Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Chronicles 18 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Now Jehoshaphat had great riches and honor, and he allied himself with Ahab by marriage. Alò Josaphat te gen gwo richès avèk lonè; epi li te fè alyans avèk Achab pa maryaj.
2 Some years later he went down to Ahab in Samaria, where Ahab slaughtered many sheep and oxen for him and for the people who were with him, urging him to attack Ramoth-gilead. Kèk ane pita, li te desann kote Achab Samarie. Konsa, Achab te touye anpil mouton avèk bèf pou li avèk moun ki te avèk li yo, e li te konvenk li monte kont Ramoth-Galaad.
3 Ahab king of Israel asked Jehoshaphat king of Judah, "Will you go with me to Ramoth-gilead?" He answered, "I am as you are, my people as yours; we join you in the war." Achab, wa Israël la, te di a Josaphat, wa Juda a: “Èske ou va monte avèk mwen kont Ramoth-Galaad?” Konsa, li te di li: “Mwen tankou ou menm e pèp mwen an tankou pèp pa w la, nou avèk ou nan batay la.”
4 But Jehoshaphat said to the king of Israel, "First seek the word of our Father." Anplis, Josaphat te di a wa Israël la: “Souple, fè ankèt avan pou pawòl SENYÈ a.”
5 So the king of Israel gathered the prophets, 400 men, and asked them, "Will we go to Ramoth-gilead for battle, or hold back?" They said, "Go up, for God will hand it over to the king." Epi wa Israël la te rasanble tout pwofèt yo, kat-san mesye. Li te di yo: “Èske nou dwe monte kont Ramoth-Galaad pou batay, oswa èske mwen dwe fè bak?” Epi yo te reponn: “Ale monte, paske Bondye va livre li nan men a wa a.”
6 But Jehoshaphat said, "Is there not still a prophet of our Father here whom we can consult?" Men Josaphat te di: “Èske pa gen toujou yon pwofèt SENYÈ a pou nou kab mande sa?”
7 Israel's king told Jehoshaphat, "One man remains through whom we can ask our Father, but I hate him—he never prophesies good about me, only bad. He is Micaiah son of Imlah." Jehoshaphat replied, "The king shouldn't say that." Wa Israël la te di a Josaphat: “Gen youn toujou ke nou kab fè demann a SENYÈ a, men mwen rayi li, paske li pa janm pwofetize sa ki bon pou mwen, men toujou, mal. Li se Michée, fis Jimla a.” Men Josaphat te di: “Pa kite wa a pale konsa.”
8 Then the king of Israel summoned an officer and said, "Bring Micaiah son of Imlah quickly." Konsa, wa Israël la te rele yon ofisye e te di: “Fè vit, mennen Michée, fis Jimla a.”
9 The king of Israel and Jehoshaphat king of Judah sat each on his throne, dressed in robes, on the threshing floor at the entrance of Samaria's gate, with all the prophets prophesying before them. Alò, wa Israël la avèk Josaphat, wa Juda a te chita yo chak sou twòn yo, abiye ak manto yo. Yo te chita kote glasi vannen an nan antre pòtay Samarie a, epi tout pwofèt yo t ap pwofetize devan yo.
10 Zedekiah son of Chenaanah made iron horns and said, "God says: 'With these you will gore the Arameans until they are destroyed.'" Sédécias, fis a Kenaana a, te fè kòn an fè pou kont li. Li te di: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Avèk sila yo, ou va frennen Siryen yo, jiskaske yo fin detwi nèt.’”
11 All the prophets prophesied the same, saying: "Go up to Ramoth-gilead and win; our Father will hand it to the king." Tout pwofèt yo t ap pwofetize konsa. Yo t ap di: “Ale monte Ramoth-Galaad e reyisi, paske SENYÈ a va livre li nan men a wa a.”
12 The messenger sent to summon Micaiah told him, "The prophets' words all favor the king. Let yours match theirs—speak favorably." Konsa, mesaje ki te ale fè demand prezans Michée a te pale avèk li. Li te di: “Gade byen, pawòl a pwofèt yo favorab nèt pou wa a. Konsa, souple, kite pawòl ou fèt tankou pa yo a e pale anfavè li.”
13 But Micaiah said, "As surely as our Father lives, I will say only what my Father says." Men Michée te di: “Jan SENYÈ a viv la, sa ke Bondye mwen an di, se sa mwen va pale.”
14 When he came, the king said, "Micaiah, will we go to battle at Ramoth-gilead, or will I hold back?" He said, "Go up and win; they'll be handed to you." Lè li te rive kote wa a, wa a te di li: “Michée, èske nou dwe monte Ramoth-Galaad pou batay la, oswa èske mwen dwe fè bak?” Li te di: “Ale monte e reyisi, paske yo va livre nan men ou.”
15 But the king said to him, "How many times must I make you swear to tell me only the truth in the name of our Father?" Epi wa a te di li: “Konbyen fwa mwen oblije fè demann ke ou pa pale anyen sof ke laverite nan non SENYÈ a?”
16 Micaiah said, "I saw all Israel scattered on the mountains, like sheep without a shepherd. And our Father said, 'They have no master; let each return home in peace.'" Konsa, li te reponn: “Mwen te wè tout Israël gaye sou mòn yo tankou mouton ki pa t gen bèje. Konsa, SENYÈ a te di: ‘Sila yo pa gen mèt. Kite yo chak retounen lakay yo anpè.’”
