Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 19 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 An oracle about Egypt. Look—our Father rides a swift cloud into Egypt. Egypt's idols tremble before him, and Egypt's heart melts within. Pwofesi konsènan Égypte la. “Gade byen, SENYÈ a monte sou yon nwaj rapid pou L rive Égypte. Zidòl Égypte yo va tranble nan prezans Li; kè Ejipsyen yo va fann anndan yo.
2 I will stir up Egypt against Egypt, and they will fight, each against his brother and each against his neighbor, city against city, kingdom against kingdom. Pou sa, Mwen va eksite Ejipsyen vin kont Ejipsyen. Yo chak va goumen kont frè pa yo, e yo chak kont vwazen yo; vil kont vil e wayòm kont wayòm.
3 The spirit of Egypt will be poured out within it, and I will swallow up its counsel; they will inquire of the idols and the spirit-mediums, the ghosts and the necromancers. Konsa, lespri a Ejipsyen yo va vin twouble anndan yo, e Mwen va boulvèse tout plan yo. Konsa, yo va vire kote zidòl, fantom a mò yo, sila ki pale ak mò yo ak divinò yo.
4 I will hand Egypt over into the grip of a harsh master, and a fierce king will rule over them—declares the Father of heaven's armies. Anplis, Mwen va livre Ejipsyen yo nan men a yon mèt mechan. Yon gran wa pwisan va gouvène sou yo,” deklare Senyè BONDYE dèzame yo.
5 The waters of the sea will dry up, and the river will be parched and dry. Dlo lanmè yo va vin sèch e rivyè a va vin sèch san dlo.
6 The canals will stink; the streams of Egypt will dwindle and dry up; reed and rush will wither. Kanal yo va lage yon movèz odè. Rivyè Égypte yo va vin sèch e san dlo. Wozo ak zèb dlo yo va rete pouri.
7 The bare places along the Nile, at the mouth of the Nile, and everything sown beside the Nile will dry up, blow away, and be no more. Gwo wozo a bò Rivyè Nil la, arebò Nil la ak tout chan ki fin plante akote Nil la va vin sèch, pouse ale, e p ap gen la ankò.
8 The fishermen will mourn; all who cast a hook into the Nile will lament, and those who spread nets on the water will waste away. Moun lapèch yo va plenyen; tout sila ki konn voye yon liy nan Nil la va lamante, e sila ki ouvri filè sou dlo yo va santi gwo pèt.
9 The workers in combed flax will be ashamed, and the weavers of white cloth. Anplis, sila k ap pwodwi twal len nan ki fèt ak len swa ak bòs twal blan yo va tris nèt.
10 Her weavers will be crushed, and all who work for wages will be sick at heart. Pilye a Égypte yo va kraze nèt; tout anplwaye yo va afilje nan nanm yo.
11 The princes of Zoan are nothing but fools; Pharaoh's wisest counselors give senseless counsel. How can you say to Pharaoh, "I am a son of the wise, a son of ancient kings"? Prens a Tsoan yo pa plis ke moun fou. Konseye a pi saj Farawon yo vin bèt nèt. Kòman nou menm, mesye, nou ka di Farawon: “Mwen se fis a moun saj yo, fis a wa ansyen yo”?
12 Where now are your wise men? Let them tell you and make known what the Father of heaven's armies has planned against Egypt. Eh byen, kote moun saj ou yo? Souple, kite yo pale ak ou, e kite yo konprann sa ke SENYÈ dèzame yo te planifye pou fè kont Égypte.
13 The princes of Zoan have become fools, the princes of Memphis are deceived; the cornerstones of her tribes have led Egypt astray. Prens a Tsoan yo te aji nan foli. Prens a Noph yo te byen tronpe. Sila ki ta ang prensipal a pèp li a fin mennen Égypte nan wout egare.
14 Our Father has poured into her a spirit of confusion, and they have made Egypt stagger in all it does, like a drunkard staggering in his vomit. SENYÈ a te mele nan li yon lespri ki fè l toudi; yo mennen Égypte nan wout egare nan tout sa li fè, tankou moun sou k ap glise tonbe nan vomisman li.
15 There will be nothing Egypt can do, whether head or tail, palm branch or reed. P ap gen travay pou Égypte; ni pou tèt li, ni pou ke li, branch palmis li, oswa sa ke wozo li yo ka fè.
16 In that day the Egyptians will be like women—trembling in fear at the hand the Father of heaven's armies raises against them. Nan jou sa a, Ejipsyen yo va vin tankou fanm. Yo va tranble nan gwo laperèz akoz pase men ke SENYÈ a ap fè pase sou yo.
17 The land of Judah will terrify Egypt; all who hear it named will be afraid, because of what the Father of heaven's armies is planning against them. Peyi Juda va devni yon gwo laperèz pou Égypte. Tout moun ki tande non li va gen gwo lakrent li akoz volonte a SENYÈ dèzame yo, ki poze kont yo.
18 In that day five cities in Egypt will speak Canaan's language and swear allegiance to the Father of heaven's armies. One will be called the City of the Sun. Nan jou sa a, senk gwo vil peyi Égypte yo va pale langaj a Kanaraneyen yo, e yo va sèmante alyans ak SENYÈ dèzame yo. Youn nan yo va rele Vil Destriksyon an.
19 In that day there will be an altar to our Father in the heart of Egypt, and a pillar to him at its border. Nan jou sa a, va gen yon lotèl a SENYÈ a nan mitan peyi Égypte la, e yon pilye a SENYÈ a toupre fwontyè li a.
20 It will be a sign and witness to the Father of heaven's armies in the land of Egypt. When they cry out to our Father because of oppressors, he will send them a savior and defender, and rescue them. Li va vin fè yon sign ak yon temwen a SENYÈ dèzame yo nan peyi Égypte; paske yo va kriye a SENYÈ a akoz sila k ap oprime moun yo, e Li va voye ba yo yon sovè, yon defansè e Li va delivre yo.
21 Our Father will reveal himself to Egypt; that day the Egyptians will know him, worship with sacrifice and offering, and make vows to him and fulfill them. Konsa SENYÈ a va fè Égypte konnen Li. Konsa, Ejipsyen yo va konnen SENYÈ a nan jou sa a. Yo va anplis adore Li avèk sakrifis ak ofrann. Yo va fè yon ve a SENYÈ a, epi yo va akonpli li.
22 Our Father will strike Egypt—striking and healing. They will return to him; he will hear their pleas and heal them. SENYÈ a va frape Égypte; frape, men geri li. Yo va retounen kote SENYÈ, epi Li va reponn yo e geri yo.
23 In that day a highway will run from Egypt to Assyria. Assyrians will enter Egypt and Egyptians Assyria, and Egypt will worship with Assyria. Nan jou sa a, va gen yon gran chemen soti an Égypte pou rive Assyrie. Asiryen yo va antre an Égypte, e Ejipsyen yo an Assyrie. Ejipsyen ak Asiryen yo va adore ansanm.
24 That day Israel will be third with Egypt and Assyria, a blessing in the midst of the earth, Nan jou sa a, Israël va fè yon twazyèm nan, ansanm ak Égypte ak Assyrie, yon gran benediksyon nan mitan mond lan.
25 for the Father of heaven's armies has blessed them: "Blessed be Egypt my children, Assyria my handiwork, and Israel my inheritance." Paske SENYÈ dèzame yo ap beni yo e di: “Beni se Égypte, pèp Mwen an e Assyrie, zèv men Mwen an, ak Israël, eritaj Mwen an.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]