Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 26 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When Jehoiakim son of Josiah began his reign over Judah, this word came from our Father: Nan kòmansman règn a wa Jojakim nan, fis a Josias la, wa a Juda a, pawòl sa a te sòti nan SENYÈ a:
2 This is what our Father says: Stand in the court of my house and tell all Judah's cities that come to worship there every word I command you to speak; hold nothing back. “Konsa pale SENYÈ a: ‘Kanpe nan lakou lakay SENYÈ a pou pale ak tout vil Juda a ki te vin adore lakay SENYÈ a'. Bay yo tout pawòl ke M te kòmande ou pou pale avèk yo. Pa manke menm yon mo!
3 Perhaps they will listen and each turn from his evil way; then I change my mind about the disaster I plan for them because of their evil deeds. Petèt yo va koute e tout moun va vire kite pwòp wout mechan pa yo, pou M ta kapab repanti de malè ke M planifye pou fè rive yo, akoz mechanste a zak yo.’”
4 Tell them: This is what our Father says: If you will not listen to me, to walk in my law that I set before you, Men sa ou va di yo: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Si nou refize koute Mwen, pou mache nan lalwa ke M te mete devan nou an,
5 and to listen to my servants the prophets, whom I send you again and again—but you never listened, pou koute pawòl a sèvitè Mwen yo, pwofèt ke M te voye a nou menm tout tan, tout tan yo,—men nou pa t koute—
6 then I will make this house like Shiloh, and this city a curse to all earth's nations. konsa, Mwen va fè kay sila kon Silo e vil sa a, Mwen va fè li vin yon madichon pou tout nasyon sou latè yo.’”
7 The priests, prophets, and all the people heard Jeremiah speak these words in the house of our Father. Prèt yo, pwofèt yo ak tout pèp la te tande Jérémie pale pawòl sa yo lakay SENYÈ a.
8 When Jeremiah finished speaking all our Father commanded him to tell all the people, the priests, prophets, and all the people seized him, shouting, "You will surely die! Lè Jérémie te fin pale tout sa ke SENYÈ a te kòmande pale a tout pèp la, prèt yo ak pwofèt yo ak tout pèp la te sezi li. Yo te di: “Fòk ou mouri!
9 Why prophesy in our Father's name, saying, 'This house will be like Shiloh, and this city desolate, uninhabited'?" And all the people crowded around Jeremiah in our Father's house. Poukisa ou te pwofetize nan non SENYÈ a e te di: ‘Kay sa a va tankou Silo e vil sa a va vin dezète, san moun?’” Konsa, tout pèp la te rasanble antoure Jérémie lakay SENYÈ a.
10 Hearing this, Judah's officials went up from the king's house to the house of our Father and sat at the entrance of the New Gate of the house of our Father. Lè ofisye a Juda yo te tande bagay sa yo, yo te vin monte soti lakay a wa a pou rive lakay SENYÈ a, e yo te chita nan antre Pòtay Nèf lakay SENYÈ a.
11 Then the priests and prophets told the officials and all the people, "This man deserves death; he prophesied against this city, as you heard yourselves." Epi prèt yo ak pwofèt yo te pale ak ofisye yo ak tout pèp la e te di: “Nonm sa a merite mouri! Li te pwofetize kont vil sila a, jan nou te koute ak pwòp tande nou an.”
12 Jeremiah told all the officials and people, "Our Father sent me to prophesy against this house and city everything you heard. Konsa, Jérémie te pale ak tout ofisye yo ak tout pèp la. Li te di: “SENYÈ a te voye mwen pou pwofetize kont tout kay sila a, tout pawòl ke nou te tande yo.
13 So mend your ways and deeds, obey your Father's voice, and your Father will relent about the disaster he pronounced against you. Alò, pou sa, korije chemen nou yo ak zèv nou yo, e obeyi a vwa SENYÈ a, Bondye nou an; epi SENYÈ a va chanje lide sou malè ke Li te pwononse kont nou an.
