat pou kouvri lotèl la,
40 Not in this edition kòm yon sonj komemoratif a fis Israël yo pou pèsòn ki pa nan ras Aaron pa ta dwe pwoche pou brile lansan devan SENYÈ a; jis pou li pa devni tankou Koré ak konpanyen li yo—jis jan ke SENYÈ a te pale a li pa Moïse la.
41 Not in this edition Men nan pwochen jou a, tout kongregasyon fis Israël yo te bougonnen kont Moïse avèk Aaron. Yo te di: “Se nou ki touye pèp SENYÈ a.”
42 Not in this edition Lè kongregasyon an te reyini ansanm kont Moïse avèk Aaron, yo te gade vè tant asanble a, e vwala, nwaj la te kouvri li e glwa SENYÈ a te parèt.
43 Not in this edition Alò, Moïse avèk Aaron te vini devan tant asanble a.
44 Not in this edition Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:
45 Not in this edition “Mete ou lwen kongregasyon sila a, pou Mwen kapab detwi yo kounye a menm.” Yo te tonbe sou figi yo.
46 Not in this edition Moïse te di a Aaron: “Pran veso lansan an, mete dife lotèl la ladann. Mete lansan an sou li e pote li vit bay kongregasyon an pou fè ekspiyasyon pou yo. Paske lakòlè gen tan sòti nan SENYÈ a. Gwo epidemi an kòmanse!”
47 Not in this edition Alò Aaron te pran li jan Moïse te pale a. Li te kouri nan mitan asanble a, paske, gade byen, gwo epidemi an te kòmanse pami pèp la. Konsa li te mete lansan an pou fè ekspiyasyon pou pèp la.
48 Not in this edition Li te kanpe antre mò yo ak moun vivan, e gwo epidemi an te rete.
49 Not in this edition Men sila ki te mouri nan gwo epidemi yo te katòz-mil-sèt-san (14,700), anplis sila ki te mouri akoz Koré yo.
50 Not in this edition Alò, Aaron te retounen vè Moïse nan pòtay tant asanble a, paske gwo epidemi an te vin rete.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]