Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Hebrews 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Since the promise to enter his rest still stands, let us be careful that none of you seems to have missed it. Konsa, annou toujou gen lakrent pou si, pandan yon pwomès pou antre nan repo Li a toujou rete, okenn nan nou pa ta sanble vin rate li.
2 We too had good news preached to us, as they did. But the message heard didn't benefit them, since they didn't combine it with faith, as those who listened did. Paske vrèman, bòn nouvèl la te preche a nou menm, menm jan ak yo, men pawòl yo te tande a pa t fè avantaj pou yo, paske li pa t jwenn avèk lafwa nan sila ki te tande yo a.
3 We who believed enter that rest, as he said: "In my wrath I swore, they will never enter my rest." Yet his works were finished since the foundation of the world. Paske nou menm ki te kwè yo, nou te antre nan repo sa a, jan Li te di a: “Jan Mwen te sèmante nan kòlè Mwen an, yo p ap antre nan repo Mwen”, malgre zèv Li yo fini depi nan fondasyon mond lan.
4 For somewhere he says of the seventh day: "And our Father rested on the seventh day from all his works." Paske Li te di, yon kote, konsènan setyèm jou a: “Epi Bondye te repoze nan setyèm jou a de tout zèv Li yo.”
5 And again in the same passage he says, "They will never enter my rest." E ankò nan pasaj sa a: “Yo p ap antre nan repo Mwen.”
6 Since it remains that some enter it, and those first given the good news failed to enter through their disobedience, Konsa, paske li rete pou kèk moun antre ladann, epi sila ki, avan, te gen bòn nouvèl la preche a yo menm yo, te echwe antre ladann akoz dezobeyisans yo,
7 so again he sets a day, "Today," speaking through David much later, as already said: "Today, if you hear his voice, do not harden your hearts." Li ankò fikse yon sèten jou, “Jodi a”, e sa te ankò di atravè David apre anpil tan menm jan ke Li te di avan an: “Jodi a, si nou tande vwa Li, pa andisi kè nou.”
8 For if Joshua had given them rest, our Father would not have spoken later about another day. Paske si Josué te bay yo repo, Li pa t ap pale de yon lòt jou apre sa.
9 So then, there remains a Sabbath rest for the people of our Father. Konsa, gen yon repo Saba ki rete pou pèp Bondye a.
10 Whoever has entered our Father's rest has also rested from his works, as our Father did from his own. Paske sila ki te antre nan repo Li a, li menm tou, te repoze de zèv li yo, jan Bondye te fè pou zèv pa Li yo.
11 So let's strive to enter that rest, so no one falls by the same pattern of disobedience. Konsa, annou fè dilijans pou antre nan repo sila a, pou okenn moun pa tonbe, nan swiv menm egzanp dezobeyisans lan.
12 For the word of our Father is alive and active, sharper than any two-edged sword, piercing to divide soul and spirit, joints and marrow, discerning the heart's thoughts and intentions. Paske pawòl Bondye a vivan, aktif, li pi file pase yon nepe ki koupe de bò. Li penetre rive jis lè l divize nanm nan ak lespri a, menm jwenn zo ak mwèl, e li kapab jije panse ak lentansyon a kè yo.
13 No creature is hidden from his sight; all lies naked and exposed to the eyes of the one we must answer to. Nanpwen kreyati ki kache devan zye Li, men tout bagay ouvri nèt e parèt toutouni devan zye a Sila ke nou oblije ran kont.
14 So since we have a great high priest who has passed through the heavens—Jesus, Son of our Father—let's hold firmly to the faith we profess. Konsa, paske nou gen yon si tèlman wo prèt ki te travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a.
15 We have no high priest unable to sympathize with our weaknesses, but one tested in every way as we are, yet without sin. Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.
16 Let us then approach the throne of grace boldly, so we may receive mercy and find grace to help us in time of need. Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]