Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Nehemiah 9 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 On this month's twenty-fourth day, the Israelites gathered fasting, wearing sackcloth, with dirt on their heads. Alò, nan venn-katriyèm jou nan mwa sa a, fis Israël yo te rasanble fè jèn abiye ak twal sak ak tè yo mete sou yo.
2 Israel's descendants separated from all foreigners, stood, and confessed their own sins and their ancestors' guilt. Desandan Israël yo te separe yo soti nan tout etranje yo, e te kanpe pou konfese peche pa yo avèk inikite a papa zansèt yo.
3 They stood in their places and read the Book of the Law of our Father about three hours, then confessed and worshiped our Father three more hours. Pandan yo te kanpe nan plas yo, yo te li soti nan liv lalwa SENYÈ a, Bondye pa yo a, pou yon ka de jounen an. Pou yon lòt ka, yo te konfese e te adore SENYÈ a, Bondye pa yo a.
4 Jeshua, Bani, Kadmiel, Shebaniah, Bunni, Sherebiah, Bani, and Chenani stood on the Levites' stairs and cried loudly to our Father. Alò, sou etaj, Levit yo te kanpe Jousé, Bani, Dadmiel, Schebania, Bunni, Schérébia, Bani avèk Kenani. Yo t ap kriye ak vwa fò anlè a SENYÈ a, Bondye yo a.
5 Then the Levites—Jeshua, Kadmiel, Bani, Hashabneiah, Sherebiah, Hodiah, Shebaniah, Pethahiah—said: "Stand up, bless your Father, from everlasting to everlasting. Blessed be your glorious name, exalted above all blessing and praise. Konsa, Levit yo, Josué, Kadmiel, Bani, Haschabnia, Schérébia, Hodija, Schebania, avèk Pethachja te di: “Leve pou beni SENYÈ a, Bondye nou an, jis pou tout tan! O ke non Ou ki se leve wo sou tout benediksyon yo ak lwanj yo ranpli ak glwa kapab beni.
6 You alone are our Father. You made the heavens, even the highest heavens, with all their host, the earth and everything on it, the seas and all that is in them. You give life to them all, and the host of heaven worships you. Se Ou sèl ki SENYÈ a. Ou te fè syèl yo, syèl de syèl yo avèk tout lame pa yo, latè a avèk tout sa ki sou li, lanmè ak tout sa ki ladann. Se Ou ki bay yo tout lavi. Menm lame syèl la bese ba devan Ou.
7 You are our Father, who chose Abram and brought him out of Ur of the Chaldeans and gave him the name Abraham. Ou se SENYÈ a, ki te chwazi Abram nan, e ki te fè l sòti nan Ur a Kaldeyen yo, ki te bay li non Abraham.
8 You found his heart faithful before you, and you made a covenant with him to give the land of the Canaanites, Hittites, Amorites, Perizzites, Jebusites, and Girgashites—to give it to his descendants. And you have kept your promise, for you are righteous. Ou te twouve kè li fidèl devan Ou, epi te fè yon akò avèk li, pou bay li tout tè a Canaan yo, a Etyen yo avèk Amoreyen yo, a Ferezyen yo, Jebizyen yo, avèk Girezyen yo, pou livre bay li a desandan pa li yo. Konsa, Ou te akonpli pwomès Ou te fè a, paske Ou jis.
9 You saw the suffering of our ancestors in Egypt; you heard their cry at the Red Sea. Ou te wè afliksyon a zansèt nou yo an Egypte, epi te tande kri yo akote Lanmè Wouj.
10 You sent signs and wonders against Pharaoh, against all his officials and all the people of his land, for you knew how arrogantly the Egyptians treated our people. So you made a name for yourself, which endures to this day. Ou te fè sign ak mèvèy kont Farawon, kont tout sèvitè li yo avèk moun a peyi li yo, paske Ou te konnen ke yo te aji avèk awogans kont yo, epi te fè yon non pou tèt Ou ki dire jis rive jodi a.
11 You divided the sea before them, so that they passed through it on dry ground, but you hurled their pursuers into the depths, like a stone into the mighty waters. Ou te divize lanmè a devan yo. Konsa yo te pase nan mitan lanmè a sou tè sèch. Epi sila ki te kouri dèyè yo te jete nan fon, tankou yon wòch nan dlo anraje.
12 By day you led them with a pillar of cloud, and by night with a pillar of fire, to give them light on the way they were to travel. Avèk yon pilye nwaj, Ou te mennen pèp la pandan lajounen, e avèk yon pilye dife pandan lannwit, pou limen chemen yo sou sila yo ta dwe mache yo.
13 You came down on Mount Sinai; you spoke to them from heaven. You gave them just regulations and true laws, good statutes and commands. Anplis, Ou te desann sou Mon Sinaï, e te pale avèk yo soti nan syèl la. Ou te bay yo òdonans ki jis avèk lalwa ki te vrè, bon règleman avèk bon kòmandman yo.
