Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ezekiel 40 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In the twenty-fifth year of our exile, at the start of the year, on the tenth of the month, fourteen years after the city was struck down—that very day the hand of our Father came on me and brought me there. Nan venn-senkyèm ane egzil nou an, nan kòmansman ane a, nan dizyèm jou nan mwa a, nan katòzyèm ane apre vil la te fin pran an, nan menm jou sa a, men SENYÈ a te sou mwen e Li te mennen mwen la.
2 In visions from our Father he brought me to the land of Israel, set me down on a very high mountain, with something like a city's structure on its south. Nan vizyon a Bondye yo, Li te mennen m nan peyi Israël, Li te depoze m sou yon mòn byen wo. Epi sou li vè sid te gen yon konstriksyon tankou yon vil.
3 He brought me there: a man like bronze, a linen cord and measuring reed in his hand, standing in the gateway. Konsa, se la li te mennen mwen, epi gade byen, te gen yon nonm ak aparans tankou aparans a bwonz, yon lign fisèl fèt ak len ak yon baton apantaj nan men l. Konsa, li te kanpe nan pòtay la.
4 The man said to me, "Son of man, look with your eyes, hear with your ears, and fix your attention on all I show you, for you were brought here to be shown it. Tell the house of Israel everything you see." Nonm nan te di m: “Fis a lòm, wè ak zye ou e prete atansyon a tout sa ke m va montre ou; paske ou te vin mennen isit la pou m ta ka montre ou li. Deklare a lakay Israël tout sa ke ou wè.”
5 A wall surrounded the temple all around. The man held a measuring reed about ten and a half feet long. He measured the wall: its thickness, about ten and a half feet; its height, about ten and a half feet. Gade byen, te gen yon miray sou deyò a tanp lan toutozanviwon, e nan men a nonm nan, te gen yon baton ki mezire sis koude. Yo chak te yon koude plis lajè a yon pla men.
6 Then he went to the east-facing gate and climbed its steps. He measured the gate's threshold, about ten and a half feet deep, and the other threshold, about ten and a half feet deep. Konsa, li te ale nan pòtay ki te gen fas li vè lès. Li te monte sou eskalye li yo, e te mezire papòt pòtay la, yon ba kann nan lajè, epi lòt papòt la te yon ba kann nan lajè.
7 Each guard chamber was about ten and a half feet long and wide, with about nine feet between them. The gate's threshold beside the porch, facing inward, was about ten and a half feet. Chanm gad la te yon ba kann nan longè, e yon ba kann nan lajè, epi te gen senk koude antre chanm gad yo. Epi papòt pòtay la akote galri pòtay ki te ouvri pa anndan an te yon ba kann.
8 Then he measured the porch of the gateway, facing inward—about ten and a half feet. Li te mezire galri a vè fas pòtay la pa anndan, yon ba kann.
9 He measured the gateway's porch—about fourteen feet—and its doorposts—about three and a half feet; the porch faced inward. Li te mezire galri a pòtay la, uit koude, epi pilye akote li yo, de koude. Epi galri a pòtay la te vè kay la.
10 Three guard chambers flanked the east gate on each side, all three the same size; the doorposts on each side measured the same. Chanm gad a pòtay lès yo te twa nan kote sa a, ak twa de lòt kote. Toule twa nan de kote te gen menm mezi. Pilye akote yo te gen menm mezi a nan chak kote tou.
11 Then he measured the gateway entrance: about seventeen and a half feet wide, and the gateway about twenty-three feet long. Li te mezire lajè pòtay la, dis koude e longè pòtay la, trèz koude.
12 A barrier in front of the guard chambers measured about twenty-one inches on each side; each guard chamber was about ten and a half feet on each side. Te gen yon mi baryè yon koude lajè nan chak kote, epi chanm gad yo te sis koude kare nan chak kote.
13 Then he measured the gateway from one guard chamber's roof to the other's, about forty-four feet wide, with door facing door. Li te mezire pòtay la soti nan twati a youn nan chanm gad yo, rive nan twati a lòt la, yon lajè a venn-senk koude soti nan yon pòt jis rive nan pòt a lòt anfas la.
14 He measured the doorposts—about 105 feet; the court reached the doorpost all around the gateway. Li te fè pilye akote yo swasant koude wotè, epi lakou a te rive nan pilye yo jis li antoure pòtay la.
15 From the front of the gateway's entrance to the front of its inner porch was about eighty-eight feet. Soti devan antre a pòtay, antre a pou rive devan galri enteryè a, te gen senkant koude.
