Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Nehemiah 8 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When the seventh month came, all the people gathered as one in the square before the Water Gate and asked Ezra the scribe to bring the Book of the Law of Moses, which our Father commanded for Israel. Konsa, tout pèp la te rasanble kon yon sèl moun nan plas ki te devan Pòtay Dlo a. E yo te pale ak Esdras, skrib la, pou mennen liv lalwa Moïse la ke SENYÈ a te bay a Israël la.
2 On the first day of the seventh month, Ezra the priest brought the Law before the assembly of men, women, and all who could understand what they heard. Epi Esdras, prèt la, te pote lalwa a devan asanble a mesye yo avèk fanm yo, tout moun te kab koute avèk bon konprann, nan premye jou nan setyèm mwa a.
3 He read it, facing the square before the Water Gate, from dawn until midday, to the men, women, and all who could understand. All the people listened closely to the Book of the Law. Li te li nan liv la devan plas ki te devan Pòtay Dlo a soti granmaten jis rive midi, nan prezans a mesye ak fanm ki te atantif a liv lalwa a.
4 Ezra the scribe stood on a high wooden platform made for this purpose. Beside him on his right stood Mattithiah, Shema, Anaiah, Uriah, Hilkiah, and Maaseiah; and on his left, Pedaiah, Mishael, Malchijah, Hashum, Hashbaddanah, Zechariah, and Meshullam. Esdras, skrib la, te kanpe devan yon etaj an bwa ki te fèt eksprè pou afè sila a. Akote li te kanpe Matthithia, Schéma, Anaja, Urie, Hilkija, avèk Maaséja adwat li e agoch li, Pedaja, Mischaël, Malkija, Haschum, Haschbaddana, Zacharie ak Meschullam.
5 Ezra opened the book before all the people's eyes, since he stood above all the people; as he opened it, they all stood up. Esdras te ouvri liv la devan zye tout pèp la, paske li te kanpe pi wo ke tout pèp la. Lè li te ouvri li, tout pèp la te kanpe.
6 Ezra praised our Father, the great God, and all the people raised their hands and answered, "Amen! Amen!" Then they bowed, faces to the ground, worshiping our Father. Epi Esdras te beni SENYÈ a, gran Bondye a. Tout pèp la te reponn: “Amen, Amen,” pandan yo te leve men yo. Yo te bese ba pou te adore SENYÈ a avèk figi yo jis atè.
7 The Levites—Jeshua, Bani, Sherebiah, Jamin, Akkub, Shabbethai, Hodiah, Maaseiah, Kelita, Azariah, Jozabad, Hanan, and Pelaiah—explained the Law to the people while the people stood in their places. Anplis, Josué, Bani, Schérébia, Jamin, Akkub, Schabbethaï, Hodija, Maaséja, Kelitha, Azaria, Jozabad, Hanan, Pelaja, avèk Levit yo te eksplike lalwa a pèp la pandan pèp la te rete an plas.
8 They read the book, the Law of our Father, clearly, giving the sense so the people understood the reading. Yo te li nan liv la, soti nan lalwa Bondye a, e te tradwi pou fè yo konprann, pou yo ta kab byen sezi sa ki te li a.
9 Then Nehemiah the governor, Ezra the priest and scribe, and the Levites teaching the people, told them all, "This day is holy to your Father. Do not mourn or weep." For all the people wept on hearing the words of the Law. Néhémie, ki te gouvènè a ak Esdras, prèt la ak skrib, avèk Levit ki te enstwi pèp la, te di a tout pèp la: “Jou sa a sen a SENYÈ a, Bondye nou an. Pa fè dèy, ni pa kriye.” Paske, tout pèp la t ap kriye lè yo te tande pawòl lalwa yo.
10 Nehemiah told them, "Go eat rich food, drink something sweet, and send portions to those with nothing ready, for this day is holy to our Sovereign Father. Don't grieve; the joy of our Father is your strength." Konsa, li te di yo: “Ale manje grès, bwè sa ki dous e voye bay pòsyon a sila ki pa t prepare yo; paske jou sa a sen a SENYÈ nou an. Pa fè lapèn ak soufrans, paske lajwa SENYÈ a se fòs nou.”
11 The Levites calmed all the people, saying, "Be still, for this day is holy. Do not grieve." Konsa, Levit yo te kalme tout pèp la, epi te di: “Rete kalm, paske jou a sen. Pa fè doulè.”
12 All the people went off to eat, drink, share portions, and celebrate with great joy, because they understood the words made known to them. Tout pèp la te Soti pou manje, bwè e voye bay pòsyon pou selebre yon gwo fèt, akoz yo te konprann pawòl ke yo te fenk tande.
13 On the second day, heads of families of all the people, with priests and Levites, gathered to Ezra the scribe to study the Law's words. Nan dezyèm jou fèt la, tout chèf zansèt a tout pèp la, prèt yo ak Levit yo te rasanble kote Esdras, skrib la, pou yo ta kab ranmase konesans nan pawòl lalwa yo.
14 They found written in the Law that our Father commanded through Moses: Israelites were to live in shelters during the seventh-month festival. Yo te twouve ekri nan lalwa a jan SENYÈ a te kòmande pa Moïse ke fis Israël yo ta dwe viv nan tonèl pandan fèt setyèm mwa a.
15 They were to proclaim and spread word of this through all their towns and in Jerusalem: "Go to the hills and bring branches of olive, wild olive, myrtle, palm, and other leafy trees, to make booths, as it is written." Konsa, yo te fè pwoklamasyon an, e te pwoklame li nan tout vil pa yo ak Jérusalem. Yo te di: “Ale deyò vè ti mòn yo e pote branch oliv yo, avèk branch oliv mawon yo, branch bwa bazilik yo, branch palmis yo, avèk branch nan lòt kalite bwa ak fèy, pou fè tonèl yo, jan sa ekri a.”
16 The people went out, brought branches, and built shelters—each on his own roof, in courtyards, in the courts of our Father's house, and in the squares at the Water Gate and the Ephraim Gate. Pou sa, pèp la te sòti e te pote yo pou fè tonèl yo pou yo menm, chak nan twati pla anwo kay pa yo, oswa nan lakou yo, nan lakou lakay Bondye a, nan plas kote Pòtay Dlo a, e nan plas kote Pòtay Ephraïm nan.
17 The whole assembly of returned exiles built shelters, living in them; Israelites had not done so since Joshua son of Nun's days until that day, and their joy was immense. Tout asanble a sila ki te retounen soti an kaptivite yo te fè tonèl yo, e te rete ladann yo. Fis Israël yo, anverite, pa t konn fè sa depi nan jou a Josué yo, fis a Nun nan, jis rive nan jou sa a. Epi te gen gwo rejwisans.
18 Each day, from the first day to the last, Ezra read the Book of the Law of our Father. They kept the feast seven days, and on the eighth day held a solemn assembly, as the Law required. Li te li soti nan liv lalwa a chak jou, soti nan premye jou a, jis rive nan dènye jou a. Yo te selebre fèt la pandan sèt jou, e nan uityèm jou a, te gen yon asanble solanèl selon òdonans lan.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]