Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ezekiel 39 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "And you, son of man, prophesy against Gog: This is what the Sovereign Father says: I am against you, Gog, chief prince of Meshech and Tubal. “Epi ou menm, fis a lòm, pwofetize kont Gog pou di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont ou, O Gog! Prens a Rosch, Méschec ak Tubal la.
2 I will turn you around, drive you on, bring you up from the far north, and lead you against the mountains of Israel. Epi Mwen va detounen ou, kontinye wout la, pran ou soti nan kote nò ki pi izole a pou mennen ou kont mòn Israël yo.
3 Then I will strike your bow from your left hand and knock your arrows from your right. Mwen va frape banza ou jis li kite men goch ou, e fè flèch yo tonbe kite men dwat ou.
4 You will fall on the mountains of Israel, you and all your troops and the peoples with you. I will give you as food to every kind of bird of prey and to the wild animals. Ou va tonbe sou mòn Israël yo, ou menm, tout sòlda ou yo ak moun ki avèk ou yo. Mwen va bay ou kon manje a tout kalite zwazo kanivò ak bèt nan chan.
5 You will fall in the open field, for I have spoken, declares the Sovereign Father. Ou va tonbe nan chan ouvri, paske se Mwen menm ki fin pale sa,” deklare Senyè BONDYE a.
6 I will send fire on Magog and on those living securely in the coastlands, and they will know that I am the Father. “Epi Mwen va voye dife sou Magog ak sila ki rete ansekirite nan il kot lanmè yo, epi yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
7 I will make my holy name known among my people Israel, and will no longer let my holy name be desecrated. Then the nations will know that I am the Father, the Holy One in Israel. “‘“Non sen Mwen an, Mwen va fè Li vin rekonèt nan mitan pèp Mwen an, Israël. Konsa, Mwen p ap kite non Mwen vin pwofane ankò. Nasyon yo va konnen ke Mwen se Senyè a, Sila Ki Sen an Israël la.
8 Look, it is coming and it will happen, declares the Sovereign Father. This is the day I spoke of.' Gade byen, sa ap vini e sa va fèt,” deklare Senyè BONDYE a. “Sa se jou nan sila Mwen te pale a.”
9 "Then those who live in Israel's cities will go out, make fires with the weapons and burn them—shields and bucklers, bows and arrows, war clubs and spears—using them as fuel for seven years. “‘“Nan lè sa a, sila ki rete nan vil Israël yo va sòti deyò pou limen dife ak zam yo pou brile yo, ni pwotèj yo, ni boukliye yo, banza ak flèch yo, baton lagè ak nepe yo e pandan sèt ane, yo va fè dife ak yo.
10 They will gather no wood from the field or forest, for they will burn the weapons. They will plunder those who plundered them and loot those who looted them, declares the Sovereign Father.' Yo p ap pran bwa nan chan, a ni sanble bwa dife ki soti nan forè yo, paske yo va fè dife ak zam yo. Epi yo va pran piyaj a sila ki te piyaje moun yo, e sezi piyaj a sila ki te fè piyaj yo,” deklare Senyè BONDYE a.
11 "On that day I will give Gog a burial place in Israel, the Valley of the Travelers, east of the sea. It blocks travelers, for there they will bury Gog and all his multitude, and they will call it the Valley of Hamon-gog. “‘“Nan jou sa a, Mwen va bay Gog yon simityè la an Israël, nan vale kote moun yo pase sou kote lès lanmè a, e li va bloke sila ki ta pase ladan. Konsa, yo va antere Gog ak tout foul li a, e yo va rele la, ‘Vale Moun Gog la’.
12 For seven months the house of Israel will be burying them, in order to cleanse the land. “‘“Pandan sèt mwa, lakay Israël va fè antèman yo, pou netwaye peyi a.
13 Everyone in the land will bury them, and it will bring them renown on the day I display my glory, declares the Sovereign Father.' Menm tout pèp peyi a, va fè antèman yo. Epi sa va fè yo renome pàtou nan jou sa a, pou pwop tèt Mwen ka resevwa glwa,” deklare Senyè BONDYE a.”
14 "They will appoint men to pass through the land continually, burying those left on the ground's surface, to cleanse it. After seven months they will search. “Yo va mete apa moun ki anplwaye nèt k ap pase nan peyi a. Sila yo k ap pase ap rive kote y ap antere sa yo ki rete sou sifas tè a, pou yo ka netwaye li. Nan fen sèt mwa yo, yo va fè yon rechèch pou twouve yo.
