Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 27 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When Zedekiah son of Josiah began to reign as king of Judah, this word came to Jeremiah from our Father: Nan kòmansman règn wa Sédécias, fis a Josias la, wa Juda a, pawòl sa a te rive kote Jérémie soti nan SENYÈ a, epi te di,
2 This is what our Father said to me: Make yourself straps and yoke-bars, and put them on your neck. Konsa SENYÈ a pale ak mwen: “Fè pou kont ou lyen ak jouk e mete yo sou kou ou.
3 Then send word to the kings of Edom, Moab, Ammon, Tyre, and Sidon through the envoys who have come to Jerusalem to Zedekiah king of Judah. Epi voye pawòl kote wa Edom an, wa Moab la, wa a fis Ammon yo, wa Tyre la e wa a Sidon an pa mesaje ki vini Jérusalem kote Sédécias, wa Juda a.
4 Command them to tell their masters: This is what the Father of heaven's armies says: "Tell your masters this: Kòmande yo ale kote mèt pa yo e di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, konsa nou va di a mèt nou yo,
5 I myself made the earth, with the people and animals on its surface, by my great power and extended arm, and I give it to whoever seems right to me. “Mwen te fè latè, lèzòm ak bèt ki sou sifas latè yo pa gran pouvwa Mwen ak men M lonje, e Mwen va bay li a sila ki fè M plezi nan zye mwen.
6 Now I have given all these lands to Nebuchadnezzar king of Babylon, my servant; even the wild animals of the field I have given him to serve him. Koulye a, Mwen te bay tout peyi sila yo nan men a Nebucadnetsar, wa Babylone, sèvitè Mwen an e Mwen te bay li, anplis, bèt sovaj chan yo pou sèvi li.
7 All nations will serve him, his son, and his grandson, until his own land's time comes; then many nations and great kings will make him serve them." Tout nasyon yo va sèvi li e fis li ak gran fis li jis rive nan lè pwòp peyi li vini. Nan moman sa a, anpil nasyon ak anpil wa va fè li vin sèvitè yo.”’”
8 But the nation or kingdom that will not serve Nebuchadnezzar king of Babylon or put its neck under his yoke, that nation I will punish with sword, famine, and plague, declares our Father, until I destroy them by his hand. “Li va rive ke nasyon oswa wayòm ki refize sèvi Nebucadnetsar, wa Babylone nan, e ki pa mete kou li anba jouk a wa Babylone nan, Mwen va pini nasyon sa a ak nepe a, ak gwo grangou e ak envazyon ensèk k ap ravaje tout chan yo,” deklare SENYÈ a: “jiskaske Mwen fin detwi nasyon sa a pa men li.
9 "So don't listen to your prophets, fortune-tellers, dreamers, soothsayers, or witches, who tell you, 'You won't serve the king of Babylon.' “Men pou nou menm, pa koute pwofèt nou yo, divinò nou yo, moun ki fè rèv yo, moun k ap devine yo, ni sila ki fè wanga yo, k ap di: ‘Nou p ap sèvi wa Babylone nan’.
10 They are prophesying lies to you, sending you far from your land; I will drive you out, and you will die. Paske pwofesi pa yo se manti y ap bannou pou yo deplase nou ale lwen peyi nou, pou fè M ta pouse bourade nou deyò e nou va peri.
11 But the nation that brings its neck under the yoke of Babylon's king and serves him, I'll leave on its own land, declares our Father, to work it and live in it." Men nasyon a ki bese kou li anba jouk wa Babylone nan e ki sèvi li, Mwen va kite nan peyi li,” deklare SENYÈ a. “Konsa, yo va travay tè a pou viv ladann.”
12 I spoke these same words to Zedekiah king of Judah: Put your necks under the yoke of the king of Babylon, serve him and his people, and live. Mwen te pale pawòl tankou sila yo a Sédécias, wa Juda a. Mwen te di l: “Mennen kou nou anba jouk a wa Babylone nan pou sèvi li ak pèp li a, e viv!
13 Why should you and your people die by sword, famine, and plague, as our Father has said about the nation that will not serve Babylon's king? Poukisa nou va mouri, nou menm avèk pèp nou an, pa nepe, gwo grangou, ak ravaj bèt ki manje tout chan yo, kon SENYÈ a te pale a nasyon sa a ki refize sèvi wa Babylone nan?
14 Do not listen to the prophets who tell you, 'You will not serve the king of Babylon,' for they prophesy lies to you. Konsa, pa koute pawòl a pwofèt k ap pale ak nou, k ap di: ‘Nou p ap oblije sèvi wa Babylone nan,’ paske y ap fè pwofesi manti a nou menm.
15 I have not sent them, declares our Father, yet they prophesy falsely in my name, so I will drive you out and you will perish—you and the prophets who prophesy to you. Paske Mwen pa t voye yo,” deklare SENYÈ a: “Yo fè fo pwofesi nan non Mwen, pou m ka pouse bourade nou deyò pou nou ka peri, nou menm ak pwofèt ki fè pwofesi sa yo bannou yo.”
16 Then I told the priests and all these people: This is what our Father says: Do not listen to your prophets who prophesy, 'Look, the vessels of our Father's house will soon be brought back from Babylon'—they are prophesying lies to you. Apre, mwen te pale ak prèt yo e a tout pèp sa a. Mwen te di: “Konsa pale SENYÈ a: Pa koute pawòl a pwofèt nou yo ki fè pwofesi bannou ki di: ‘Gade byen, veso lakay SENYÈ yo va retounen rapid soti Babylone;’ paske yo fè pwofesi manti bannou.
17 Don't listen to them. Serve Babylon's king and live. Why let this city become ruins? Pa koute yo. Sèvi wa Babylone nan e viv! Poukisa vil sa a ta dwe detwi nèt?
18 But if they are prophets, and the word of our Father is with them, let them plead with the Father of heaven's armies that the vessels left in his house, the house of Judah's king, and Jerusalem not go to Babylon. Men si se pwofèt yo ye, e si pawòl SENYÈ a avèk yo, kite yo koulye a fè demann a SENYÈ dèzame yo, pou veso ki rete lakay SENYÈ yo, lakay wa Juda a ak Jérusalem yo pa ale Babylone.
19 For this is what the Father of heaven's armies says about the pillars, the Sea, the stands, and the rest of the vessels left in this city, Paske se konsa pale SENYÈ dèzame yo konsènan pilye yo, konsènan lanmè a, konsènan baz yo e konsènan tout lòt veso ki rete nan vil sa a,
20 which Nebuchadnezzar king of Babylon did not take when he exiled Jeconiah son of Jehoiakim, king of Judah, from Jerusalem to Babylon, with all the nobles of Judah and Jerusalem, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, pa t pran lè l te pote Jeconia, fis a Jojakim nan, wa Juda a, te fè sòti Jérusalem pou rive Babylone, ak tout gwo moun Juda ak Jérusalem yo.
21 yes, this is what the Father of heaven's armies says about the vessels left in the house of our Father, the house of Judah's king, and Jerusalem: Wi, se konsa SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, te pale konsènan veso ki rete lakay SENYÈ yo, lakay wa Juda a ak Jérusalem yo,
22 They will be carried to Babylon and stay there until the day I come for them, declares our Father. Then I will bring them up and restore them to this place. ‘Yo va pote rive Babylone e yo va la jis rive jou ke m vizite yo a,’ deklare SENYÈ a. ‘Apre, Mwen va mennen yo retounen e restore yo nan plas sa a.’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]