16 The guard chambers and their doorposts had narrow windows all around inside the gateway, and so did the porches; windows ran all around facing inward, with palm trees carved on the doorposts. Te gen fenèt ki fèt ak gri ki te vizavi a chanm gad yo, nan pozisyon akote pilye yo ak pòtay ki te antoure yo a, e menm jan pou galri yo. Epi te gen fenèt toutozanviwon pa anndan. Epi sou chak pilye akote yo, te gen dekorasyon pye palmis.
17 Then he brought me into the outer court; there were rooms and a pavement around it, with thirty rooms facing the pavement. Konsa, li te mennen mwen nan lakou eksteryè a, e gade byen, te gen chanm ak yon pave ki te fèt pou tout lakou a toupatou. Trant chanm yo te ouvri sou pave a.
18 The pavement ran beside the gateways, matching their length; this was the lower pavement. Pave a te akote pòtay yo, e te koresponn a longè pòtay yo, menm pave pi ba a.
19 He measured from the front of the lower gateway to the outer front of the inner court: about 175 feet, east and north. Epi li te mezire lajè a soti devan pòtay pi ba a pou rive devan pati eksteryè a lakou enteryè a, yon santèn koude nan lès ak nan nò.
20 The outer court's north gate—he measured its length and width. Jan pou pòtay lakou eksteryè ki bay fas vè nò a, li te mezire longè li ak lajè li.
21 Its guard chambers—three on each side—and its doorposts and entrance hall matched the first gate: about eighty-eight feet long and about forty-four feet wide. Li te gen twa chanm gad chak kote. Pilye akote li yo ak galri li yo te gen menm mezi ak premye pòtay la. Longè li te senkant koude e lajè a te venn-senk koude.
22 Its windows, entrance hall, and palm trees matched the measurements of the east-facing gate. Seven steps led up to it, its entrance hall before them. Fenèt li yo, galri li yo ak dekorasyon pye palmis li yo te gen menm mezi ak pòtay ki te bay fas vè lès la. Epi li te vin jwenn pa sèt mach eskalye yo, e galri li te devan yo.
23 A gate to the inner court faced the north gate, as on the east; he measured gate to gate—175 feet. Lakou enteryè a te gen yon pòtay anfas pòtay nan nò a, menm jan ak pòtay nan lès la. Li te mezire san koude soti nan yon pòtay a yon pòtay.
24 Then he led me south, where a gate faced south; he measured its doorposts and porch, the same as the others. Nan lè sa a, li te mennen m vè sid e gade byen, te gen yon pòtay vè sid la. Li te mezire pilye akote li yo ak galri li yo selon menm mezi sila yo.
25 Windows all around it and its porch, like those windows; eighty-eight feet long, forty-four feet wide. Pòtay ak galri li yo te gen fenèt toutotou tankou lòt fenèt yo. Longè la te senkant koude e lajè a te venn-senk koude.
26 Seven steps led up to it, its porch facing them, with palm trees carved on its doorposts, one on each side. Te gen sèt machpye ki t ap monte vè li e galri li yo te devan yo. Li te gen dekorasyon pye palmis yo sou pilye akote yo, youn nan chak kote.
27 A gate faced south for the inner court; he measured gate to gate southward—175 feet. Lakou enteryè a te gen yon pòtay vè sid. Li te mezire de pòtay a pòtay vè sid, san koude.
28 Then he brought me into the inner court through the south gate, and measured it, the same as the others. Epi li te mennen m nan lakou enteryè a pa pòtay sid la, e li te mezire pòtay sid la selon menm mezi yo.
29 Its guard chambers, doorposts, and entrance hall shared one measure, with windows all around, in it and its hall; eighty-eight feet long, forty-four feet wide. Chanm gad li yo tou, pilye akote li yo ak galri li yo tout selon menm mezi yo. Epi te gen fenèt nan li ak galri yo ki te antoure l toupatou. Li te senkant koude nan longè e venn-senk koude nan lajè.
30 There were porches all around, about forty-four feet long and about nine feet wide. Te gen galri yo toupatou, venn-senk koude longè e senk koude lajè.
31 Its porch faced the outer court, palm trees carved on its doorposts; eight steps led up. Galri li yo te vè lakou eksteryè a. Dekorasyon pye palmis yo te sou pilye akote li yo e eskalye li a te gen uit machpye.
32 Then he brought me into the inner court on the east side, and measured the gate the same as the others. Li te mennen m nan lakou enteryè a vè lès. Li te mezire pòtay la selon menm mezi sila yo.
33 Its guard chambers, doorposts, and entrance hall measured the same, with windows all around, in it and its hall; eighty-eight feet long, forty-four feet wide. Chanm gad li yo tou, pilye akote li yo ak galri li yo te selon menm mezi sa yo. Pòtay ak galri li yo te gen fenèt toutotou. Li te senkant koude nan longè e venn-senk koude nan lajè.
