Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Samuel 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Later, David inquired of our Father, "Should I go up to one of the cities of Judah?" Our Father said, "Go up." David said, "Where?" "Hebron," he said. Alò, li te vin rive apre, ke David te fè demand a SENYÈ a, e te di: “Èske Mwen dwe monte nan youn nan vil Juda yo?” Epi SENYÈ a te di li: “Monte!” Konsa David te di: “Se kibò pou m ta monte?” Epi Li te di: “Nan Hébron.”
2 David went up there with his two wives, Ahinoam of Jezreel and Abigail, Nabal the Carmelite's widow. Pou sa, David te monte la ansanm akde madanm li yo tou, Achinoam, Jizreyelit la, avèk Abigaïl, Kamelit la, fanm a Nabal la.
3 David brought up his men who were with him, each with his household, and they settled in Hebron's towns. Epi David te fè monte mesye ki te avèk li yo, yo chak avèk pwòp lakay pa yo, e yo te rete nan vil Hébron yo.
4 Then Judah's men came and anointed David king over Judah's house there. They told David that Jabesh-gilead's men had buried Saul. Alò, mesye Juda yo te parèt e se la, yo te onksyone David wa sou kay Juda a. Epi yo te pale David, e te di: “Se te mesye a Jabés Galaad ki te antere Saül yo.”
5 He sent messengers to the men of Jabesh-gilead: "May our Father bless you for this kindness to your lord Saul, burying him. David te voye mesaje yo bò kote mesye Jabés Galaad yo. Li te di yo: “Ke nou beni pa SENYÈ a akoz nou te montre bonte nou anvè Saül, mèt nou an, e nou te antere li.
6 Now may our Father show you kindness and faithfulness; I too will treat you well for doing this. Alò, ke SENYÈ a montre bonte avèk verite Li a nou menm. Konsa, mwen tou, mwen va montre nou bonte sa a akoz nou te fè bagay sa a.
7 Be strong and take courage, for your master Saul is dead, and Judah's house has also anointed me king over them." Pou sa, kite men nou rete fò e plen kouraj. Paske mèt nou an, Saül mouri e anplis, kay Juda a te onksyone mwen kòm wa sou yo menm”.
8 But Abner son of Ner, Saul's army commander, took Ish-bosheth son of Saul and brought him across to Mahanaim. Men Abner, fis a Ner a, te pran Isch-Boscheth, fis a Saül la e te mennen li antre Mahanaïm.
9 He made him king over Gilead, over the Ashurites, over Jezreel, over Ephraim, over Benjamin—over all Israel. Li te fè li wa sou Galaad, sou Gechouryen yo, sou Jizreel, sou Ephraïm ak sou Benjamin, menm sou tout Israël la.
10 Ish-bosheth son of Saul was forty when he became king over Israel; he reigned two years. But Judah's house followed David. Isch-Boscheth, fis a Saül la te gen karant ane lè l te devni wa sou Israël, e li te wa pandan dezan. Men, lakay Juda te swiv David.
11 David was king in Hebron over the house of Judah for seven years and six months. Fòs tan ke David te wa nan Hébron sou Juda a se te sèt ane avèk si mwa.
12 Abner son of Ner, with Ish-bosheth son of Saul's servants, left Mahanaim for Gibeon. Alò, Abner, fis a Ner a te sòti Mahanaïm kote Gabaon avèk sèvitè a Isch-Boscheth yo, fis a Saül la.
13 Joab son of Zeruiah and David's servants also went out and met them together at Gibeon's pool—one side sitting on one bank, the other on the opposite bank. Konsa, Joab, fis a Tseruja a avèk sèvitè a David yo te sòti pou rankontre yo akote sous Gabaon an. Yo te chita konsa, youn nan yon bò sous la e lòt la nan lòtbò sous la.
14 Abner said to Joab, "Let the young men get up and compete before us." Joab said, "Let them get up." Abner te di a Joab: “Alò, kite jennonm yo leve fè yon kou batay devan nou la a.” Joab te reponn: “Kite yo leve.”
15 So they got up and crossed over by count, twelve for Benjamin and Ish-bosheth son of Saul, twelve from David's servants. Konsa, yo te leve travèse ak kontwòl, douz pou Benjamin avèk Isch-Boscheth, fis a Saül yo e douz pou sèvitè a David yo.
16 Each man gripped his opponent's head and drove his sword into his side, and they fell together. So the place in Gibeon was named Helkath-hazzurim. Chak te sezi advèsè li nan tèt e te fonse nepe li nan akote advèsè li a; konsa, yo te tonbe atè ansanm. Pou sa, yo te rele plas sa a Helkath-Hatsurim chanm a lam nepe yo ki nan Gabaon.
