Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Numbers 15 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father spoke to Moses, saying: Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
2 "Speak to the Israelites and tell them: When you enter the land I am giving you to live in, “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Lè nou antre nan peyi kote nou dwe viv la, peyi ke Mwen ap bannou an,
3 and offer me a fire offering—a burnt offering or sacrifice, to fulfill a special vow, as a freewill offering, or at your appointed feasts—producing a pleasing aroma for me from herd or flock, alò, fè yon ofrann pa dife a SENYÈ a—yon ofrann brile, oswa yon sakrifis pou akonpli yon ve espesyal, swa kòm yon ofrann bòn volonte, swa nan tan apwente yo, pou fè yon odè ki santi bon a SENYÈ a, soti nan twoupo oswa nan bann mouton—
4 then whoever presents his offering must also present me a grain offering—about two quarts of fine flour mixed with about one quart of oil. sila ki prezante ofrann li an, va prezante bay SENYÈ a yon ofrann sereyal de yon dizyèm efa farin fen mele avèk yon ka lwil.
5 Prepare about a quart of wine for the drink offering with the burnt offering or sacrifice, for each lamb. Ou va prepare diven pou ofrann bwason an, yon ka boutèy, avèk ofrann brile a oswa pou sakrifis la, pou chak jenn mouton.
6 "Or for a ram, you are to prepare a grain offering of about four quarts of fine flour mixed with about one and a third quarts of oil, “‘Oswa pou yon belye, ou va prepare kòm yon ofrann sereyal, de dizyèm efa farin fen mele avèk yon tyè boutèy lwil;
7 and one and a third quarts of wine for the drink offering—offer it as a pleasing aroma to me. epi pou ofrann bwason an, ou va ofri yon tyè boutèy diven kòm yon odè santi bon a SENYÈ a.
8 When you prepare a young bull as a burnt offering or sacrifice, to fulfill a special vow, or as a peace offering to me, “‘Lè ou fin prepare yon towo kòm yon ofrann brile, oswa yon sakrifis pou akonpli yon ve espesyal, oswa ofrann lapè bay SENYÈ a,
9 with the young bull, bring a grain offering of about six quarts of fine flour mixed with about two quarts of oil, alò, ou va ofri avèk towo a yon ofrann sereyal fèt ak twa dizyèm efa farin fen mele avèk yon mwatye boutèy lwil;
10 bring two quarts of wine for the drink offering, a fire offering of pleasing aroma to me. epi ou va ofri kòm ofrann bwason, yon mwatye boutèy diven kòm yon ofrann pa dife, kòm yon odè ki bon a SENYÈ a.
11 This is to be done for each bull, ram, lamb, or young goat. Konsa, li va fèt pou chak bèf, oswa chak belye, oswa chak nan jenn mouton mal yo, oswa kabrit yo.
12 Do the same for each one, however many you prepare. Selon kantite ke nou prepare yo, konsa nou va fè pou chak selon kantite ki genyen an.
13 "Every native-born Israelite must do this when offering a fire offering, a pleasing aroma, to me. “‘Tout sila ki natif peyi yo, yo va fè bagay sa yo nan menm mod la, nan prezante yon ofrann pa dife a, kòm yon odè ki bon a SENYÈ a.
14 If a foreigner living with you, or anyone among you for generations to come, makes a fire offering of pleasing aroma to me, he must do as you do. Si yon etranje vin demere pami nou, oswa youn ki kapab pami nou pandan tout jenerasyon yo, e li vle fè yon ofrann pa dife, kòm yon ofrann ki santi bon a SENYÈ a, menm jan ak nou, se konsa li va fè l.
15 One statute for the assembly—you and the foreigner living among you—a lasting statute for all generations: as you are, so is the foreigner before me. Epi pou asanble a, va genyen yon sèl règleman pou nou ak pou etranje ki demere pami nou an, yon règleman pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo. Jan nou menm ye a, se konsa etranje a va ye devan SENYÈ a.
16 One law and one ordinance is to apply to you and to the foreigner who stays with you." Va genyen yon sèl lwa, ak yon sèl òdonans pou nou ak pou etranje ki demere pami nou an.’”
17 And our Father spoke to Moses, saying: Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
18 "Speak to the Israelites and tell them: When you enter the land I am bringing you into, “Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou antre nan peyi kote Mwen mennen nou an,
19 then when you eat the produce of the land, you are to lift up a contribution to me. alò konsa sa va rive, ke lè nou manje nan manje peyi a, nou va leve yon ofrann bay SENYÈ a.
20 From the first of your dough, lift up a loaf as a contribution, like the contribution from the threshing floor. “‘Nan premye bòl farin moulen nou an, nou va fè leve yon gato kòm yon ofrann. Kòm ofrann moulen glasi, nou va leve li.
21 From the first of your dough you are to give a contribution to me throughout your generations. Soti nan premye bòl farin moulen an, nou va bay SENYÈ a yon ofrann pandan tout jenerasyon nou yo.
