Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Timothy 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 So then, my child, draw your strength from the grace that is in Christ Jesus. Konsa, ou menm, fis mwen an se pou ou dyanm nan gras ki nan Kris Jésus a.
2 And what you heard from me in the presence of many witnesses, entrust to faithful people able to teach others too. Bagay ke ou te tande de mwen nan prezans a anpil temwen yo, konfye yo a moun ki fidèl, ki kapab osi enstwi lòt yo.
3 Take your share of suffering like a good soldier of Christ Jesus. Soufri difikilte avèk mwen, tankou yon bon sòlda a Kris Jésus.
4 No soldier on duty gets tangled in civilian affairs—he wants to please the one who enlisted him. Nanpwen sòlda an sèvis ki mele tèt li nan zafè lavi kotidyèn, pou li kapab fè plezi a sila ki te enskri li kòm sòlda a.
5 And an athlete is not crowned unless he competes according to the rules. Osi, si yon moun nan konpetisyon nan spò, li p ap genyen pri a amwenske li fè konpetisyon an selon règ yo.
6 The hard-working farmer ought to be the first to receive a share of the crops. Kiltivatè ki travay di a ta dwe premyè pou resevwa pòsyon pa l nan rekòlt la.
7 Think over what I am saying, for the Lord will give you understanding in everything. Konsidere sa ke m di a, paske Senyè a va ba ou bon konprann nan tout bagay.
8 Remember Jesus Christ, risen from the dead, a descendant of David, as told in my gospel, Sonje Jésus Kri leve soti nan lanmò, desandan a David la, selon levanjil mwen an.
9 for which I suffer, chained like a criminal. But the word of our Father is not chained! Pou li menm, mwen soufri difikilte, menm anprizone kòm yon kriminèl; men pawòl Bondye a pa anprizone.
10 So I endure everything for the sake of the chosen, so they too may gain the salvation in Christ Jesus, with eternal glory. Pou rezon sa a, mwen andire tout bagay, pou koz a sila ki te chwazi yo, pou yo kapab osi vin jwenn sali ki nan Kris Jésus a e avèk li, laglwa etènèl.
11 This saying is trustworthy: If we have died with him, we will also live with him; “Sa se yon vrè pawòl: Paske si nou te mouri avèk Li, nou va osi viv avèk Li.
12 if we endure, we will also reign with him; if we disown him, he also will disown us; Si nou andire, nou va osi renye avèk Li. Si nou rejte Li, Li tou va rejte nou.
13 if we are faithless, he remains faithful, for he cannot disown himself. Si nou pa fidèl Li rete fidèl; paske Li pa kapab nye pwòp tèt Li.”
14 Remind them of these things, and warn them before our Father not to quarrel over words—useless, and ruins those who listen. Fè yo sonje bagay sa yo, eanchaje yo solanèlman nan prezans a Bondye pou yo pa goumen sou pawòl yo, ki initil e ki mennen nan destriksyon sila k ap tande yo.
15 Do your best to present yourself to our Father approved, a worker unashamed, rightly handling the word of truth. Se pou ou dilijan pou prezante tèt ou apwouve bay Bondye, kòm yon ouvriye ki pa bezwen wont, ki livre byen klè pawòl verite a.
16 But avoid empty, godless chatter; it leads people further into wickedness, Men evite pale pawòl anven a mond sa a, paske l ap fè nou soti lwen lafwa Bondye a.
17 and their talk will spread like gangrene. Among them are Hymenaeus and Philetus, Epi pawòl sa yo va gaye tankou pwazon nan san. Pami yo, Hyménée ak Philète:
18 who wandered away from the truth, claiming the resurrection already happened, and are undermining some people's faith. Moun ki te egare kite verite yo nan di ke rezirèksyon an gen tan fèt deja a, e konsa yo te boulvèse lafwa a kèk moun.
19 Yet our Father's firm foundation stands, sealed: "He knows those who are his," and "Let all who name his name turn from evil." Malgre fondasyon Bondye a kanpe byen fèm, e li gen so sila a sou li: “Senyè a konnen sila ki pou Li yo”, epi: “Ke tout moun ki nonmen non Senyè a rete lwen mechanste.”
20 In a large house there are vessels not only of gold and silver, but also of wood and clay—some for honor, some for dishonor. Alò, nan yon gran mezon, pa gen sèlman veso an lò ak lajan, men osi veso an bwa ak kanari. Yon pati pou onore e yon pati pou dezonore.
21 So if anyone purifies himself from these, he becomes a vessel of honor: holy, useful to the Master, ready for every good work. Konsa, si yon nonm netwaye tèt li de bagay sa yo, li va yon veso lonè, sanktifye, itil pou Mèt la, prepare pou tout bon zèv.
22 Flee youthful cravings; pursue righteousness, faith, love, and peace with those who call on the Lord from a pure heart. Alò, sove kite move dezi a jenès yo; men pouswiv ladwati, lafwa, lanmou ak lapè, avèk sila ki rele non Senyè yo avèk yon kè ki san tach.
23 Have nothing to do with foolish, ignorant controversies; you know they breed quarrels. Men refize diskisyon ki sòt e san bon rezon yo, paske ou konnen ke y ap prodwi konfli.
24 The Lord's servant must not be quarrelsome, but be gentle to all, able to teach, patient when wronged. Yon sèvitè-atache nèt a Senyè a pa dwe renmen fè kont, men se pou li janti ak tout moun, avèk yon kapasite pou l enstwi e pasyan lè yo fè li lenjistis,
25 Gently correcting those who oppose him. Perhaps our Father will grant them repentance to know the truth, avèk dousè, korije sila ki nan opozisyon yo, pou si petèt Bondye kapab bay yo repantans k ap mennen yo a konesans verite a,
26 and they may sober up, escaping the devil's trap where he has held them captive to do his will. pou yo kapab twouve bon sans pa yo, pou chape anba pèlen a Dyab la, ki kenbe yo kaptif pou fè volonte l.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]