Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Samuel 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The war between Saul's house and the house of David dragged on a long time. David grew steadily stronger, while Saul's house grew weaker and weaker. Alò, te gen yon gè byen long antre lakay Saül ak lakay David. David te vin pi pwisan, men lakay Saül, ofiyamezi, te vin pi fèb.
2 Sons were born to David in Hebron. His firstborn was Amnon, whose mother was Ahinoam of Jezreel; Fis te ne a David an Hébron: premye ne li a se te Amnon, pa Achinoam, Jizreyelit la;
3 his second, Chileab, by Abigail, Nabal of Carmel's widow; the third, Absalom, son of Maacah, daughter of Talmai king of Geshur; epi dezyèm li a, Kileab, pa Abigaïl la, vèv a Nabal la, Kamalit la; epi twazyèm nan, Absalom, fis Maaca a, fi a Talmaï a, wa a Gueschur;
4 the fourth, Adonijah son of Haggith; the fifth, Shephatiah son of Abital; epi katriyèm nan, Adonija, fis a Haggith la e senkyèm nan, Schephathia, fis a Abithal la;
5 and the sixth, Ithream, by David's wife Eglah. These were David's sons born in Hebron. epi sizyèm nan, Jithream, pa Égla a, madanm a David.
6 During the war between the house of Saul and the house of David, Abner kept strengthening his position in Saul's house. Li te vin rive ke pandan te gen lagè antre lakay Saül ak lakay David, ke Abner t ap ranfòse pozisyon li lakay Saül.
7 Saul had a concubine named Rizpah, daughter of Aiah. Ish-bosheth said to Abner, "Why did you sleep with my father's concubine?" Alò, Saül te gen yon ti mennaj ki te rele Ritspa, fi a Ajja a. Konsa, Isch-Boscheth te di a Abner: “Poukisa ou te antre nan ti mennaj papa m nan?”
8 Abner, very angry at Ish-bosheth's words, said, "Am I a dog's head loyal to Judah? Today I keep showing loyalty to your father Saul's house, his brothers and friends, and haven't handed you to David. Yet now you charge me over this woman! Alò, Abner te byen fache akoz pawòl a Isch-Boscheth yo e te di: “Èske mwen se tèt yon chen ki pou Juda? Jodi a, mwen montre favè a lakay papa ou, a frè li yo, a zanmi li yo e mwen pa t livre ou nan men David. Epi malgre sa, jodi a, ou akize mwen kòm koupab nan afè fanm nan.
9 May our Father do the same to Abner, and more, if I do not do for David what our Father swore to him, Ke Bondye fè sa a Abner, e menm plis toujou, si jan SENYÈ a te sèmante a David la, mwen pa akonpli sa pou li,
10 to transfer the kingdom from Saul's house and set up David's throne over Israel and over Judah, from Dan to Beersheba." pou fè wayòm nan kite lakay Saül pou vin etabli sou twòn David sou Israël ak sou Juda, soti nan Dan, jis rive Beer-Schéba.”
11 And Ish-bosheth could not say another word to Abner, because he was afraid of him. Epi li pa t kab reponn Abner ankò, akoz li te pè li.
12 Abner sent messengers to David on his behalf: "Whose is the land? Make your covenant with me, and my hand will be with you to bring all Israel over to you." Alò Abner te voye mesaje yo kote David nan plas li, e te di: “Pou kilès peyi a ye? Fè akò ou avèk mwen; epi pou sa, men m va avèk ou pou mennen tout Israël bò kote ou.”
13 David said, "Good; I'll make a covenant with you. But I require one thing: you won't see my face unless you first bring Michal, Saul's daughter, when you come." Li te di: “Sa bon! Mwen va fè yon akò avèk ou, men mwen ap fè yon sèten demann a ou menm. Konsa, ou p ap menm wè figi m sof ke ou mennen premyèman Mical, fi a Saül la, lè ou vin wè mwen.”