14 But here I am, in your hands. Do with me whatever seems good and right to you. Men pou mwen menm, se nan men nou mwen ye. Fè sa nou pito avè m jan nou wè li bon nan zye nou an.
15 But know for certain: if you kill me, you bring innocent blood on yourselves, this city, and its residents—for our Father truly sent me to you to speak all these words in your hearing." Sèlman, konnen byen ke si nou mete m a lanmò, nou va mennen san inosan vin tonbe sou nou menm, sou vil sa a, ak tout moun ki rete ladan; paske anverite, SENYÈ a te voye mwen kote nou pou pale tout pawòl sa yo nan zòrèy nou.”
16 Then the officials and all the people told the priests and prophets, "This man deserves no death sentence, for he spoke to us in our Father's name." Epi ofisye yo ak tout pèp la te di a prèt yo e a pwofèt yo: “Nou p ap pase lòd lanmò pou nonm sa a, paske li te pale nou nan non SENYÈ a, Bondye nou an.”
17 Some elders of the land stood up and said to the whole assembly of the people, Epi kèk nan ansyen peyi a te leve e te pale a tout asanble a pèp la. Yo te di:
18 "Micah of Moresheth prophesied while Hezekiah reigned over Judah, telling all Judah's people, 'This is what the Father of heaven's armies says: Zion will be plowed like a field, Jerusalem reduced to ruins, the temple mount a wooded height.'" “Michée, moun Moréscheth la, te pwofetize nan tan Ézéchias, wa Juda a. Li te pale a tout pèp Juda a e te di: ‘Konsa SENYÈ dèzame yo te pale: “Sion va raboure kon yon chan, Jérusalem va vin yon pil mazi e mòn kay la kon pwent ki piwo nan yon forè.”
19 Did Hezekiah king of Judah and all Judah kill him? Didn't he fear our Father and seek his favor, so our Father relented of the disaster he'd threatened against them? We're about to bring great disaster on ourselves. “‘Èske Ézéchias, wa Juda a, ak tout Juda te mete l a lanmò? Èske li pa t gen lakrent SENYÈ a, chache favè SENYÈ a, e SENYÈ a te chanje lide Li sou malè ke li te pwononse kont yo a? Men nou ap komèt yon gwo mal kont pwòp tèt pa nou.’”
20 Now there was another man who prophesied in our Father's name, Uriah son of Shemaiah from Kiriath-jearim. He prophesied against this city and land in words like those of Jeremiah. Anverite, te gen yon nonm ki te pwofetize nan non SENYÈ a, Urie, fis a Schemaeja a, a Kirjath-Jearim. Li te pwofetize kont vil sa a e kont peyi sa a, pawòl parèy a tout sa a Jérémie yo.
21 When King Jehoiakim, all his warriors, and all the officials heard his words, the king tried to have him killed. Uriah heard, feared, fled, and escaped to Egypt. Lè wa Jojakim ak tout mesye pwisan pa li yo ak tout ofisye yo te tande pawòl li yo, alò, wa a te eseye mete l a lanmò. Men Urie te tande. Li te krent e li te sove ale rive an Égypte.
22 Then King Jehoiakim sent men to Egypt—Elnathan son of Achbor and others with him. Konsa, wa Jojakim te voye mesye li yo an Égypte: Elnathan, fis a Acbor a e kèk lòt mesye avèk li te ale antre an Égypte.
23 They brought Uriah from Egypt to King Jehoiakim, who killed him with the sword and threw his body into the common people's graves. Epi yo te mennen Urie soti an Égypte, te fè l rive kote wa Jojakim ki te touye l ak yon nepe e te jete kadav li nan simityè endijan yo.
24 But Ahikam son of Shaphan supported Jeremiah, so he was not handed to the people to be killed. Men, men Achikam la, fis a Schaphan nan, te avèk Jérémie, ki te fè l pa rive nan men a pèp la pou mete l a lanmò.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]