15 As they pass through the land, anyone seeing a human bone sets up a marker beside it, until the buriers bury it in the Valley of Hamon-gog. Pandan sila k ap fè rechèch nan peyi yo ap pase, e nenpòt moun wè zo a yon moun, alò, li va mete yon makè akote l jiskaske ekip antèman an vin antere li nan Vale Moun Gog la.
16 (There will also be a city called Hamonah there.) So they will cleanse the land.' Pou sa, non vil la menm va Hamona. Konsa yo va netwaye peyi a.”
17 "As for you, son of man, this is what the Sovereign Father says: Speak to the birds of every kind and to all the beasts of the field: Assemble and come, gather from all around to the sacrifice I am preparing for you, a great sacrifice on the mountains of Israel; you will eat flesh and drink blood. “Pou ou menm, fis a lòm, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Pale a tout kalite zwazo, ak tout bèt nan chan: “Rasanble nou e vini. Rasanble soti tout kote anvè sakrifis Mwen, ke M ap pral fè pou nou an, yon gwo sakrifis sou mòn Israël yo, pou nou ka manje chè ak bwè san.
18 You will eat the flesh of warriors and drink the blood of earth's princes—rams, lambs, goats, bulls, all fatlings of Bashan. Nou va manje chè a mesye pwisan yo, e bwè san a prens latè yo, konsi se te belye, jenn mouton, kabrit, ak towo, tout bèt gra a Basan yo.
19 You will eat fat till gorged and drink blood till drunk, at the sacrifice I prepare for you. Akoz sa, nou va manje grès jiskaske nou vin toufe nèt ak sakrifis Mwen, ke M fin fè pou nou an.
20 At my table you'll eat your fill of horses and charioteers, of strong men and soldiers of every kind, declares the Sovereign Father.' Nou va toufe nèt sou tab Mwen an ak cheval yo, ak mesye mèt cha yo, mesye pwisan yo ak tout gwo mesye lagè yo”, deklare Senyè BONDYE a.’
21 "I will set my glory among the nations, and all the nations will see the judgment I carried out and the hand I laid on them. “Konsa, Mwen va mete glwa Mwen pami nasyon yo. Tout nasyon yo va wè jijman ke Mwen te egzekite ak men M, ke M te fè poze sou yo a.
22 And from that day forward the house of Israel will know that I am their Father. Epi lakay Israël va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye yo a, depi jou sa a, pou rive ale nèt.
23 Then the nations will know the house of Israel went into exile for their sin, because they were unfaithful to me. So I hid my face, gave them to their enemies, and they all fell by the sword. Nasyon yo va konnen ke lakay Israël te antre an egzil akoz inikite yo. Akoz yo te aji kon trèt ak Mwen, Mwen te kache figi Mwen de yo. Konsa, Mwen te livre yo nan men advèsè yo, e yo tout, te tonbe devan nepe.
24 I dealt with them according to their impurity and sins, and hid my face from them.' Selon salte yo e selon transgresyon yo, Mwen te aji avèk yo, e Mwen te kache figi Mwen de yo.”
25 "So the Sovereign Father says: Now I will restore Jacob's fortunes and have compassion on all Israel's house, and I will be jealous for my holy name. “Pou sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Koulye a, Mwen va restore avni a Jacob, e Mwen va gen mizerikòd pou tout lakay Israël, epi Mwen va jalou pou non sen Mwen an.
26 They will bear their shame and all the treachery they did against me, when they live securely in their land with no one to frighten them. Yo va bliye wont yo ak tout trèt yo te konn fè kont Mwen yo, lè y ap viv ansekirite nan pwòp peyi pa yo, lè okenn p ap fè yo pè.
27 When I bring them back from the peoples and gather them from their enemies' lands, I will show myself holy through them before many nations. Lè Mwen mennen yo retounen soti nan lòt pèp yo, e rasanble yo soti nan peyi lènmi yo; nan lè sa a, Mwen va vin sanktifye de yo devan zye a anpil nasyon.
28 Then they will know I am their Father, because I exiled them among the nations, then gathered them to their own land, leaving none behind. Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye yo a, akoz mwen te fè yo antre an egzil pami nasyon yo, e alò, Mwen te rasanble yo ankò nan pwòp peyi yo. Epi Mwen p ap kite okenn nan yo kaptif ankò.
29 I will no longer hide my face from them, for I will pour out my Spirit on the house of Israel, declares the Sovereign Father." Mwen p ap kache figi Mwen de yo ankò, paske M ap gen tan fin vide Lespri m sou lakay Israël,’ deklare Senyè BONDYE a.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]