14 David sent messengers to Ish-bosheth, Saul's son: "Give me my wife Michal, whom I betrothed to me for one hundred Philistine foreskins." Konsa, David te voye mesaje yo kote Isch-Boscheth, fis a Saül la, e te di: “Ban mwen madanm mwen Mical, avèk sila mwen te fiyanse pou yon santèn prepuce moun ki sòti nan Filisten yo.”
15 So Ish-bosheth sent and took her from her husband, Paltiel son of Laish. Isch-Boscheth te voye retire li de mari li, Paithiel, fis a Laïsch la.
16 Her husband went with her, weeping as he followed her to Bahurim. Then Abner told him, "Go back." So he returned. Men mari li te ale avèk li. Li t ap kriye pandan li t ap prale e te swiv li jis rive Bachurim. Epi Abner te di li: “Ale, retounen!” Konsa, li te retounen.
17 Abner spoke with Israel's elders: "You've long wanted David as king over you. Alò, Abner te fè konsiltasyon avèk ansyen Israël yo e te di: “Nan tan pase yo, nou te chache fè David vin wa sou nou.
18 Now act, for our Father promised David: 'By my servant David's hand I will save my people Israel from the Philistines and all their enemies.'" Alò konsa, annou fè l. Paske SENYÈ a te pale a David e te di: ‘Pa men a sèvitè Mwen an, David, Mwen va sove pèp Mwen an, Israël soti nan men a Filisten yo ak nan men a tout lènmi pa yo.’”
19 Abner also spoke to Benjamin, then went to Hebron to tell David all that Israel and the whole house of Benjamin had agreed to do. Abner osi te pale nan zòrèy a moun Benjamin yo. Anplis, Abner te ale fè rapò a David nan Hébron ke tout sa te parèt bon pou Israël, tout lakay Israël la ak a tout lakay Benjamin an.
20 When Abner came to David at Hebron with twenty men, David held a feast for Abner and his men. Alò, Abner avèk ven mesye avèk li te vin kote David nan Hébron. David te fè yon gwo fèt pou Abner avèk mesye ki te avèk li yo.
21 Abner told David, "Let me go gather all Israel to my lord the king, so they make a covenant with you and you reign over all your heart desires." So David sent Abner off, and he left in peace. Abner te di a David: “Kite mwen leve pou m ale rasanble tout Israël la kote mèt mwen an, wa a, pou yo kapab fè yon akò avèk ou e pou ou kapab devni wa sou tout sa ke nanm ou dezire yo.” Konsa, David te voye Abner ale e li te ale anpè.
22 Just then David's servants and Joab returned from a raid with much plunder. But Abner was not with David at Hebron, for David had sent him away, and he had gone in peace. Epi vwala, sèvitè a David yo avèk Joab te antre sòti nan yon atak piyaj e yo te pote anpil piyaj avèk yo. Men Abner pa t avèk David nan Hébron; paske li te voye li ale e li te sòti anpè.
23 When Joab and all his army arrived, he was told, "Abner son of Ner came to the king, who sent him off, and he left in peace." Lè Joab avèk tout lame ki te avèk li a te rive, yo te pale Joab e te di: “Abner, fis a Ner a te rive vè wa a, li te voye li ale e li te sòti anpè.”
24 So Joab went to the king: "What have you done? Abner came to you—why did you send him off, and now he's gone? Alò, Joab te vini vè wa a e te di: “Se kisa ou te fè la a? Gade, Abner te vin kote ou. Alò, poukisa ou te voye li ale sòti deja?
25 You know Abner son of Ner came to deceive you, to learn your movements and everything you're doing." Ou konnen Abner, fis a Ner a, ke li te antre pou twonpe ou, pou aprann jan ou sòti ak jan ou antre, pou dekouvri tout sa w ap fè.”
26 When Joab left David, he sent messengers after Abner, who brought him back from the well of Sirah. But David knew nothing. Lè Joab te sòti kote David, li te voye mesaje yo dèyè Abner. Yo te mennen li retounen soti nan pwi Sira a; men David pa t konnen.