14 You made known to them your holy Sabbath and gave them commands, statutes, and laws through your servant Moses. Konsa, Ou te fè yo rekonèt Saba sen Ou an, epi te byen poze pou yo, kòmandman yo, règleman yo, avèk lalwa yo pa sèvitè Ou, Moïse.
15 In their hunger you gave them bread from heaven, and in their thirst you brought them water out of the rock. You told them to go in and take possession of the land you had sworn to give them. Ou te founi pen soti nan syèl la pou grangou yo, epi Ou te mennen dlo soti nan yon wòch pou yo menm, pou swaf yo, epi Ou te di yo antre ladann nan peyi ke Ou te sèmante pou bay yo pou posede a.
16 But they—our ancestors—became arrogant and stubborn, and they refused to obey your commands. Men yo menm, zansèt nou yo, te aji avèk awogans. Yo te fè tèt di, epi te refize koute kòmandman Ou yo.
17 They refused to listen and failed to remember the wonders you did among them. They became stubborn, and in their rebellion they appointed a leader to return to their slavery. But you are a forgiving Father, gracious and compassionate, slow to anger and abounding in faithful love, and you did not abandon them. Yo te refize koute e yo pa t sonje mèvèy ke Ou te fè pami yo. Konsa, yo te vin tèt di, e te chwazi yon chèf ki pou mennen yo retounen an esklavaj yo an Egypte. Men Ou se yon Bondye ki padone, plen ak gras avèk mizerikòd, lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous. Ou pa t abandone yo.
18 Even when they cast for themselves an image of a calf and said, "This is your god who brought you up out of Egypt," and committed terrible blasphemies, Menm lè yo te fè pou kont yo yon ti bèf an metal fonn, yo te di: ‘Sa se Bondye nou, ki te mennen nou monte soti an Egypte la’, epi te fè gran blasfèm,
19 you, in your great compassion, did not abandon them in the wilderness. The pillar of cloud still led them on their way by day, and the pillar of fire still lit their path by night. Ou menm, nan gran mizerikòd Ou, pa t abandone yo nan dezè. Pilye nwaj la pa t kite yo pandan lajounen, pou gide yo nan chemen yo, ni pilye dife a pandan lannwit, pou klere pou yo chemen an, e montre yo direksyon ke yo dwe ale.
20 You gave your good Spirit to instruct them. You did not withhold your manna from their mouths, and you gave them water for their thirst. Ou te bay bon lespri pa Ou pou enstwi yo. Lamàn Ou, Ou pa t refize fè antre nan bouch yo. Ou te bay yo dlo pou lè yo te swaf.
21 For forty years you sustained them in the wilderness, and they lacked nothing; their clothes did not wear out, and their feet did not swell. Anverite, pandan karantan, Ou te fè pwovizyon pou yo nan dezè a, e yo pa t manke anyen. Rad yo pa t epwize, ni pye yo pa t anfle.
22 You gave them kingdoms and peoples, giving them territory in every corner of the land. So they took possession of the land of Sihon king of Heshbon and the land of Og king of Bashan. Anplis, Ou te bay yo wayòm yo avèk pèp yo, epi te divize bay yo tout selon pòsyon pa yo. Yo te pran posesyon a peyi Sihon, wa a Hesbon an ak peyi Og, wa Basan an.
23 You made their children as numerous as the stars in the sky, and you brought them into the land you had told their ancestors to enter and possess. Ou te fè fis pa yo vin anpil kon zetwal syèl yo, epi Ou te mennen yo antre nan peyi ke Ou te mande zansèt pa yo antre pou posede a.
24 Their children went in and took possession of the land. You subdued before them the Canaanites who lived there, and you handed the Canaanites over to them, with their kings and the peoples of the land, to deal with them as they pleased. Pou sa, fis pa yo te antre pou posede peyi a. Epi Ou te fè moun peyi a Canaan yo soumèt devan Ou. Konsa, Ou te livre yo nan men yo, avèk wa yo ak pèp peyi a, pou fè avèk yo sa yo te pito.
25 They captured fortified cities and fertile land; they took possession of houses full of every good thing, wells already dug, vineyards, olive groves, and fruit trees in abundance. So they ate and were satisfied and grew fat, and they reveled in your great goodness. Yo te kaptire vil fòtifye yo, avèk tèren byen fètil yo. Yo te vin posede kay yo plen avèk tout bon bagay, sitèn ki fin fouye, chan rezen, chan oliv avèk pye fwi an kantite. Konsa, yo te manje, te vin plen, epi te vin gra, e te pran plezi nan gran bonte Ou.
26 But they were disobedient and rebelled against you; they cast your law behind their backs. They killed your prophets, who had warned them to turn them back to you, and they committed terrible blasphemies. Men yo te tanmen dezobeyi, epi te fè rebèl kont Ou. Yo te jete lalwa pa Ou dèyè do yo, e te touye pwofèt Ou yo ki te bay yo avètisman pou yo ta retounen kote Ou, epi yo te komèt gwo blasfèm.