17 The fighting that day was very fierce; Abner and Israel's men fell before David's servants. Nan jou sa a, batay la te trè sevè e Abner avèk mesye Israël yo te kale devan sèvitè David yo.
18 Zeruiah's three sons were there: Joab, Abishai, and Asahel—Asahel as fast-footed as a wild gazelle. Alò, twa fis a Tseruja yo te la, Joab avèk Abschaï avèk Asaël te vit sou pye yo tankou yon gazèl mawon nan chan.
19 He chased Abner, turning neither to the right nor to the left as he pursued him. Asaël te kouri dèyè Abner e pa t vire ni adwat ni agoch nan kouri dèyè Abner.
20 Abner looked back and said, "Is that you, Asahel?" "It is," he answered. Alò, Abner te gade dèyè li, e te di: “Èske se ou, Asaël?” Epi li te reponn: “Se mwen.”
21 Abner told him, "Turn right or left, seize one of the young men, take his gear." But Asahel refused to stop chasing him. Konsa, Abner te di li: “Vire vè adwat oswa agoch, pran youn nan jennonm yo pou kont ou e pran pou ou menm nan piyaj la.” Men Asaël pa t dakò pou vire pa swiv li.
22 Abner told Asahel again, "Turn back. Why force me to strike you down? How could I face your brother Joab?" Abner te repete ankò a Asaël: “Vire pa swiv mwen Poukisa mwen ta frape ou pou jiskaske ou rive atè? Konsa, kijan mwen ta kapab leve figi mwen a frè ou a, Joab?”
23 He refused to turn aside, so Abner struck him in the stomach with the butt of his spear; it came out through his back. He fell there and died on the spot. Everyone who came to where Asahel had fallen and died stood still. Sepandan, li te refize vire akote; pou sa, Abner te frape li nan vant avèk frenn li jiskaske li te parèt nan do li Epi li te tonbe la menm e te mouri sou lye a. Epi li te vin rive ke tout moun ki te vini kote Asaël te mouri an, te kanpe an plas.
24 Joab and Abishai pursued Abner; at sunset they reached the hill of Ammah, near Giah on the way to the wilderness of Gibeon. Men Joab avèk Abischaï te kouri dèyè Abner e pandan solèy la t ap bese, yo te rive nan ti mòn a Amma a, ki devan Guiach pa chemen dezè a Gabaon an.
25 Benjamin's men gathered behind Abner, formed one band, and stood atop a hill. Fis Benjamin yo te rasanble ansanm dèyè Abner e te devni yon sèl ekip; epi yo te kanpe sou tèt a yon sèten ti mòn.
26 Abner called to Joab: "Must the sword devour forever? Don't you know this will end bitterly? How long until you tell the people to turn back from chasing their brothers?" Alò, Abner te rele Joab e te di: “Èske epe a va devore tout tan? Èske ou pa konprann ke alafen, sa ap vin anmè? Pou konbyen de tan ou va refize di pèp la sispann kouri dèyè frè yo?”
27 Joab said, "As surely as our Father lives, if you had not spoken, the people would have kept pursuing their brothers until morning." Joab te di: “Jan Bondye viv la, si ou pa t pale; byensi, pèp la t ap kite sa maten an e chak moun t ap sispann swiv frè yo.”
28 Joab blew the trumpet; all the troops stopped, no longer pursuing Israel or fighting. Epi Joab te soufle twonpèt la. Konsa, tout pèp la te sispann e yo pa t kouri dèyè Israël ankò, ni yo pa t kontinye goumen ankò.
29 Abner and his men marched through the Arabah all that night, crossed the Jordan, went through all Bithron, and reached Mahanaim. Alò, Abner avèk mesye pa li yo te mache nan dezè Araba a tout nwit lan. Yo te travèse Jourdain an, yo te mache tout maten an pou te vini Mahanaïm.
30 Joab turned back from chasing Abner, gathered all the troops, and found nineteen of David's men missing, besides Asahel. Alò, Joab te retounen soti swiv Abner. Lè li te fin rasanble tout pèp la ansanm, diz-nèf nan sèvitè David yo anplis ke Asaël te manke.
31 But David's servants struck down 360 of the men of Benjamin who were with Abner. Men sèvitè David yo te touye anpil nan mesye Benjamin yo avèk Abner yo, jiskaske te rive twa-san-swasant moun te mouri.
32 They carried Asahel, buried him in his father's tomb in Bethlehem; Joab and his men walked all night, reaching Hebron by dawn. Yo te pran Asaël e te antere li nan tonm papa li ki te Bethléhem. Epi Joab avèk mesye pa l yo te ale tout nwit lan jiskaske li te vin fè jou kote Hébron.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]