27 When Abner returned to Hebron, Joab pulled him aside inside the gate as if to speak privately, and there stabbed him in the stomach. He died—for the blood of Joab's brother Asahel. Konsa, lè Abner te retounen Hébron, Joab te pran li akote mitan pòtay la, konsi, pou pale avèk li an prive, epi la, li te frennen li nan vant jiskaske li te mouri akoz san Asaël, frè li a.
28 Later, when David heard, he said, "I and my kingdom are forever innocent before our Father of the blood of Abner son of Ner. Apre, lè David te tande sa, li te di: “Mwen avèk wayòm mwen an inosan devan SENYÈ a jis pou tout tan sou afè san Abner a, fis a Ner a.
29 May it fall on Joab's head and all his father's house! May Joab's house never lack someone with a discharge or skin disease, who leans on a crutch, falls by the sword, or lacks food." Konsa, san sa a vin tonbe sou tèt Joab avèk tout lakay papa li. Epi pou ta genyen toujou lakay li yon moun ki gen ekoulman, oswa lalèp, oswa ki oblije mache ak baton, oswa ki tonbe pa nepe, oswa ki manke pen.”
30 So Joab and his brother Abishai killed Abner for killing their brother Asahel in the battle at Gibeon. Konsa, Joab avèk Abischaï te touye Abner akoz li te mete frè yo a lanmò nan batay Gabaon an.
31 David told Joab and all the people with him, "Tear your clothes, put on sackcloth, and mourn before Abner." King David walked behind the bier. Alò, David te di a Joab avèk tout moun ki te avèk li yo: “Chire rad nou e abiye nou an sak pou fè lamantasyon devan Abner.” Epi Wa David te mache dèyè sèkèy la.
32 They buried Abner in Hebron, and the king wept aloud at his grave, and all the people wept. Konsa, yo te antere Abner Hébron. Wa a te leve vwa li pou te kriye akote tonm Abner a, e tout moun te kriye.
33 The king sang this lament for Abner: "Should Abner have died as a fool dies? Wa a te chante yon lamantasyon pou Abner, e te di: “Èske Abner ta dwe mouri tankou yon moun fou ta mouri?
34 Your hands were not bound, your feet not set in chains. You fell as one falls before the wicked." And all the people wept over him again. Men ou pa t mare, ni pye ou pa t anchene. Tankou yon moun ki tonbe devan mechan yo, ou te tonbe.” Epi tout moun te kriye ankò sou li.
35 Then all the people came to urge David to eat something while it was still day, but David swore: "May our Father do so to me, and worse, if I taste bread or anything else before sunset!" Alò, tout pèp la te vini pou konvenk David manje pen pandan li te toujou nan lajounen, men David te fè ve e te di: “Ke Bondye fè m sa e menm plis, si mwen goute pen oswa nenpòt lòt bagay avan solèy la vin kouche.”
36 All the people noticed and were pleased; everything the king did pleased all the people. Alò, tout pèp la te remake afè sa a, e li te fè yo plezi, jis jan ke tout sa ke wa a te fè te fè tout pèp la plezi.
37 So that day all the people and all Israel knew the king had not willed the death of Abner son of Ner. Konsa, tout pèp la ak tout Israël te konprann nan jou sa a ke li pa t volonte a wa a pou mete Abner, fis a Ner a lanmò.
38 The king told his servants, "Don't you know a prince and a great man has fallen today in Israel? Epi wa a te pale ak sèvitè li yo: “Èske nou pa konnen ke yon prens, yon gran òm vin tonbe nan jou sa a an Israël?
39 Today, though the anointed king, I am weak, and these men, Zeruiah's sons, are too hard for me. May our Father repay the one who does evil for his evil." Mwen fèb jodi a, malgre m onksyone kòm wa. Mesye sila yo, fis a Tseruja yo twò difisil pou mwen! Ke SENYÈ a rekonpanse malfektè a selon mechanste li a.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]