27 So you handed them over to their enemies, who oppressed them. But in the time of their distress, when they cried out to you, you heard them from heaven, and in your great compassion you gave them deliverers, who rescued them from the hand of their enemies. Pou sa, Ou te livre yo nan men a opresè yo ki te oprime yo. Men lè yo te kriye a Ou menm nan tan gwo twoub yo, Ou te tande soti nan syèl la, epi pa gran lanmou dous Ou, Ou te bay yo chèf liberatè yo, ki te delivre yo nan men a opresè yo.
28 But as soon as they had rest, they again did evil before you. So you abandoned them to the hand of their enemies, who ruled over them. Yet when they turned back and cried out to you, you heard from heaven, and time after time, in your compassion, you rescued them. Men soti lè yo te fin jwenn repo a, yo te fè mal ankò devan Ou. Pou sa, Ou te abandone yo nan men a lènmi yo, jiskaske yo te renye sou yo. Lè yo te kriye ankò a Ou menm, Ou te tande Soti nan syèl la, epi anpil fwa Ou te fè yo chape akoz gran lanmou dous Ou,
29 You warned them to return to your law, but they grew arrogant and did not obey your commands. They sinned against your judgments, which give life to whoever obeys them. Stubbornly they turned their backs, stiffened their necks, and would not listen. epi te fè tèmwen kont yo pou fè yo retounen kote lalwa Ou. Sepandan, yo te aji avèk awogans e pa t Koute kòmandman Ou yo, men te peche kont òdonans Ou yo, selon sila yo, si yon nonm ta swiv yo, li ta viv. Men yo te vire yon do byen di, yo te fè tèt di, epi te refize koute.
30 For many years you were patient with them. By your Spirit you warned them through your prophets, yet they would not pay attention. So you handed them over to the peoples of the lands. Malgre sa, Ou te sipòte yo pandan anpil ane, epi te avèti yo pa Lespri Ou, pa pwofèt Ou yo. Sepandan, yo te refize bay zòrèy yo. Akoz sa, Ou te livre yo nan men a pèp nasyon yo.
31 But in your great compassion you did not put an end to them or abandon them, for you are a gracious and compassionate Father. Men nan gran mizerikòd Ou, Ou pa t fini ak yo, ni abandone yo, paske Ou menm se yon Bondye gras avèk mizerikòd.
32 And now, our Father—great and mighty and awesome, who keeps his covenant of faithful love—do not let all this hardship seem small before you: the hardship that has come upon us, upon our kings and leaders, our priests and prophets, our ancestors and all your people, from the days of the kings of Assyria until today. Alò, pou sa, Bondye Nou an, Bondye gran, pwisan e mèvèy la, ki kenbe akò li avèk Lanmou dous, pa kite tout twoub sa yo vin bliye devan Ou, ki te vin rive sou nou, wa nou yo, chèf nou yo, prèt nou yo, papa zansèt nou yo, ak sou tout pèp Ou yo, depi nan jou wa Assyrie yo, jis rive jodi a.
33 In all that has come upon us you have been just; you have acted faithfully, while we have done wrong. Sepandan, Ou jis nan tout sa ki vin rive nou; paske Ou te aji avèk fidelite, men nou te aji mal.
34 Our kings and leaders, our priests and ancestors did not keep your law; they paid no attention to your commands or to the warnings you gave them. Paske wa nou yo, chèf nou yo, prèt nou yo ak zansèt nou yo pa t kenbe lalwa Ou yo, ni okipe kòmandman Ou yo avèk avètisman Ou yo avèk sila Ou te avèti yo.
35 Even while they were in their own kingdom, enjoying the great goodness you gave them and the spacious, fertile land you set before them, they would not serve you or turn from their evil ways. Men yo, malgre nan pwòp wayòm pa yo ke Ou te bay yo, pa t sèvi Ou, ni kite zak mechan yo.
36 And now look—we are slaves today, slaves in the very land you gave our ancestors so they could eat its fruit and its good things. Gade byen, nou vin esklav yo jodi a, epi pou teren ke Ou te bay a zansèt Nou yo, pou manje fwi avèk bonte li, Gade byen, nou vin esklav ladann yo.
37 Its abundant harvest goes to the kings you have set over us because of our sins. They rule over our bodies and our livestock as they please, and we are in great distress." Gran rekòlt li bay vin pou wa yo ke Ou te fin mete sou nou akoz peche nou yo. Anplis, yo renye sou kò nou epi sou bèt nou yo, jan yo pito; pou sa a, nou nan gran pwoblèm.
38 So we are making a binding agreement in writing, sealed by our leaders, Levites, and priests. Alò, akoz tout sa, nou ap fè yon akò ki si, ki ekri; epi dokiman an sele, pa Chèf nou yo, Levit nou yo ak prèt nou yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]