17 Israel's king said to Jehoshaphat, "Didn't I tell you he'd prophesy nothing good about me, only evil?" Wa Israël la te di a Josaphat: “Èske mwen pa t di ou ke li pa t pwofetize sa ki bon pou mwen, men sa ki mal?”
18 Micaiah said, "Then hear the word of our Father: I saw our Father seated on his throne, all heaven's armies standing at his right and left. Michée te di: “Pou sa, tande pawòl SENYÈ a: Mwen te wè SENYÈ a ki te chita sou twòn li an ak tout lame syèl la ki te kanpe adwat Li ak agoch Li.
19 And our Father said, 'Who will entice Ahab king of Israel to go up and fall at Ramoth-gilead?' One said this, another that. SENYÈ a te di: ‘Kilès k ap sedwi Achab, wa Israël la, pou monte tonbe Ramoth-Galaad?’ Epi youn te di sa, pandan yon lòt te di yon lòt bagay.
20 A spirit came forward, stood before our Father, and said, 'I will entice him.' And our Father asked him, 'How?' Alò, yon lespri te parèt e te kanpe devan SENYÈ a. Li te di: Mwen va sedwi li.’” “Epi SENYÈ a te di: ‘Kijan’?
21 He said, 'I will go out and be a lying spirit in the mouth of all his prophets.' Then our Father said, 'You will lure him and also prevail. Go out and do so.' “Li te reponn: ‘Mwen va ale fè l tankou yon lespri manti nan bouch a tout pwofèt li yo.’ “Epi Li te di: ‘Ou dwe sedwi li e genyen li tou. Ale fè sa.’
22 So now, our Father has put a lying spirit in the mouth of these prophets of yours, and our Father has declared disaster against you." “Alò, pou sa, gade byen, SENYÈ a te mete yon lespri manti nan bouch a sila yo, pwofèt ou yo, paske SENYÈ a te pwoklame dega kont ou.”
23 Then Zedekiah son of Chenaanah came up, struck Micaiah on the cheek, and said, "Which way did the Spirit of God go from me to speak to you?" Konsa, Sédécias, fis a Kenaana a, te pwoche. Li te frape Michée sou machwè l e te di: “Ki kote chemen Lespri SENYÈ a te fè kite mwen pou pale avè w?”
24 Micaiah said, "You'll see it that day when you go into an inner room to hide." Michée te di: “Gade byen, nan jou ke ou antre nan chanm anndan pou kache kò ou la, ou va wè sa.”
25 The king of Israel said, "Take Micaiah back to Amon the city governor and to Joash the king's son, Alò, wa Israël la te di: “Pran Michée e fè l retounen kote Amon, majistra vil la ak Joas, fis a wa a.
26 and say, 'The king says: Put this man in prison on meager rations of bread and water until I return safely.'" Di yo: ‘Konsa pale wa a: “Mete nonm sila a nan prizon a, e ba li tikras pen ak dlo jiskaske m retounen anpè.”’”
27 Micaiah said, "If you ever return safely, our Father has not spoken through me." Then he said, "Listen, all you people!" Michée te di: “Si, anverite, ou ta retounen anpè, SENYÈ a pa t vrèman pale avèk mwen.” Li te di: “Koute byen, tout pèp yo!”
28 So the king of Israel and Jehoshaphat king of Judah went up to Ramoth-gilead. Konsa, wa Israël avèk Josaphat, wa Juda a, te monte kont Ramoth-Galaad.
29 The king of Israel said to Jehoshaphat, "I will disguise myself and go into battle, but you wear your robes." So the king of Israel disguised himself, and they went into battle. Wa Israël la te di a Josaphat: “Mwen va kache idantite mwen pou antre nan batay la, e ou menm, mete pwòp manto ou.” Konsa, wa Israël la te kache idantite li, e yo te antre nan batay la.
30 The king of Aram had ordered his chariot captains, "Fight no one, small or great, but only the king of Israel." Alò, wa Syrie a te kòmande chèf a cha li yo. Li te di: “Pa goumen avèk piti ni gran, men avèk wa Israël la sèlman.”
31 When the chariot captains saw Jehoshaphat, they said, "That is Israel's king," and turned to fight him. But Jehoshaphat cried out, and our Father helped him, drawing them away from him. Pou sa, lè chèf a cha yo te wè Josaphat, yo te di: “Li se wa Israël la,” e yo te vire akote pou goumen kont li. Men Josaphat te kriye anmwey, e SENYÈ a te fè l sekou. Bondye te angaje yo pou yo te kite l.
32 When the chariot captains saw he was not Israel's king, they stopped chasing him. Lè chèf cha yo te wè ke se pa t wa Israël la, yo te retounen pa swiv li.
33 A man drew his bow at random and struck the king of Israel between the joints of his armor. He told his chariot driver, "Turn around and get me out of the fighting; I'm wounded." Yon sèten nonm te rale banza li pa aza, e te frape wa Israël la nan yon kwen nan pwotèj kò a. Konsa, li te pale a chofè cha a: “Vire tounen e fè m sòti nan batay la, paske mwen blese byen grav.”
34 The battle raged that day. Israel's king was held up in his chariot facing the Arameans until evening, then died at sunset. Batay la te chofe byen rèd tout jounen an e wa Israël te fòse pou l te kab kanpe nan cha li a devan Siryen yo jis rive nan aswè; epi nan kouche solèy la, li te mouri.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]