22 "And when you stray and fail to do all these commandments that I have spoken to Moses, Men lè nou tonbe fè yon fòt ki pa eksprè, e nou vin pa obsève tout kòmandman sila ke SENYÈ a te pale a Moïse yo—
23 all I commanded you through Moses, from the day I commanded it, and onward throughout your generations, tout sa ke SENYÈ a te kòmande pa Moïse yo soti nan jou ke SENYÈ a te bay kòmandman an, avanse rive nèt pou tout jenerasyon yo—
24 then if done unintentionally, unknown to the assembly, the whole assembly must offer one young bull as a burnt offering—a pleasing aroma to me—with its grain offering and drink offering as required, plus one male goat as a sin offering. alò, li va konte ke si sa fèt san entansyon, e san konesans kongregasyon an, ke tout kongregasyon an va ofri yon towo kòm yon ofrann brile, kòm yon odè ki bon a SENYÈ a, avèk ofrann sereyal pa li a, ak ofrann bwason li an, selon òdonans lan, ak yon mal kabrit pou yon ofrann peche.
25 The priest will make atonement for the whole Israelite community, and they will be forgiven, since it was unintentional and they brought their offering—a fire offering to me—and their sin offering before me for their unintentional wrong. Konsa, prèt la va fè ekspiyasyon pou tout kongregasyon fis Israël yo, e yo va vin padone; paske se te yon erè, e yo te pote ofrann pa yo, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, ofrann peche pa yo devan SENYÈ a, pou erè a.
26 All the community of Israel will be forgiven, along with the foreigner living among them, since all the people did wrong unintentionally. “‘Konsa, tout kongregasyon fis Israël yo va vin padone, avèk etranje ki demere pami yo, paske sa te rive a tout pèp la akoz fòt erè a.
27 "And if one person sins unintentionally, he is to offer a year-old female goat as a sin offering. Osi, si yon moun fè peche ki pa eksprè, alò, li va ofri yon femèl kabrit nan laj 1 nan kòm yon ofrann peche.
28 The priest will atone before me for the person who errs by sinning unintentionally, atoning for him, and he will be forgiven. Prèt la va fè ekspiyasyon devan SENYÈ a pou moun ki kite chemen an lè li fè peche ki pa eksprè a, pou li k ap fè ekspiyasyon pou li pou jiskaske li kapab padone.
29 For the native-born among the children of Israel and the foreigner staying among them, there is one law for the one who acts unintentionally. Nou va genyen yon sèl lwa pou sila ki fè yon bagay ki pa eksprè, pou sila ki natif pami fis Israël yo, e pou sila ki se yon etranje k ap demere pami yo.
30 "But the one who acts with a high hand, native or foreigner, reviles me—that person is cut off from among his people. Men moun ki fè yon bagay avèk rebelyon an, menm si se yon natif, oswa yon etranje, sila ap blasfeme SENYÈ a. Nanm sa va koupe retire de pèp li a.
31 Since he scorned my word and broke my command, that person will surely be cut off; his guilt remains on him." Akoz ke li te meprize pawòl a SENYÈ a, e li te vyole kòmandman Li an, moun sa a va konplètman koupe retire. Koupabilite li va rete sou li.’”
32 While the Israelites were in the wilderness, they found a man gathering wood on the Sabbath day. Alò, pandan fis Israël yo te nan dezè a, yo te twouve yon nonm ki t ap ranmase bwa nan jou Saba a.
33 Those who found him gathering wood brought him to Moses, Aaron, and the whole congregation. Sila ki te twouve li yo nan ranmase bwa a te mennen li vè Moïse avèk Aaron, ak tout asanble a.
34 They held him in custody because it wasn't clear what should be done to him. Konsa, yo te arete li, akoz ke li potko deside kisa pou fè avèk li.
35 So our Father told Moses, "The man must be put to death; the whole community must stone him outside the camp." Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Nonm nan va vrèman vin mete a lanmò. Tout kongregasyon an va lapide li avèk kout wòch deyò kan an.”
36 The whole congregation brought him outside the camp and stoned him with stones; he died, as our Father commanded Moses. Konsa, tout kongregasyon an te mennen li deyò kan an, e yo te lapide li jiska lanmò avèk kout wòch, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
37 And our Father said to Moses, saying: SENYÈ a te osi pale avèk Moïse e te di:
38 "Speak to the Israelites: have them make tassels on the corners of their garments for all generations, with a blue cord on each corner's tassel. “Pale avèk fis Israël yo e di yo ke yo va fè pou yo menm ponpon sou kwen vètman yo pandan tout jenerasyon yo, e ke yo va mete sou ponpon nan chak kwen an, yon kòd ble.
39 It will be a tassel to look at, so you remember all my commandments and do them, not chasing after your heart and after your eyes, which lead you to be unfaithful. Se va yon ponpon pou nou gade, e pou sonje tout kòmandman SENYÈ yo, pou nou obeyi yo, e pa pwostitiye tèt nou jan noun te kon fè, nan swiv dezi pwòp kè nou ak zye nou,
40 This way you will remember and do all my commandments, and you will be holy to me. e pou nou sonje pou fè tout kòmandman Mwen yo, e pou rete sen a Bondye nou an.
41 I am your Father, who brought you out of Egypt's land to be your Father. I am your Father." “Mwen menm se SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, pou M kab vin Bondye nou. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]