34 Its porch faced the outer court, with palm trees carved on its doorposts, one each side; eight steps led up to it. Galri li yo te vè lakou eksteryè a. Dekorasyon pye palmis yo te sou pilye akote li yo e eskalye a te gen uit machpye.
35 Then he brought me to the north gate and measured it, the same measure as the others. Ankò, li te mennen mwen antre nan pòtay nò a. Li te mezire li selon menm mezi yo—
36 Its guard chambers, doorposts, and entrance hall matched, with windows all around; it was about eighty-eight feet long, about forty-four feet wide. avèk chanm gad li yo, pliye akote li yo ak galri li yo. Pòtay la te gen fenèt toutotou. Longè a te senkant koude e lajè a te venn-senk koude.
37 Its doorposts faced the outer court, with palm trees carved on them, one on each side; eight steps led up to it. Pilye akote li yo te vè lakou eksteryè a. Dekorasyon pye palmis yo te sou pilye akote li yo, youn sou chak kote. Eskalye li a te gen uit machpye.
38 There was a chamber with its doorway by the gateways' doorposts, where the burnt offering was rinsed. Yon chanm ak pòtay li te bò pilye nan pòtay yo. La, yo te lave ofrann brile yo.
39 In the gateway's entrance hall stood two tables on each side, for slaughtering the burnt offering, sin offering, and guilt offering. Nan galri pòtay la, te gen de tab nan chak kote, tab sou sila yo te touye ofrann brile yo, ofrann peche yo ak ofrann koupabilite a.
40 Outside, where you climb to the north gate's entrance, stood two tables; two more on the other side of the gateway's porch. Sou kote deyò a, pandan yon moun t ap monte vè pòtay nò a, te gen de tab, epi sou lòt kote galri pòtay la, te gen de tab.
41 Four tables stood on each side beside the gateway—eight tables in all—on which the sacrifices were slaughtered. Kat tab te nan chak kote touprè pòtay la, ki fè uit tab antou sou sila yo te touye sakrifis yo.
42 Four cut-stone tables for the burnt offering, about two and a half feet long, two and a half wide, and twenty-one inches high, held the tools for slaughtering the burnt offering and the sacrifice. Pou ofrann brile yo, te gen kat tab an wòch taye, yon koude edmi nan longè, yon koude edmi nan lajè e yon koude nan wotè, tab sou sila yo poze enstriman avèk sila yo touye ofrann brile ak sakrifis la.
43 Double-pronged hooks, a handbreadth long, were fastened all around inside; on the tables lay the offering's flesh. Kwòk yo, longè a yon pla Men te enstale toupatou nan kay la. Sou tab yo, yo te mete chè ofrann nan.
44 Outside the inner gateway were rooms for the singers in the inner court: one by the north gate facing south, one by the east gate facing north. Soti deyò jis rive nan pòtay enteryè a, se te chanm pou chantè nan lakou enteryè yo. Youn nan sila yo te akote pòtay nò a, ak fas li vè sid ak youn akote pòtay sid la, ak fas li vè nò.
45 He said to me, "This chamber facing south is for the priests who keep charge of the temple. Li te di mwen: “Sa se chanm ki bay fas vè sid la, ki pou prèt ki responsab lokipe tanp yo.
46 The chamber facing north is for the priests in charge of the altar. These are the sons of Zadok, the ones among Levi's descendants who may approach our Father to serve him." Men chanm ki bay fas vè nò a se pou prèt ki responsab okipe lotèl yo. Sila yo se fis a Tsadok yo, ki soti nan fis a Levi ki vin rapwoche yo de SENYÈ a pou fè sèvis Li.”
47 Then he measured the court: about 175 feet long, 175 feet wide, a perfect square; the altar stood in front of the temple. Li te mezire lakou a, an fòm kare nèt, san koude nan longè pa san koude nan lajè. Epi lotèl la te devan tanp lan.
48 Then he brought me to the temple porch and measured its jambs—about nine feet on each side; the gateway's width was about five feet on each side. Nan lè sa a, li te mennen m nan galri a tanp lan e li te mezire chak kote pilye a galri a, senk koude nan chak kote. Lajè a pòtay la te twa koude nan chak kote.
49 The porch was about thirty-five feet long, about nineteen wide, reached by steps; pillars stood by the doorposts, one on each side. Longè a galeri a te ven koude e lajè a te onz koude. Vè eskalye pa sila li ta ka monte a, te gen kolòn ki te apatyen a pilye akote yo, youn nan chak kote.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]